Lyawona
Limyè Nou nan Dezè a
Janvye 2024


“Limyè Nou nan Dezè a,” Lyawona, Jan. 2024.

Mesaj Mansyèl Lyawona, Janvye 2024

Limyè Nou nan Dezè a

Moun ki li Liv Mòmon an avèk senserite, ki viv daprè enstriksyon l yo epi ki priye pou verite l yo ap santi prezans Sentespri a epi y ap ogmante lafwa yo ak temwayaj yo sou Sovè a.

Imaj
frè Jarèd la ak wòch kristal yo

Imaj frè Jarèd la ak wòch kristal yo daprè Normandy Poulter

Depi lè m te jèn ti gason, mwen te gen yon temwayaj sou Liv Mòmon an. Mwen te santi m atire espesyalman pa istwa frè Jarèd la ak pèp li a nan vwayaj yo pou yo t ale nan “yon tè pwomiz” la (Etè 2:9).

Lè l te fè fas ak pwojè vwayaje nan bato san limyè a, frè Jarèd la te mande: “Gade, O, Senyè, èske w ap kite nou travèse gwo dlo sa a nan fènwa?” An repons, Senyè a te di frè Jarèd la: “Ki sa w vle m fè pou w kapab gen limyè nan bato w yo?” (Etè 2:22, 23).

Frè Jarèd la te konnen Senyè a te gen tout pouvwa. Li te konnen Senyè a sete sous tout limyè. Li te konnen Senyè a te pase pèp li a lòd pou yo rele Li nan moman yo bezwen. Konsa, pandan li te egzèse lafwa li nan Senyè a, frè Jarèd la te prepare 16 ti wòch. Nou sonje apre sa ke li te mande Senyè a pou L te touche wòch yo avèk dwèt Li, “pou yo kapab klere nan fènwa a” (Etè 3:4).

Imaj Senyè a k ap touche wòch sa yo grave nan lespri m depi lè m premye li istwa sa a. Mwen kapab wè sèn sa a tankou l ap pase devan zye m. Petèt se paske imaj limyè a ki chase imaj fènwa a parèt reyèl pou mwen.

Lè m pa santi prezans Sentespri a, lè m yon ti jan elwaye de prezans Lespri Senyè a, mwen santi fènwa a. Men, lè m li Liv Mòmon an, limyè a retounen. Liv Mòmon an reprezante pou mwen yon wòch kristal Senyè a te touche. Li klere pakou lavi mwen.

Yon Limyè pou Pou Tout Tan

Menmjan avèk moun sa yo sa men Senyè a te mennen nan ansyen Amerik yo, nou tout fè fas ak tanpèt epi ak jou fènwa pandan vwayaj nou pou n ale nan tè pwomiz egzaltasyon an. Men, Senyè a ap fè pou nou sa Li te fè pou Jaredit yo ak Nefit yo. L ap gide nou epi l ap klere chimen nou—si nou obeyi Li, si nou egzèse lafwa nan Li, ak si nou mande Li èd.

Senyè a te di Nefi: “M ap tounen limyè nou nan dezè a; e m ap prepare chemen an devan nou, si nou respekte kòmandman m yo; se poutèt sa, si nou respekte kòmandman m yo, m ap dirije nou nan direksyon tè pwomiz la; e n ap konnen se mwen ki dirije nou” (1 Nefi 17:13).

Senyè a te di frè Nefi a, Jakòb: “M ap tounen yon limyè pou tout tan pou moun ki koute pawòl mwen yo” (2 Nefi 10:14).

Apwopo Sovè a, pwofèt Abinadi te temwaye, “Li se limyè ak lavi mond lan; wi, yon limyè ki p ap janm fini, ki p ap janm etenn” (Mozya 16:9).

Apwopo Limenm, Sovè a te temwaye, “M se limyè ak lavi mond lan.” Li te ajoute, “Gade, m se limyè a; m te tabli yon egzanp pou nou.”(3 Nefi 9:18; 18:16).

Imaj
Prezidan Russell M. Nelson k ap mache

Santi Limyè a

Mwen renmen pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson. Mwen gen benediksyon pou m ap sèvi bò kote li. Lè li mache rantre nan yon sal, ou santi sal sa a vin imedyatman pi klere. Li pote Limyè Kris la ansanm avèk li.

Limyè Kris la reyèl. Li “se enèji, pouvwa, oswa enfliyans diven ki soti nan Bondye atravè Kris la epi ki bay lavi ak limyè nan tout bagay.” Sa se yon don espirityèl presye ki ka mennen pitit Bondye yo al jwenn Sentespri a ak levanjil Jezikri a.1 Li Liv Mòmon an fè Limyè sa a klere pi fò.

Pafwa, nou bezwen gade nan sa k pase nan lavi nou pou nou ka sonje kijan nou te jwenn èd nan vwayaj nou an. Pandan n ap gade nan pase nou, nou kapab santi enfliyans Sovè a ankò. Lè ekriti yo di, “Sonje, sonje” a (Elaman 5:12), mwen panse ke y ap di nou, “Pa jis sonje sa w te konnen oswa sa w te santi yon fwa a; men pito, santi limyè sa a ankò.”

Pou kèk moun, santi limyè espirityèl la vini fasil. Pou lòt, limyè espirityèl la kapab difisil pou santi akoz konba pèsonèl oswa distraksyon lemond. Men, si nou fidèl, limyè a ap vini—pafwa nan fason nou pa atann.

Prezidan Nelson, ki te konseye nou pou nou “etidye Liv Mòmon an nan lapriyè chak jou,”2 te pataje plizyè fason Liv Mòmon an kapab fè nou vin pi pre Sovè a epi ede nou santi limyè levanjil la, konprann verite ki nan levanjil yo, ak viv ansèyman levanjil yo.

Pandan n ap li Liv Mòmon an, Prezidan Nelson te di, konpreyansyon nou, ak apresyasyon nou pou Ekspyasyon Jezikri ap fè nou grandi.

N ap santi yon dezi pou nou “nedenouvo (fèt ankò)” (Mozya 27:25) pandan liv la ap ede nou fè eksperyans yon chanjman nan kè nou (gade Mozya 5:2).

Pandan n ap li ak etidye ansèyman Liv Mòmon an sou rasanbleman Izrayèl la, n ap santi dezi nou ogmante pou nou chèche moun ki mouri nou yo, epi akonpli òdonans sali a ak egzaltasyon pou yo nan tanp.

N ap santi limyè a pandan n ap jwenn repons pou kesyon nou yo, gidans lè n ap pran desizyon, ak fòs pou nou repanti epi fè fas ak mal.

Epi pandan n ap li verite yo nou jwenn nan Liv Mòmon an, n ap santi nou geri, rekonfòte, restore, sekour, jwenn fòs, konsole ak gen kontantman nan nanm nou.3

“O konsa, èske sa pa reyèl?” Alma te poze kesyon sou semans verite, konesans ak temwayaj ki te devlope ak jèmen. “M di nou, Wi, paske se limyè; epi nenpòt sa ki limyè, li bon, paske ou kapab distenge l, se poutèt sa nou dwe konnen li bon” (Alma 32:35).

Imaj
pòtrè Jezikri

Foto Kris la, pa Heinrich Hofmann

Jwenn Sovè a nan Fènwa

Lè zanmi mwen Kamryn te gen 10 lane, li te atrape yon maladi zye ki ra, men ki pèmanan e ki te enfekte kòne zye dwat li.4 Nan epòk sa a, lè doulè ki mache avèk maladi a te vin konstan ak ensipòtab, Kamryn pa t kapab sipòte okenn limyè. Paran l, ki te enkyè paske li te ka vin avèg, te nwasi fènèt chanm li an pou te eseye fè l santi l konfòtab. Manman Kamryn, Janna, raple li:

“Anviwon kat mwa apre dyagnostik li, mwen te mache rantre nan chanm fènwa l la. Pandan zye m adapte ak fènwa a, m te kapab wè Kamryn kouche fè yon boul sou kabann li. Li te sitèlman gen doulè ke li pa t bouje, ni menm kriye lè l te tande m antre nan chanm man. Li te jis alonje la a avèk toulède je l fèmen ak anfle.

“Mwen te ajenou bò kabann nan, mwen te pran men l nan men m, mwen te sere l twa fwa—kòd sekrè nou pou nou di ‘mwen renmen ou.’ Nan tan nòmal, li t ap sere pa m nan kat fwa tou pou l te di ‘mwen renmen w plis’, men li pa t reyaji. Li te gen twòp doulè. Avèk dlo zye m ki t ap koule sou figi m, mwen te gade pitit fi 10 lane m nan, ki te sitèlman vanyan anvan sa a, ki te woule tankou yon boul. Kè m te brize.”

Janna te fè yon priyè sensè, an silans.

“Mwen te di Papa nou ki nan Syèl la ke m te konnen ke Li te konnen pi byen, men m te priye, ‘Tanpri ede li.’ Pandan m te chita la a ap priye, yon vag chalè te anvayi mwen. Mwen te santi m kalm pandan yon panse sou Sovè a, Jezikri, te vini nan lespri m: ‘Li se limyè a. Chèche Li nan fènwa a.’”

Janna te leve tèt li anlè epi li t ap di tou ba nan zòrèy Kamryn: “Ou dwe jwenn Sovè a nan fènwa a.”

Apre sa, Kamryn te dòmi pandan l t ap koute kantik ak ekriti sou aplikasyon bibliyotèk Legliz la.

Imaj
yon tifi ki mete yon kach-zye

Lè enfeksyon nan zye l la entansifye, Kamryn jwenn Sovè a nan fènwa a.

Foto koutwazi fanmi Kamryn

Maladi Kamryn nan an somèy pifò tan an, men lè soufrans lan rekòmanse, Janna ak mari li, Darrin, rekonfòte li epi yo mete dra sou fenèt nan chanm li an. Pandan moman doulè sa yo, Kamryn di: “mwen jis chèche jwenn Sovè a nan fènwa a.”5

Lè lavi a parèt tankou “yon dezè fènwa ki dezole” (1 Nefi 8:4), nou ka bezwen jwenn Sovè a nan fènwa a tou. Mwen temwaye ke Liv Mòmon an, ansanm avèk temwayaj li ke “Jezi se Kris la, Bondye Etènèl la,”6 ap mennen nou al jwenn Li. Mwen konnen ke moun ki li Liv Mòmon an sensèman, ki viv selon presèp li yo, epi ki priye osijè verasite l yo ap santi prezans Sentespri a epi y ap ogmante lafwa yo, ak temwayaj yo nan Sovè a.

Ke nou montre gratitid pou liv “ki pi kòrèk”7 sa a nan li l, apresye li, epi itilize li pou nou ranfòse lafwa nou ak lafwa lòt moun nan Limyè Mond lan.