Mesaj Vizit nan fwaye, Out 2017
Viv yon lavi konsakre
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche enspirasyon pou w ka konnen kisa pou w pataje. Kijan konprann bi Sosyete Sekou a ap prepare pitit fi Bondye yo pou benediksyon lavi etènèl yo?
Lafwa, Fanmi, Sekou
Èldè D. Todd Christofferson nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Konsakre vle di mete apa oswa dedye yon bagay kòm sakre, konsakre pou bi sen.” “Vrè siksè nan vi sa a vini lè nou konsakre lavi nou – sa vle di tan nou ak chwa nou yo – pou bi Bondye.”1
Èldè Neal A. Maxwell (1926–2004) nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Nou gen tandans pou nou panse a konsekrasyon sèlman kòm abandone byen materyèl nou yo, lè nou resevwa enstriksyon diven pou nou fè sa. Men konsekrasyon final la vledi abandone tèt nou bay Bondye.”2
Lè nou konsakre tèt nou pou bi Bondye yo, lafwa nou nan Jezikri ak nan Sakrifis Ekspyatwa L la ap ogmante. Lè nou viv yon lavi konsakre, nou kapab vin sen gras ak aksyon sa yo.
Carole M. Stephens, Premyè Konseyè nan Prezidans Sosyete Sekou a, te di: “Èldè Robert D. Hales te anseye: ‘Lè nou fè alyans epi nou respekte yo, nou soti nan mond lan epi nou antre nan wayòm Bondye a.”
“Nou chanje. Nou parèt diferan, epi nou aji diferan. Bagay nou koute, sa nou li ak sa nou di diferan, epi rad nou mete diferan paske nou vin tounen pitit fi Bondye ki lye avèk Li pa alyans.”3
Konsekrasyon se alyans Bondye fè “avèk kay Izrayèl la; Apre jou sa yo, Se Senyè a menm ki di sa, M ap ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m ’ap ekri l nan kè yo; epi M ap vin tounen Bondye yo, epi y’a tounen pèp mwen” (Jeremi 31:33). Viv yon lavi konsakre se yon bagay ki an amoni avèk plan Bondye pou nou.
Ekriti adisyonèl
1 Tesalonisyen 1:3; Doktrin ak Alyans 105:5;
© 2017 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/17. Apwobasyon tradiksyon: 6/17. Tradiksyon Visiting Teaching Message, August 2017. Haitian Creole 97928 036