2017
Aple nan travay la
June 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Jen 2017

Aple nan travay la

Imaj
Prezidan Thomas S. Monson

Lè Pwofèt Joseph Smith te aple Èldè Heber C. Kimball (1801–68) pou “ouvri pòt sali a” kòm misyonè an Angletè, Èldè Kimball te santi l pa t alawotè ditou.

Li te ekri: “O, Senyè,” “M se yon moun ki bege, epi m pa santi m alawotè yon travay konsa.”

Men, Èldè Kimball te aksepte apèl la kanmèm, li te di: “Konsiderasyon sa yo pa t anpeche m suiv chemen devwa a; nan moman m te konprann volonte Pè Selès la, m te santi yon detèminasyon pou m te ale kèlkeswa sikonstans yo, avèk kwayans ke Li t ap ban m sipò pa pouvwa toupuisan Li, epi Li t ap ban m tout kalifkasyon m te bezwen yo.”1

Jèn sè m ak frè m yo ki aple pou travay kòm misyonè aplentan yo, nou aple nan travay la paske, menmjan ak Èldè Kimball, nou “gen dezi pou n sèvi Bondye” (D&A 4:3) epi paske nou pare epi nou diy.

Koup misyonè aje yo, nou aple nan travay la pou menm rezon yo tou. Sepandan, non sèlman noumenm nou pote yon dezi pou sèvi men nou pote sajès nou tou, ke nou akeri atravè sakrifis, lanmou, ak eksperyans ke Pè Selès la kapab itilize pou touche kè pitit gason ak pitit fi L yo k ap chèche laverite yo. Asireman nou vin rekonèt ke nou pa p janm ka vrèman renmen Senyè a pazavan nou sèvi Li nan sèvi lòt moun.

Sou dezi nou pou sèvi kòm misyonè a, n ap ajoute lafwa ak fèmte, kouraj ak konfyans, rezolisyon ak fleksibilite, detèminasyon ak devouman. Misyonè ki devwe yo kapab reyalize mirak nan chan misyon an.

Prezidan John Taylor (1808–87) te rezime kalite esansyèl misyonè yo bezwen yo nan fason sa a: “Kalite gason [ak fi ak koup] nou vle pou pote mesaj levanjil sa a se gason ki gen lafwa nan Bondye; gason ki gen lafwa nan relijyon yo; gason ki onore prètriz yo detni an; gason ke … Bondye fè konfyans. … Nou vle gason ki ranpli ak Sentespri a ak pouvwa Bondye[,] … gason ki gen lonè, entegrite, vèti, ak pite.”2

Senyè a te deklare:

“Paske gade, jaden an deja mi pou rekòlte; epi gade, yon moun ki manche kouto digo l avèk pouvwa l, moun sa a fe entansyon pou l pa peri, men, li pote sali pou nanm li;

“Epi lafwa, lesperans, charite ak lanmou, nan yon sèl entansyon pou laglwa Bondye, kalifye l pou travay la” (D&A 4:4–5).

Apèl nou an vini pa enspirasyon. Mwen temwaye ke, moun Bondye aple, Bondye kalifye yo. N ap resevwa èd syèl la si nou travay nan jaden Senyè a nan yon espri lapriyè.

Bèl pwomès Senyè a te bay premye misyonè yo nan dispansasyon sa a, jan l ye nan Doktrin ak Alyans yo, se menm pwomès sa a li fè nou tou: “M prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (D&A 84:88).

Pandan n ap sèvi a, n ap fòje bèl souvni ak amitye etènèl. Mwen pa konn okenn lòt domèn travay ki pwodui yon mwason bonè ki pi abondan pase chan misyon an.

Kounyeya, yon mo pou èldè, sè, ak koup, ki, pou kèlkeswa rezon an, gen dwa pa ka akonpli tan yo asiyen yo nan chan misyon an. Senyè a renmen nou. Li apresye sakrifis nou an. Li konnen desepsyon nou. M vle nou konnen ke li toujou gen yon travay pou nou. Pa kite Satan di nou otreman. Pa dezole; pa dekouraje; pa dezespere.

Jan m te di nan yon diskou konferans tousuit apre yo te aple m pou m dirije Legliz la: “Pa pè. Fè kè nou kontan. Fiti a osi briyan ke lafwa nou.”3 Pwomès sa a toujou vrè pou nou. Konsa, pa pèdi lafwa nou, paske Senyè a pa pèdi lafwa nan nou. Kenbe alyans nou yo epi avanse.

Mond lan bezwen levanjil Jezikri a. Se pou Senyè a beni tout Sen L yo—kèlkeswa kote y ap sèvi—avèk yon kè misyonè.

Nòt

  1. Heber C. Kimball, nan Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball, 3zyèm ed. (1967), 104.

  2. Enseignements des Présidents de l’Église: John Taylor (2001), 73.

  3. Thomas S. Monson, “Be of Good Cheer,” Liahona, Me 2009, 92.