2016
Se Bondye ki òdone fanmi
oktòb 2016


Mesaj vizit nan fwaye, Oktòb 2016

Se Bondye ki òdone fanmi

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou w pataje. Kijan konpreyansyon sou “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan“ ka ogmante lafwa nou nan Bondye epi beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye yo? Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Carole M. Stephens, Premyè Konseyè nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a te di, “Nan pawòl [chan Primè a], ‘The Family Is of God,’ …(Fanmi sot nan Bondye a), yo raple nou doktrin ki pi a.” “Nou aprann non sèlman ke se Bondye ki òdone fanmi men, nou chak fè pati fanmi Bondye a tou. …

“… Plan Papa a pou pitit li yo se yon plan lanmou. Se yon plan pou ini pitit li yo—fanmi li—avèk li.”1

Èldè L. Tom Perry (1922–2015) nan Kolèj Douz Apot yo te di, “Epitou nou kwè ke fanmi tradisyonèl solid yo se non sèlman inite debaz yon sosyete solid, ak yon ekonomi solid, ak yon kilti solid ki baze sou valè moral—men, yo se inite debaz letènite ak wayòm ak gouvènman Bondye a tou.

“Nou kwè ke òganizasyon ak gouvènman syèl la pral bati otou fanmi yo, fanmi pwòch ak fanmi elaji yo.”2

Bonnie L. Oscarson, Prezidant Jeneral Jènfi yo te di, “Kèlkeswa sikonstans marital yo oubyen kantite timoun yo genyen, tout moun kapab defann plan Senyè a ki dekri nan pwoklamasyon sou fanmi an.“ “Si sa se plan Senyè a l ye, li ta dwe plan pa nou tou!“3

Ekriti adisyonèl

Doktrin ak Alyans 2:1–3; 132:19

Doktrin Fanmi an

Sè Julie B. Beck, ansyèn Prezidant Jeneral Sosyete Sekou, te anseye ke, teyoloji fanmi an baze sou Kreyasyon an, ak Chit la, ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a:

“Kreyasyon tè a bay yon kote pou fanmi yo ka viv. Bondye te kreye yon gason ak yon fi ki sete de mwatye esansyèl yon fanmi. Se te yon pati nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou Adan ak Ev te sele ansanm pou yo te fòme yon fanmi etènèl.

“… Chit la te rann posib pou Adan ak Ev te fè pitit gason ak fi.

“Sakrifis [Kris la] pèmèt pou fanmi yo sele ansanm pou letènite. Sa pèmèt fanmi yo gen kwasans ak pèfeksyon etènèl. Plan bonè a, ki rele plan sali a tou, se yon plan ki te kreye pou fanmi. …

“… Sa sete doktrin Kris la. …San fanmi, pa gen plan; pa gen okenn rezon pou lavi nan mòtalite a.”4

Nòt

  1. Carole M. Stephens, “The Family Is of God,” Liahona, 11 Me 2015.

  2. L. Tom Perry, “Why Marriage and Family Matter—Everywhere in the World,” Liahona, Me 2015, 41.

  3. Bonnie L. Oscarson, “Defenders of the Family Proclamation,” Liahona, Me 2015, 15.

  4. Julie B. Beck, “Teaching the Doctrine of the Family,” Liahona, Mas. 2011, 32, 34.

Konsidere bagay sa a

Poukisa fanmi an se inite ki pi enpòtan nan letan ak nan letènite?