Mesaj vizit nan fwaye, Mas 2013
Aktivasyon
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou. Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.
Lafwa, Fanmi, Sekou
Pwofèt nou, Prezidan Thomas S. Monson, ankouraje nou pou nou “longe lamen pou pote sekou bay moun ki bezwen èd nou epi elve yo jwenn pi bon wout ak pi bon fason. … Se travay Senyè a, epi lè nou nan travay Senyè a, …. nou gen dwa a èd Senyè a.”1
Sa gen kèk ane LaVene Call ak konpay vizit nan fwaye li t al vizite yon sè inaktiv. Yo te frape nan pòt la epi yo te wè yon jèn manman abiye an moumou. Li te parèt malad, men yo te vit reyalize ke pwoblèm ni sete alkòl. Enstriktris nan fwaye yo te chita avèk jèn manman k t ap lite sa a epi yo te pale avèk li.
Lè yo te fin ale, yo te di: “Li se yon pitit Bondye. Nou gen responsablite pou nou ede li.” Konsa, yo te vizite l souvan. Chak fwa, yo te ka wè ak santi yon bon chanjman nan li. Yo te mande l pou l te vini nan Sosyete Sekou. Malgre l te ezite dabò, li te finalman vini regilyèman. Avèk ankourajman, li menm ak mari li ak yon pitit fi yo te vini legliz. Mari a te santi Sentespri a. Li te di: “Mwen pral fè sa evèk la sigjere yo.” Kounyeya yo aktif nan Legliz la e yo gentan sele nan tanp.2
Apati Ekriti yo
Apati Istwa Nou
Ede moun ki egare yo retounen nan levanjil Jezikri a te toujou fè pati travay yon Sen Dènye Jou ak yon manm Sosyete Sekou. Prezidan Brigham Young (1801–77) te di: “Se pou nou gen konpasyon youn pou lòt, … epi se pou moun ki ka wè yo gide sa ki avèg yo jiskaske yo ka wè poukont yo.”3
Eliza R. Snow, dezyèm prezidant jeneral Sosyete Sekou a, te grandman rekonèt efò sè yo t ap fè nan Ogden, Utah, Etazini, pou youn te fòtifye lòt. Li te di: “Mwen konsyan ke gen yon gwo kantite bagay ki fèt [an tèm sèvis] ki pa janm ekri nan liv [rejis] yo.” Men li te rekonèt ke te gen yon rejis yo te kenbe nan syèl la pou travay sè yo te fè nan lonje lamen bay moun ki te refwadi yo, li te di: “Prezidan Joseph Smith te di sosyete sa a te òganize pou sove nanm. . … Gen yon lòt liv yo kenbe sou lafwa nou, bonte nou, bon zèv nou, ak pawòl nou. … Anyen pa pèdi.”4
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon Visiting Teaching Message, March 2013. Haitian Creole. 10663 036
Kisa M Ka Fè?
-
Èske m gen konfyans pou m mande yon sè inaktive pou vini nan yon reyinyon Sosyete Sekou avèk mwen?
-
Èske sè m ap vizite yo santi yo konfòtab pou poze m kesyon sou levanjil la?