Mesaj vizit nan fwaye, Fevriye 2013
Konvèti nan Senyè a
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Lafwa, Fanmi, Sekou
Nouvo sè yo nan Legliz la—enkli Jènfi ki ap antre nan Sosyete Sekou yo, sè k ap retounen aktiv yo, ak nouvo konvèti yo—bezwen sipò ak amitye enstriktris nan fwaye yo. Èldè M. Russell Ballard nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Angajman manm yo enpòtan pou retansyon konvèti a ak pou mennen manm inaktif yo retounen vin totalman aktif. Kapte vizyon ke Sosyete Sekou a … kapab vin [youn nan] resous fratènizasyon ki pi puisan nou genyen nan Legliz la. Byen vit, lonje lamen bay moun yo anseye ak reyaktive yo, epi fè yo santi ou renmen yo nan legliz la atravè òganizasyon w la.”1
Antanke manm Sosyete Sekou, nou ka ede nouvo manm yo aprann pratik debaz legliz yo, tankou:
-
Fè yon diskou.
-
Rann temwayaj.
-
Viv lwa jèn nan.
-
Peye dim ak ofrann jèn.
-
Patisipe nan travay istwa familyal.
-
Akonpli batèm ak konfimasyon pou zansèt ki deja mouri yo.
Èldè Ballard di: “Sa mande zanmi atantif pou fè nouvo manm yo santi yo konfòtab ak byenveni nan legliz la.”2 Nou tout, men espesyalman enstriktris nan fwaye yo, gen responsablite enpòtan pou etabli amitye avèk nouvo manm yo kòm yon mwayen pou ede yo vin solidman “konvèti nan Senyè a” (Alma 23:6).
Apati Ekriti yo
Apati Istwa Nou
Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008) te di: “Nou dwe fè yon ogmantasyon efò pou nou ede yo pandan y ap chèche wout yo. Yo chak bezwen twa bagay: yon zanmi, yon responsablite, ak pou yo nouri avèk ‘bon pawòl Bondye a’ (Mowoni 6:4).”3
Enstriktris nan fwaye yo nan pozisyon pou yo ede moun yo anchaj yo. Amitye souvan vini anpremye, jan sa te fèt pou yon jèn sè Sosyete Sekou ki te enstriktris yon sè granmoun. Yo te lan pou fòme yon amitye jiskaske yo te travay kòtakòt nan yon pwojè netwayaj. Yo te vin zanmi, e pandan yo t ap pale sou Mesaj Vizit nan fwaye a, yo toulède tou nouri pa “bon pawòl Bondye a.”
Prezidan Joseph Fielding Smith (1876–1972) te di Sosyete Sekou “se yon pati enpòtan nan wayòm Bondye a sou tè a epi li … ede manm fidèl li yo jwenn lavi etènèl nan wayòm Papa nou an.”4
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon Visiting Teaching Message, February 2013. Haitian Creole. 10662 036
Kisa M Ka Fè?
-
Èske m priye pou konpayon mwen epi mande Lespri a pou gide nou pandan n ap anseye sè nou yo?
-
Nan ki fason nou sèvi chak sè nou vizite pou l ka konnen nou vrèman sousye pou li?