2013
Travay misyonè
janvye 2013


Mesaj vizit nan fwaye, Janvye 2013

Travay misyonè

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite l avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

Sen Dènye Jou yo aple pou yo “travay nan jaden [Senyè a] pou sali nanm lèzòm.” (D&A 138:56). Sa enplike travay misyonè. Nou pa bezwen resevwa yon apèl misyon ofisyèl pou nou pataje levanjil la. Moun ki pral resevwa benediksyon levanjil la nan lavi yo a bò kote nou, epi si nou prepare tèt nou, Senyè a ap itilize nou. Enstriktris nan fwaye yo kapab andose responsablite espritityèl yo epi ede “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm” (Moyiz 1:39).

Lè Pwofèt Joseph Smith te òganize Sosyete Sekou a an 1842, li te di ke fi yo t ap gen non sèlman pou veye sou pòv yo men pou sove nanm moun tou.1 Sa toujou rete objektif nou.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan te di: “Senyè a … konfye yon temwayaj laverite nan men moun ki vle pataje l avèk lòt yo.” “Plis toujou, Senyè a ap atann pou manm yo nan Legliz Li a ‘louvri [bouch yo] tout tan, pou deklare levanjil [Li] a avèk yon vwa lakontantman’ (D&A 28:16). … Pafwa yon senp fraz temwayaj kapab deklanche bagay ki afekte lavi yon moun pou letènite.”2

Ki soti nan ekriti yo

Doktrin ak Alyans 1:20–23; 18:15; 123:12

Ki soti nan Istwa nou

Istwa Olga Kovářová nan ansyen Chekoslovaki a se ekzanp travay misyonè yon manm te fè ke nou tire nan istwa Sosyete Sekou. Nan lane 1970, Olga t ap etidye pou l vin doktè epi li te anvi pou lavi l vin pi plis espirityèl. Li te remake yon granmoun 75 zan ki te rele Otakar Vojkůvka, kit te yon Sen Dènye Jou. Li te di: “Granmoun nan sanble li gen 75 zan nan laj, men, nan ke li li plis sanble l gen 18 tan epi chaje ak lajwa”. “Sete yon bagay ki te eksepsyonèl anpil nan Tchekoslovaki nan epòk sinik sa a.”

Olga te mande Otakar ak fanmi li kijan yo te fè gen lajwa konsa. Yo te prezante l bay lòt manm nan Legliz la epi yo te ba l yon Liv Mòmon. Li te prese li l epi byen vit li te batize epi konfime. Depi lè sa a Olga rete yon enfliyans pou sa ki byen nan yon mond ki te plen opresyon politik ak pèsekisyon relijye. Li te sèvi kòm prezidant Sosyete Sekou nan ti branch li a epi li te ede sove nanm lòt moun kote l te mennen yo vin jwenn Kris la.3

Kisa M Ka Fè?

  1. Èske m swiv enspirasyon Sentespri a lè m ap pataje temwayaj mwen avèk sè m p vizite yo?

  2. Nan ki fason m ap ede sè m ap vizite yo aprann levanjil la?

Nòt

  1. Gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 453.

  2. Dieter F. Uchtdorf, “Waiting on the Road to Damascus,” Liahona, Me 2011, 76–77.

  3. Gade Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (2011), 92–95.