2009
Sa vo lapèn pou tann
Oktòb 2009


Sa vo lapèn pou tann

Lè m te antre nan Tanp Buenozè a an Ajantin avèk jèn nan pawas mwen yo pou nou te fè batèm pou mò yo, nou te pase kèk minit ap tann nan sal atant la. Epi travayè tanp yo te mande nou pou n desann nan yon koulwa kote te gen plizyè chèz pou nou te tann ankò.

Paske sete yon jou Samdi, anpil moun te vin nan tanp lan soti nan tout Ajantin. Nou te tann la pandan dezèdtan edmi, senpleman chita byen trankil. Kèk panse ki pa t plezan ditou te kòmanse vini nan lespri mwen: “Poukisa yo fè nou tann tout tan sa a? Mwen fatige, e aparaman sa t ap pi bon si m pa t vini, paske se yon tan pèdi.”

Mwen te leve e m te kòmanse mache soti nan koulwa a. Byen vit youn nan travayè yo te vini epi l te di: “Jèn yo, tanpri, pa pèdi pasyans. Mwen konprann ke n ap tann depi lontan, men èske nou konn yon bagay? Nan mond lespri a dè milyon moun ap tann moman sa a depi dè syèk, e mwen ka asire nou ke y ap tann avèk enpasyans pou tou pa yo rive. Frè yo ap batize ak konfime, e yo pa ka fè plis pase sa.”

Lè l te di pawòl sa yo, mwen te santi m anbarase. Mwen te reyalize ke m te egoyis paske mwen pa t vle bay lè pou moun sa yo ki t ap tann si lontan sa yo e ki pa t jwenn opòtinite m te genyen an pou tande sou vrè Legliz la epi batize sou tè a.

Travayè a te sòti, epi li te kòmanse rele non moun nan pawas nou yo. Yon sè te banm rad blan ki te yon ti jan byen tonbe. Apre nou te fin abiye, li te rale cheve nou epi li te tache l avèk yon riban blan.

Apresa, pye atè, nou te mache al chita sou ban yo nan sal batèm nan. Kapèt yo te sitèlman dou ak epè ke sete kòmsi nou pa t ap menm mache atè.

Lè sete tou pa mwen, mwen te sou tansyon kòmsi sete jou pwòp batèm pa m nan. Men travayè yo te si janti e yo te gen sitèlman pasyans avèk nou chak ke sa te sanble enkwayab.

Lè m te soti nan fon batismo a, yon sè t ap tann mwen avèk yon gwo sèvyèt blan ak yon gwo souri. Mwen te chanje rad mwen epi m t ale nan yon sal kote yo te konfime mwen. Menm sè ki te ban m sèvyèt la te ale avèk mwen epi li te di m mèsi paske m te dispoze pou fè travay Senyè a.

Lè m te kite tanp lan, mwen te reyalize ke sete youn nan pi bèl eksperyans lavi mwen. Tanp lan se yon kote ki sen epi Lespri Senyè a la, ap dirije gwo travay li a. Sa vo lapèn pou yon moun tann.

Ilistrasyon pa John Zamudio