2009
Rann temwayaj
Oktòb 2009


Rann temwayaj

Maria Kaneva, Blagoevrad, Bilgari

Chak premye dimanch mwa a Irinka di, “M prale an premye.” Avèk men l byen kole sou chèz la epi je ranpli ak entouzyas, li devlope kouraj. Irinks gen laj nevan sèlman, men se kòmsi se li ki pi brav nan yuit manm yo ki vini legliz regilyèman nan branch li a nan Bilgari.

Anvan li kanpe, dabitid Irinka tann pou wè si yon lòt moun vle rann temwayaj li an premye. Tout moun diskrètman fè yon koudèy sou li epi rete tann ke li avanse. Finalman, avèk yon gran souri, li mache rive sou chè a. Prezidan branch la ba li yon tabourè pou l monte sou li pou li ka wè manm yo. Irinka, sèl timoun nan Primè a, gade ti asanble a epi li kòmanse pale.

Li pa sanble gen pwoblèm paske tout moun ap gade l. Manm yo koute ti vwa dous li a. Pandan l pale sou Kris la, ekriti yo, ak verasite legliz la, li enfliyanse temwayaj chak lòt moun.

Lè li chita, tout moun rete an silans e se kòmsi Lespri a touche lòt kè. Apresa youn nan manm yo kanpe pou rann temwayaj pa li, epi youn vini apre lòt …