2009
M te pwomèt Pè Selès la
Oktòb 2009


M te pwomèt Pè Selès la

Hiroko Fukuda, Tochigi, Japon

Lè Yukari te nan laj twazan, lekòl li te sèvi lèt avèk kafe ladan. Paske manman Yukari te anseye l konsènan Pawòl Sajès la, Yukari pa t bwè kafe olè a. Li te ranpli vè pa l la avèk dlo e se sa l te bwè.

Yon jou Yukari te di manman l, “M vle bwè kafe olè tankou tout moun.” Manman l te chita avèk li epi li te ede l konprann ke Pè Selès la renmen li, ke li pa vle l bwè kafe, epi sa se yon kòmandaman. Depi jou sa a, Yukari te asire l pou l pa t janm anvi bwè kafe. Plis pase yon ane te pase.

Yon jou pandan pwofesè Yukari a pa t ka la, yon lòt pwofesè te vini nan klas la. Kòm dabitid, Yukari t ap bwè dlo. Pwofesè a te wè sa epi li te mande, “Poukisa w ap bwè dlo?” Yukari te eksplike ke li se manm legliz epi li pwomèt Pè Selès la pou l pa bwè kafe. Pwofesè a te enpresyone. Depi lèsa a, lekòl la te sispann sèvi kafe olè epi yo te vin sèvi lòt bwason nan plas sa.