2009
Yon alo janti
Oktòb 2009


Yon alo janti

Brittany H., laj 9 ane, Ohio, Etazini

Gen yon tifi nan bis mwen an ki te aji yon jan diferan. Li pa gen okenn zanmi, epi tout moun mechan anvè li. Sa pa t fè m byen, konsa m te al jwenn li epi m te di alo. Li te vle m chita avèk li, konsa m te dakò. Kounyeya m souvan chita avèk li lè n pral lekòl. Li sanble l pi kontan, e sa fè m santi m byen. M gen yon ti sè ki gen bezwen espesyal, e mwen espere yon moun va fè menm bagay la pou li lè l pi gran.