2009
Anseye yon zanmi
Jiyè 2009


Anseye yon zanmi

Christian S,. 10 an, Arizona, Etazini

Mwen te ale nan yon vwayaj de jou avèk lekòl mwen avèk lòt elèv senkyèm ak sizyèm ane pou etidye paleyontoloji. Mwen te pataje yon chanm otèl avèk twa nan zanmi m yo. Youn nan zanmi m yo te jwenn yon Bib nan tiwa tabdenui an. Li feyte kèk paj epi li te mande m si m te vle ede l li l. Mwen te etone paske li pa t konnen okenn nan iswa nan Bib la m te panse tout moun te konnen yo. Mwen te anseye l sou Kreyasyon an, sou Adan ak Èv, ak Rezireksyon an. Mwen te pale l de Joseph Smith tou. Mwen te rakonte l kèk nan istwa mwen te aprann nan Primè yo.

Apresa, mwen te santi nou te dwe priye. Mwen te kite zanmi m nan fè priyè a. Mwen te dirije li nan di fraz youn apre lòt epi fè li repete li. Mwen te gen yon santiman chalè, epi zanmi m nan te santi li byen andedan li.

Mwen pa t janm atann sa ta pral rive pandan yon vwayaj aktivite lekòl. Mwen te kontan poutèt lè m te gen opòtinite pou m te yon misyonè a, mwen te prepare epi m pa t pè pataje kwayans mwen yo.