2009
Mennen m nan tanp
Jiyè 2009


Mennen m nan tanp

Yon Samdi maten pandan m t ap sèvi nan tanp Lima a nan Pewou, yon gwoup apeprè 20 timoun ki te soti nan youn nan pye Lima yo te vin fè yon vizit. Apre li te bay chak timoun yo yon gwo lanmen, prezidan tanp lan te pale avèk yo sou travay sakre tanp lan. Li te espesyalman mete aksan sou relasyon familyal yo ki ka kontinye ak sou siyifikasyon fraz “Fanmi yo kapab pou tout tan” an.

Timoun yo te reveran epi yo te koute atantivman. Youn nan vizitè sa yo sete yon tifi ki te rele Rosita, ki te gen laj senkan. Jou swa sa a li te rete je klè jiskaske papa l te retounen sot nan travay, ap tann ni chita nan pwent kabann ni.

Lè l te rive, li te etone pou wè je pitit fi l la te toujou klè. Rosita te sote kite kabann li epi li te kouri al jwenn ni. Li te leve l anlè, epi li te pase men nan kou papa li epi bo li.

“Kijan ti Rosa m nan ye?” Li te mande,

“Mwen byen, papi.”

“Eske ou te yon bon timoun jodia?”

“Wi, papi.”

“Eske gen yon bagay ou ta vle m fè pou ou?”

Li te souke tèt li.

“Kisa l ye? Kisa ou vle ti cheri mwen?”

Li te di, “Papi,” epi apre yon ti poz “kilè w ap mennen m nan tanp?”

Papa l te pran kèk segond anvan l te reponn.

“M ap mennen ou, Rosa. Sèlman m ap travay anpil kounyeya, e mwen vrèman okipe. Men mwen pwomèt m ap mennen ou.”

Rosita te di, “mèsi, papi,” pandan l te anbrase ak bo papa li ankò.

“Kounyeya ale nan kabann ou epi eseye dòmi.”

Anpil mwa apre, fanmi Rosa te reyini ansanm nan youn nan sal sèlman yo nan tanp lan. Moman gwo rejwisans te suiv seremoni maryaj la. Papa Rosa, avèk gwo lanmou ak tandrès, te anbrase chak piti li yo, pi piti a—Rosita te rete an dènye.

Papa Rosita te di selè ki te fè seremoni an, “Sa gen kèk mwa ti pitit fi sa a te fè yon vwayaj al nan tanp avèk timoun Primè yo nan pye nou an.” “Jou swa sa a li te rete tann mwen retounen lakay sot travay epi li te mande m kilè mwen t ap mennen l nan tanp. Mwen te konnen li pa t sèlman anvi wè deyò tanp lan, konsa mwen te oblije mete lòd nan lavi mwen epi rejte move abitid mwen yo. Sa te mande anpil efò, men finalman mwen reyisi. Jodia se pi bèl jou m janm genyen paske jodia fanmi m ini pou tout letènite.”