Istwa Legliz la
Klè ak Mèveye


“Klè ak Mèveye,” Istwa Global: Ayiti (2019)

“Klè ak Mèveye,” Istwa Global: Ayiti

Klè ak Mèveye

Tout lavi l, Alexandre Mourra te priye Bondye pou l te mennen l nan laverite. Yon jou an 1977, li te santi l pouse pou l t al vizite kèk paran l li pa t wè depi dèzane. Pandan vizit la, yo te ba l yon livrè konsènan Joseph Smith. Lè l te li l, li te santi imedyatman ke sete verite. Mourra di “M te tèlman kontan.” Li te ekri katye jeneral Legliz la ak Prezidan Richard L. Millet, prezidan Misyon Florida Fort Lauderdale la, pou l te di l ke l ta renmen “batize pou remisyon peche.” Lè l te resevwa Liv Mòmon an an repons, li te fè tout nuit la ap li. Li sonje: “Mwen te te kriye ak lajwa pandan m t ap li e konprann pawòl Senyè a te di pwofèt tan lontan l yo sou kontinan Amerik la.” Lè l te fè jou, li te li pwomès la ki nan dènye chapit la (gade nan Mowoni 10:3–5). Li di “M pa t menm bezwen priye pou yon repons.” “Sentespri a te rann mwen temwayaj sou verite etènèl sa yo pandan tout lè lannuit fènwa yo.” Imedyatman Mourra te fè aranjman pou l te vwayaje al Fort Lauderdale pou l te batize.

Lè Mourra te retounen an Ayiti, li te pataje nouvo lafwa l la avèk tout moun li te rankontre. Li raple l “M pa t ka kwè lè lòt moun pa t aksepte verite a.” “Li te sitèlman klè ak mèveye pou mwen.” Byen vit li te kòmanse preche yon kongregasyon nan Hatte-Marré. Apre revelasyon Jen 1978 la ki te ouvri pòt prètriz la pou tout gason ki diy, Mourra te espere ke travay misyonè a ta ka kòmanse ofisyèlman an Ayiti. Mourra te di Millet nan yon apèl telefòn “M gen anpil moun ki pare pou batèm.” “Kilè w ap vini?”

Le 2 Jiyè, 22 Ayisyen te batize nan yon kanal irigasyon ki pa t fon nan Hatte-Marré. Fred ak Michele Templeman, Sen Dènye Jou ki te soti Kanada ak Lafrans, te demenaje avèk pitit yo ale Pòtoprens pou travay epi yo te asiste Mourra nan ansenye gwoup konvèti a ki te piti men ki t ap grandi.

Imaj
Premye batèm an Ayiti

Alexandre Mourra batize youn nan 22 nouvo manm Legliz la an Ayiti, le 2 Jiyè 1978.

Mourra te aprann dirije Legliz la avèk letan. Yon jou Dimanch, pandan l t ap kondui pou l t al legliz nan Hatte-Marré, Mourra te wè kèk moun ki t ap chèche èd pou yo te mennen yon madanm malad al lopital. Li te kanpe, li te di yo li pa t ap ka mennen l lopital la men li te ofri pou l te geri l pa mwayen pouvwa prètriz Bondye a. Malgre li pa t gen eksperyans, Mourra te ba l yon benediksyon epi li te di manmzèl ke l te geri. Madanm nan te leve epi li t ale nan wout li. Apresa, Mourra te kontinye ale legliz la epi li te rakonte eksperyans li abay Fred Templeman, ki te ba l plis enstriksyon sou fason pou l te fè onksyon ak beni malad. Kote konesans Mourra sou doktrin Legliz la ak pratik li t ap grandi, lafwa l te soutni li. Michele Templeman te obsève “Li te gen tout lafwa nan mond lan,”

An March 1980 branch Petyonvil la, premye branch an Ayiti, te òganize nan Pòtoprens avèk Mourra kòm prezidan. De mwa apre sa, yo te transfere kat misyonè soti nan peyi Lafrans pou yo te vin preche an Ayiti.