Konferans Jeneral
Entegrite: Yon Vèti Kretyen
Konferans jeneral avril 2024


Entegrite: Yon Vèti Kretyen

Viv yon vi entegrite mande pou nou fidèl anvè Bondye, anvè youn ak lòt, ak anvè idantite diven nou.

Nan fen ministè Sovè a, li te ale sou Mòn Oliv la nan yon jaden ki rele Jetsemane epi L te envite disip Li yo pou yo te rete tann Li.1 Apre l te poukont Li, Li te mande Papa L: “ Si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen.”2 Pandan l te nan agoni, soufrans Li te lakoz Limenm “menm, Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kò m, … epi m te swete pou m pa t bwè tas anmè a, epi tou m te pa t fè bak.”3 Men nan moman pwofon dezespwa sa a, Sovè a pa t fè bak “men li te patisipe epi fini preparasyon [Li] pou pitit lèzòm yo.”4

Kòm Sèl Pitit Literal Papa a, Jezikri te gen pouvwa sou lanmò, lapenn, ak soufrans, men li pa t fè bak. Li te akonpli alyans li te fè avèk Papa a e, nan fè sa, Li te manifeste yon vèti kretyen ki enpòtan anpil nan mond kote n ap viv la—vèti entegrite a. Li te rete fidèl anvè Bondye, anvè nou chak, ak anvè idantite divin Li.

Entegrite

Jezikri se Egzanp Nou. Viv yon vi entegrite mande pou nou fidèl anvè Bondye, anvè youn ak lòt, ak anvè idantite diven nou. Entegrite soti nan premye gran kòmandman pou renmen Bondye a. Paske w renmen Bondye, ou fidèl anvè Li tout tan. Nou konprann genyen byen ak mal, epi gen yon verite absoli—ki se verite Bondye a. Entegrite vledi nou p ap bese nivo prensip oswa konpòtman nou pou nou enpresyone lòt moun oswa pou lòt moun aksepte nou.5 Ou “fè sa ki byen” epi “kite konsekans la vini apre.”6 Dènye revizyon nan Preche Levanjil Mwen an manyèl misyonè a an patikilye ajoute entegrite kòm yon atribi Kretyen.7

Sa gen kèk ane, Èldè Uchtdorf te jwenn tach pou reyòganize pieu nou an. Pandan entèvyou nou an, li te poze m yon kesyon mwen pa janm bliye: “Èske gen nenpòt bagay nan lavi w ki, si li revele piblikman, t ap vin yon anbarasman pou oumenm oswa Legliz la? Mwen te etone, lespri m te byen vit repase tout lavi mwen, pandan m t ap eseye raple m moman kote m te petèt pa alawotè yo epi m te mande tèt mwen “Si lòt moun te konnen tout sa m te fè, kisa yo t ap panse de mwen oswa de Legliz la?”

Nan moman sa a, mwen te panse ke kesyon Èldè Uchtdorf la sete sèlman apwopo diyite, men mwen vin konprann nan apre ke reyèlman sete yon kesyon sou entegrite. Èske m te fidèl ak sa m ap preche a? Èske mond lan ap wè yon konsistans ant pawòl mwen ak aksyon mwen? Èske lòt moun ap wè Bondye nan konpòtman mwen?

Prezidan Spencer W. Kimball te anseye: “Entegrite” se “volonte ak kapasite pou nou viv selon kwayans ak angajman nou.”8

Fidèl anvè Bondye

Yon vi entegrite mande pou nou fidèl anvè Bondye anvan tout bagay.

Byen bonè nan anfans nou, nou te aprann istwa Danyèl nan fòs lyon yo. Danyèl te toujou fidèl anvè Bondye. Kondisip jalou l yo “t ap chache okazyon pou akize [li]”9 e yo te fè soti yon dekrè ki te egzije moun priye bondye payen yo a sèlman. Danyèl te okouran dekrè a men li te ale lakay li epi — avèk “fenèt li yo louvri”10—li te mete ajenou epi l te priye Bondye pèp Izrayèl la twa fwa pa jou. Kòm rezilta, yo te jete Danyèl nan fòs lyon yo. Nan demen maten, wa a te reyalize ke Bondye Danyèl la te delivre l epi li te pase yon nouvo dekrè ke tout moun ta dwe “tranble epi krenn Bondye Danyèl la: paske li se Bondye vivan an.”11

Wa a te rive konnen Bondye gras ak entegrite Danyèl Lòt moun wè Bondye atravè—pawòl ak aksyon nou. Menmjan ak Danyèl, rete fidèl anvè Bondye ap separe nou plis anplis avèk mond lan.

Senyè a raple nou: “Nou va gen tribilasyon nan mond lan: men, pran kouraj; mwen te venk mond lan.”12 Konsèy Prezidan Nelson pou nou “[Venk mond lan] vledi simonte tantasyon pou nou sousye plis de bagay mond lan pase bagay Bondye yo. Sa vledi fè doktrin Kris la plis konfyans pase filozofi lèzòm.”13 Konsa tou, nou dwe reziste anba tantasyon pou nou mache “nan pwòp fason pa [nou], ak dapre imaj pwòp bondye pa [nou], ki gen imaj sanble ak mond lan.”14

Fòs opozisyon mond sa a se yon pati esansyèl nan plan sali Bondye a. Fason n ap reyaji devan fòs sa a se esans moun nou ye a—yon mezi entegrite nou. Atraksyon mond lan kapab dirèk ase pou l detwi fidelite nan maryaj, oswa sibtil tankou nan piblikasyon kòmantè anonim pou kritike doktrin oswa kilti Legliz la. Pratike entegrite nan chwa nou yo se yon ekspresyon eksteryè sou yon angajman enteryè pou nou suiv Sovè a Jezikri.

Fidèl anvè Lòt Moun

Menmjan entegrite soti nan premye gran kòmandman pou nou renmen Bondye a, rete fidè youn anvè lòt soti nan dezyèm nan, pou nou renmen pwochen nou menmjan ak tèt pa nou. Yon vi entegrite se pa yon vi pèfeksyon; se yon vi kote n ap fè efò chak jou premyèman pou nou rete fidèl anvè Bondye epi nan menm kontèks la pou nou rete fidèl anvè lòt moun. Prezidan Oaks raple nou: “Devouman nou pou kenbe dezyèm kòmandman an pa dwe lakoz nou bliye premye a.”15

Mond lan plis anplis konfwonte avèk entegrite nan enpoze kòd de konduit oswa règ etik ki dirije relasyon ant moun ak enstitisyon yo. Byenke règ sa yo ka bon, jeneralman yo pa ankre nan verite absoli e yo gen tandans evolye sou baz akseptans kiltirèl. Similè ak kesyon Èldè Uchtdorf te poze a, kèk òganizasyon antrene anplwaye yo pou yo reflechi sou sa desizyon yo oswa etap desizyon yo t ap sanble si yo te pibliye anliy oswa nan premye paj yon jounal. Pandan Legliz la ap soti nan fènwa ak tenèb la,16 menmjan ak Danyèl, nou dwe elve nou anlè atant monden yo epi vin tounen vizaj Bondye vrè ak vivan an tout tan ak tout kote.17

Di nou gen entegrite pa sifi si aksyon nou pa konsistan avèk pawòl nou. Menmjan an tou, bonte kretyèn pa ranplase entegrite. Antanke yon pèp alyans, epi antanke dirijan nan Legliz Li a, nou dwe san repwòch epi aliyen avèk prensip Senyè a etabli yo.

Aji avèk entegrite bati lafwa ak konfyans epi rasire lòt moun ke nou sèlman vle fè volonte Senyè a. Nan konsèy nou yo, nou reziste kont enfliyans eksteryè yo epi nou suiv pwosesis revele Senyè a nan chèche ide nan men chak fi ak chak gason epi aji an konfòmite avèk konsèy enspire nou resevwa yo.18

Nou konsantre sou Sovè a, epi nou fè atansyon pou nou evite tout aksyon ki ka sanble kòmsi y ap sèvi pwòp enterè pa nou, benefisye fanmi nou, oswa favorize yon moun odepan de yon lòt. Nou fè tout sa ki posib pou nou evite bay enpresyon ke aksyon nou yo ka enfliyanse pa onè lèzòm,19 pou nou resevwa rekonesans pèsonèl, resevwa plis louwanj, pou yo site nou oswa pibliye non nou.

Fidèl ak Idantite Divin Nou

Finalman, yon vi entegrite mande pou nou fidèl ak idantite divin nou.

Nou konnen kèk moun ki pa t konsa. Mwen panse patikilyèman a Koriyò, antikris la, ki te sedui kè anpil moun, nan di bagay ki te atire “lespri chanèl yo.”20 Men, nan dènye moman lavi li, li te konfese, “Mwen te toujou konnen ke te gen yon Bondye.”21 Prezidan Henry B. Eyring te anseye ke bay manti “kontrè ak nati lespri nou,”22 ak idantite divin nou. Koriyò te desevwa tèt li, epi verite a pa t nan li.23

Yon lòt bò, Pwofèt Joseph Smith te pwoklame avèk asirans: “Mwen te konnen sa, e m te konnen ke Bondye te konnen sa, e m pa t ka nye sa.”24

Senyè a te renmen frè Joseph la, Hyrum, “akoz entegrite kè l.“””25 Limenm ak Joseph te rete fidèl jiska lafen—fidèl a idantite divin yo, a limyè ak konesans yo te resevwa a, epi fidèl ak moun yo te konnen yo te ka devni an.

Konklizyon

Se pou nou rekonsilye nou “avèk volonte Bondye”26 epi devlope vèti Kretyen ki se entegrite a. Se pou nou suiv Modèl nou an, Sovè mond lan, epi pa fè bak men viv yon lavi ki fidèl anvè Bondye, anvè youn lòt, ak anvè idantite divin nou.

Jan Jòb te di a, “Se pou Bondye peze m nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m toujou mache dwat.”27 Nan non sakre Jezikri, amèn.