2010–2019
Pouvwa Liv Mòmon an
Avril 2017


Pouvwa Liv Mòmon an

Mwen sipliye nou pou nou etidye e medite sou Liv Mòmon an chak jou, nan yon espri lapriyè.

Chè frè m ak sè m yo, mwen salye nou trè kòdyalman pandan n ap rankontre ankò nan yon gran konferans jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Anvan m kòmanse diskou m nan jodia, m ta renmen anonse senk nouvo tanp ki pral bati nan kote sa yo: Brasília, Brezil; gran Manila, Entèrejyon Filipin; Nairobi, Kenya; Pocatello, Idaho, Etazini; ak Saratoga Springs, Utah, Etazini.

Maten an, m ap pale konsènan pouvwa Liv Mòmon an ak bezwen enpòtan nou genyen antanke manm Legliz sa a pou etidye, medite, epi aplike ansèyman l yo nan lavi nou. Nou pa dwe neglije mete aksan sou enpòtans pou nou genyen yon temwanyaj ki fèm epi ki asire konsènan Liv Mòmon an.

N ap viv nan yon tan ki gen anpil pwoblèm ak mechanste. Kisa ki pral pwoteje nou kont peche ak mal k ap fè ravaj nan mond lan jodia? Mwen afime ke yon temwanyaj solid sou Sovè nou an, Jezikri, ak sou levanjil Li a ap ede nou jwenn sekirite. Si w pa li Liv Mòmon an chak jou, silvouplè fè sa. Si nou li l nan lapriyè epi ak yon dezi sensè pou n konnen laverite, Sentespri a ap manifèste verite a nan kè nou. Si l se verite—e m temwanye nou solanèlman ke l severite—enben Joseph Smith sete yon pwofèt ki te wè Papa a ak Pitit Gason L la, Jezikri.

Paske Liv Mòmon an vrè, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Senyè a isit sou tè a, epi sen prètriz Bondye a te retabli pou benefis ak benediksyon pitit Li yo.

Si nou pa gen yon temwanyaj ki fèm konsènan bagay sa yo, fè sa ki nesesè pou nou jwenn yonn. Li esansyèl pou nou gen pwòp temwanyaj pa nou nan moman difisil sa yo, paske temwanyaj lòt moun yo kapab sipòte nou sèlman jiska yon sèten pwen. Men, yon fwa nou jwenn ni, yon temwanyaj bezwen rete enpòtan epi vivan atravè obeyisans kontinèl nan kòmandman Bondye yo epi atravè priyè ak etid chak jou.

Chè asosye m yo nan travay Senyè a, mwen sipliye nou pou, nan lapriyè, nou chak etidye e medite Liv Mòmon an chak jou. Si nou fè sa, n ap nan yon pozisyon pou nou tande vwa Lespri a, pou reziste anba tantasyon, pou n simonte dout ak laperèz, epi pou n resevwa èd Syèl la nan lavi nou. Mwen temwanye nou konsa ak tout kè m, nan non Jezikri, amèn.