2010–2019
Senyè a pa bliye nou
Oktòb 2012


Senyè a pa bliye nou

Papa nou ki nan syèl la ak Sovè nou an, Jezikri, konnen nou e yo renmen nou. ... Nou ka santi lanmou yo ak konpasyon yo nan soufrans nou.

Pandan ke n ap rankontre sè yo toupatou nan mond lan, nou etone pou wè fòs temwayaj nou. Si anpil nan nou se premye---oswa dezyèm jenerasyon manm nan Legliz la. Nou wè anpil sè k ap sèvi nan tout kalite apèl, k ap vwayaje byen lwen pou al legliz, epi k ap fè sakrifis pou fè ak respekte alyans sakre nan tanp yo. Nou onore nou. Nou se pyonye modèn Senyè a!

Sa pa gen lontan, mari m, Mel, avèk mwen te rankontre yon gid ki te rele Mollie Lenthal pandan nou t ap vizite yon mize an Ostrali. Nou te aprann ke Mollie, yon bèl madanm nan laj 70 an, pa t gen okenn pitit e li pa t janm marye. Li se sèl pitit fanmi li, e paran l te mouri depi lontan. Fanmi ki pi pwòch li genyen se de kouzen k ap viv nan yon lòt peyi. Toudenkou, mwen te anvayi pa Lespri a ki te temwaye m, prèske kòmsi Papa nou ki nan Syèl la t ap pale: “Mollie pa poukont li! Mollie se pitit fi mwen! Mwen se Papa l! Li se yon pitit fi trè enpòtan nan fanmi mwen, e li pa janm poukont li!

Youn nan istwa m pi renmen nan lavi Sovè a se istwa Laza a. Ekriti yo di nou ke “Jezi te renmen Mat, ... sè li [Mari], ak [frè yo] Laza.”1 Yo te voye di Jezi ke Laza te malad anpil, men Jezi pa t vini imedyatman; Li te rete lwen pandan de jou ankò, kote l te deklare ke “maladi sa a se ... pou laglwa Bondye, pou Pitit Gason an kapab glorifye pa li menm.”2

Lè l te tande Jezi t ap vini, Mat “t al rankontre li,”3 li te di l sa k te rive a. Laza te “antere depi kat jou.”4 Mat, ki t ap kriye, te kouri retounen lakay li pou di Mari Senyè a te vini.5 Mari, ki te chaje ak doulè, te kouri al jwenn Jezi, li te tonbe nan pye l epi l te kriye.6

Yo di nou ke “lè Jezi te wè [Mari] ap kriye, ... li te jemi nan lespri a, epi l te twouble,” epi l te mande ki kote yo te antere li.

“Yo te di, Senyè, vini pou w wè.”7

Apresa nou li kèk nan pawòl ki pi eman ak pi konpasyonan nan ekriti yo: “Jezi te kriye.”8

Apot James E. Talmage te ekri: “Wè de medàm sa yo si anvayi pa doulè konsa, ... te lakoz Jezi kriye [avèk yo] tou, konsa li te jemi nan lespri epi li te pwofondeman twouble.”9 Eksperyans sa a temwaye de konpasyon, senpati, ak lanmou Sovè nou an, ak Papa nou ki nan Syèl la santi pou nou chak, chak fwa nou kraze anba doulè, peche, advèsite, ak soufrans lavi a.

Chè sè m yo, Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri, konnen nou e yo renmen nou. Yo konnen lè nou gen doulè oubyen lè n ap soufri. Yo pa di: “Sa oke pou ou gen doulè pou konyeya, paske talè tout bagay pral anfòm. Ou pral geri, oubyen mari ou pral jwenn yon travay, oubyen pitit ou a ki ale a pral retounen.” Yo santi pwofondè soufrans nou, e nou ka santi lanmou yo ak konpasyon yo pandan soufrans nou an.

Alma te temwaye:

“Epi li prale pou l soufri lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon; e sa pral fèt pou pawòl la kapab akonpli, pawòl ki te di li pral pran lapenn ak maladi pèp li a sou tèt pa l.

Epi, li pral pran ...enfimite sou tèt li, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo.”10

Lè n ap mande tèt nou si Sovè a ak Papa nou ki nan Syèl la konnen nou, oubyen nan ki pwen yo konnen nou pèsonèlman, nou ta dwe sonje pawòl Sovè a te di Oliver Cowdery yo:

“Si ou vle yon lòt temwayaj, raple ou nwit sa a lè ou te kriye nan pye m nan kè w la, pou ou te kapab konnen si bagay sa yo se verite.”11

Anvan sa Sovè a te deklare li: “Pa gen okenn lòt moun eksepte Bondye ki konnen panse ou ak entansyon ki nan kè ou.”12

Sovè a te raple Oliver ke Li te konnen chak detay priyè siplikasyon sa a---e l te sonje---lè egzat la, jou egzat la.

Sa gen kèk ane, mari m te tonbe malad avèk yon maladi ra. Amezi semèn t ap pase e l te vin plis malad, se plis mwen te vin konvenki ke l ta pral mouri. Mwen pa t di okenn moun si m te pè. Nou te gen yon gwo fanmi tou jèn, ak yon bèl marya etènèl, e panse pou pèdi mari m nan ak elve timoun yo poukont mwen an te ranpli m avèk solitid, dezespwa, ak menm kòlè. M pa t konn kisa pou m te fè. Mwen wont pou m di ke m te rale kòm kot Papa nou ki nan Syèl la. Pandan dè jou m te sispann priye; mwen te sispann planifye, mwen te kriye. Mwen te finalman vin reyalize ke m pa t kapab travèse bagay sa a poukont mwen.

Pou lapremyè fwa depi dè jou, mwen te mete ajenou epi m te devèse kè mwen bay Papa m ki nan Syèl la, ap mande l padon poutèt mwen te vire do ba li, m te di li tout santiman ki te nan fon kè m, e finalman m te kriye ba li ke si sete sa l te reyèlman vle pou m fè, mwen t ap fè l. Mwen te konnen ke Li dwe te gen yon plan pou lavi nou.

Pandan m te kontinye devèse kè m ajenou an, santiman ki pi pezib, pi dous ak pi eman an te vide sou mwen. Sete kòmsi yo te kouvri m avèk yon dra lanmou. Sete kòmsi m te ka tande Papa m ki nan Syèl la ap di: “Se tout sa m te bezwen konnen.” Mwen te pran detèminasyon pou m pa t janm vire do ba Li ankò. Tikal pa tikal e ak etonman, mari m te kòmanse vin pi byen jiskaske l te vin totalman geri.

Dèzane apresa mari m avèk mwen te mete ajenou bò kabann pitit fi 17 an nou an pou priye pou lavi li. Fwa sa a repons la sete non, men menm santiman lanmou ak lapè sa a Sovè nou an pwomèt la te osi puisan, e nou te konnen ke malgre ke Papa nou ki nan Syèl la te rele retounen lakay, tout bagay t ap oke. Nou te vin konnen kisa sa vle di pou lage fado nou bay Senyè a, pou konnen ke Li renmen nou e li santi konpasyon pou nou nan doulè nou ak lapenn nou.

Youn nan pi bèl moman papa ak pitit nan Liv Mòmon an se temwayaj Alma pi jèn nan te bay pitit gason li Elaman. Alma te dekri “doulè ineksplikab” li te santi lè l t ap panse pou l ta vin nan prezans Bondye pou l jije la dapre zèv li yo. Apre l te fin kòde anba touman pou tout peche l yo pandan twa jou ak twa nwit, li te repanti epi li te priye Sovè a pou gen mizèrikòd pou li. Li te dekri pou Elaman “lajwa dous” pou l pa t sonje peche l yo “ankò” a. Olye l te santi “gwo touman” an nan panse pou l te prezante devan twòn Bondye a, Alma te fè vizyon “Bondye chita sou twòn ni” epi l te deklare: “Nanm mwen te vle pou l te la tou.”13

Èske se pa sa nou santi, chè sè m yo, lè nou repanti epi nou kontanple lanmou, mizèrikòd, ak gratitid nou santi pou Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an---ke nou “ta renmen la tou,” pou bra eman L yo anbrase nou yon fwa ankò?

Menmjan Senyè a te temwaye m ke Li pa t bliye pitit fi presye Li, Mollie Lenthal la, mwen temwaye ke Li pa bliye nou! Kèlkeswa peche oswa lapenn oswa pwoblèm oswa eprèv nou genyen, Li konnen nou e li konprann moman sa yo. Li renmen nou! E l ap ede nou travèse moman sa yo, jan l te fè pou Mari ak Mat la. Li te peye pri a pou L te kapab konnen kijan pou pote nou sekou. Lage fado nou yo ba Li. Di Papa nou ki nan Syèl la kijan nou santi nou. Pale l de lapenn nou ak afliksyon nou epi remèt Li yo. Li ekriti yo chak jou. Ladan yo na va jwenn gwo konsolasyon ak èd.

Sovè nou an te mande:

“Èske yon manman ta kapab bliye pitit li ki nan tete, pou l pa ta gen konpasyon pou pitit gason ki nan vant li? Wi, yo kapab bliye, men, mwen, m pap bliye nou. …

“ ... M te grave w nan pla men mwen.”14

“Epi m pa t kòmande pou okenn nan pami nou rale kò nou, men okontrè m te kòmande pou nou vin jwenn mwen, pou nou touche m e pou nou wè; se menm jan an pou nou fè pou mond lan.”15

Sa se tach pa nou. Nou dwe santi ak wè pou tèt pa nou epi apresa al ede tout pitit Papa nou ki nan Syèl la santi ak wè ak konnen ke Sovè nou an te pran sou tèt li non sèlman peche nou men lapenn nou ak soufrans nou ak afliksyon nou tou pou L kapab konnen kisa nou santi ak kijan pou l rekonfòte nou. Mwen temwaye de Li nan non Jezikri, amèn.