2021
Tande, Koute, epi Pote Atansyon
Janvye 2021


“Tande, Koute, epi Pote Atansyon,” Pou Fòs Jèn yo, Jan. 2021, 32.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Janvye 2021

Tande, Koute, epi Pote Atansyon

Imaj
Tande, li, pale sou chè a

Ilistrasyon Guev Design

Mo nou premye jwenn nan Doktrin ak Alyans yo se koute (gade nan Doktrin ak Alyans 1:1). sa vle di “tande nan lide pou nou obeyi.” Koute vle di “Koute Li”— tande sa Sovè a di epi apresa suiv konsèy Li. Nan de mo sa yo—“Koute L”—la, Bondye ba nou yon modèl pou siksè, bonè ak lajwa nan lavi sa a. Nou dwe tande pawòl Senyè a, koute yo, epi pote atansyon a sa L di nou!

Ki kote nou kapab ale pou n koute Li?

Nou ka ale nan ekriti yo. Nou ka koute L nan tanp lan tou. Nou koute L pi klè tou lè nou rafine kapasite nou pou nou rekonèt enspirasyon Sentespri yo. Epi, finalman, nou koute L lè nou pote atansyon ak pawòl pwofèt, vwayan, ak revelatè yo.

Kisa k ap rive si nou gen plis entansyon pou nou koute, tande, ak suiv sa Sovè a di ak sa L ap di kounyea palentèmedyè pwofèt Li yo? Mwen pwomèt ke n ap gen benediksyon pou n jwenn plis pouvwa pou nou fè fas ak tantasyon, lit, ak feblès nou yo. Mwen pwomèt anpil mirak nan relasyon familyal nou, ak nan travay n ap fè chak jou. Epi, mwen pwomèt ke kapasite nou pou nou santi lajwa a ap ogmante menm si boulvèsman ap ogmante nan lavi nou.