Enstriksyon pou Dirijan yo: Itilize fòm Plan Otonomi yo


Nouvo fòm Plan Otonomi yo ak Gid Evèk yo pou Plan Otonomi an ranplase fòm n ap itilize aktyèlman pou Analiz Bezwen ak Resous yo ak Analiz Bezwen ak Resous Siplemantè yo. Nouvo fòm yo prepare pou ede evèk yo ak prezidan branch yo sèvi moun k ap resevwa asistans yo avèk plis efikasite epi pou gide yo sou chemen otonomi an.

Gid Evèk la pou Plan Otonomi an. Evèk yo ak prezidan branch yo dwe itilize fòm sa a pou planifye ak sipèvize asistans la epi fè suivi sou plan pèsonèl manm yo genyen pou otonomi.

Plan Otonomi. Manm yo dwe itilize fòm sa a poukont yo oubyen avèk asistans yon konseye. Fòm nan ap ede manm yo evalye bezwen yo, revni yo, ak depans yo: pou yo idantifye ki resous ki disponib pou yo ka idantifye sèvis yo kapab bay an retou pou asistans yo te resevwa a; epi pou yo ka prepare pwòp plan pa yo pou yo ka vin plis otonòm.

Se frè ak sè sèvis pastoral yo, lòt manm oswa dirijan nan Legliz la, oubyen evèk la ki souvan idantifye manm ki nan bezwen yo. Yo gen dwa menm chèche èd evèk la yomenm you.

Evèk la ap rankontre avèk manm ki nan bezwen an pou diskite sou pwoblèm l ap travèse yo. Evèk la gen dwa menm envite yon dirijan oubyen yon lòt moun pou ede manm nan ranpli yon fòm Plan Otonomi. Lè l fin revize plan sa a, evèk la kapab pi byen konprann kijan l ka bay yon asistans efikas. Evèk la oubyen yon dirijan li bay tach la ka fè suivi regilyèman avèk manm nan pou diskite sou lòt bezwen, preyokipasyon, ak pwogrè ki fèt sou plan an.

Fòm

Gid Evèk la pou Plan Otonomi an

Telechaje Plan Otonomi an