Etap pa Etap

Achiv Sistèm Benediksyon Patriyakal yo

Lè yon benediksyon an pwogrese epi l depase lis Benediksyon ki Soumèt yo nan paj Apèsi a, benediksyon an avanse al nan lis benediksyon ki achive yo. Se dirijan sa yo ki ka wè lis la:

dirijan entèrejyon, pieu, ak misyon. Dirijan yo gade yon lis tout benediksyon ki te soumèt ki asosye a inite yo a depi l te kòmanse. Natirèlman, lis la ap gen benediksyon ki filtre pou ane ki pase a. Filtraj la ka defini nan pwograme dat kòmansman ak finisman pou afiche yo. Yon dirijan ka klike sou non manm nan pou l revize kontni benediksyon yo jiska yon ane apre benediksyon an te fin soumèt. Yonfwa yo fin wè l, lis la ap endike ke yo te gade l.

Help Center:

Patriyach. Patriyach yo ka gade yon lis tout benediksyon yo te bay, sou fòma papye ak elektwonik depi lè yo te òdone a. Natirèlman, lis la ap gen benediksyon ki filtre pou ane ki pase a. Filtraj la ka defini nan pwograme dat kòmansman ak finisman pou afiche yo. Patriyach yo ka enprime kopi benediksyon ki te soumèt elektwonikman yo rive jiska yon ane apre yo te fèt. Apre yon ane, manm yo dwe mande kopi nan men Legliz la. Chanjman ka fèt nan yon benediksyon jiska 60 jou apre l fin soumèt. Pou fè sa, patryach la pral klike sou benediksyon an epi apresa li klike sou Reouvri.

Help Center: