Manm yo ka chwazi resevwa swa yon rekòmandasyon tanp enprime oswa youn dijital. Si manm yo vle resevwa oswa chanje pou yon rekòmandasyon dijital, yo bezwen kontakte dirijan prètriz lokal yo. Yon fwa yo apwouve rekòmandasyon an, yon manm ka jwenn aksè nan rekòmandasyon l la atravè app Zouti Manm lan sou aparèy mobil yo. Gid yo bay la a ap ede manm yo konprann kijan pou yo mande, konfigire, ak itilize yon rekòmandasyon tanp dijital.