“Manm yo ka limite vizibilite enfòmasyon kontak dijital yo. Yo fè sa a lè yo seleksyone nivo konfidansyalite nan pwofil fwaye yo a. Dirijan pieu ak pawas yo ta dwe respekte reglaj konfidansyèl yo ke manm yo seleksyone yo. Dirijan sa yo asire tou ke enfòmasyon yo itilize pou rezon Legliz la apwouve sèlman” ( Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 38.8.13).
Akoz manda nan ekriti yo pou konte, nome, ak nouri tout moun nan Legliz Kris la (gade Mowoni 6:4–5), moun ki gen kèk apèl pral kapab gen aksè nan done ke yon manm te seleksyone pou vizibilite limite. Moun ki gen aksè sa yo se prezidans òganizasyon pieu ak pawas yo ak moun ki te resevwa responsablite pou fè sèvis pastoral ak resevwa sèvis pastoral.
Pou revize reglaj viziblite enfòmasyon kontak dijital ak aktyalize yo dapre preferans ou, ale nan pwofil manm ou nan Zouti pou Manm oubyen vizite account.ChurchofJesusChrist.org.
Pou plis enfòmasyon oubyen kesyon konsènan politik konfidansyalite, vizite paj Èd ak Enfòmasyon Biwo Konfidansyalite Done yo sou ChurchofJesusChrist.org.