Konsènan Zouti Manm

Chanjman K ap Vini nan Vèsyon 5.4 la

Vèsyon 5.4 Zouti Manm lan planifye pou pibliye nan zòn Out 2025 Vèsyon 5.4 la pra l enkli amelyorasyon ak nouvo fonksyon sa yo:

  • Anrejistreman ak Mizajou Apèl yo: Lidè pieu ak pawas yo kapab kounyea rapidman anrejistre ak mete apèl manm yo ajou.
Recording and Updating Callings - Screen Capture
  • Gade ak Anrejistre Sètifika Gouvènman yo: Episkopa yo, prezidans pieu yo, ak grefye yo kapab kounyea wè epi anrejistre sètifika gouvènman yo kote règleman Legliz la egzije sa pou moun k ap travay avèk timoun oswa jèn yo.
  • Demann Pèman pou Tout Adilt yo: Tout manm adilt yo kapab kounyea soumèt yon demann pèman nan tape sou ‘Finans’ epi apresa ‘Demann Peman’.
  • Anrejistreman Sèvis Militè:Manm yo kapab kounyea endike sèvis militè yo sou pwofil yo, kit se aktyèl oubyen pase. Dirijan lokal yo ka itilize enfòmasyon sa a pou konekte manm yo avèk sèvis ki disponib.
  • Seksyon Fanmi sou Pwofil la: Manm yo kapab kounyea wè yon lis paran ak pitit yo, menm sa ki p ap viv avèk yo, nan nouvo seksyon ‘Fanmi’ nan pwofil yo a.
  • Seleksyone yon Inite pou Prezante yon Zanmi: Manm yo kapab kounyea chwazi pami inite espesifik a zòn zanmi yo ye a lè yo soumèt fòm lan pou prezante yo bay misyonè yo.
  • Rezime sou Fonksyon ki Pibliye yo

    • Akèy: Pèsonalize dimansyon, lòd ak koulè tikawo yo ki sou ekran Akèy ou a. Retire epi ajoute kawo jan w vle.
    • Pwofil: Mete ajou enfòmasyon kontak ou, paramèt vizibilite yo, ak foto pèsonèl ak familyal ou yo.
    • Aksyon ak Mesaj: Gade aksyon ki nesesè ak mesaj Katye Jeneral Legliz la ak biwo entèrejyon yo.
    • Anyè: Gade enfòmasyon kontak ak foto manm pawas ou ak pieu w yo, enkli moun ki asiyen nan tach sèvis pastoral ou yo.
    • Jesyon Rejis: Evèk yo, prezidan branch yo, ak grefye yo ka deplase rejis ak anrejistre òdonans yo.
    • Òganizasyon yo: Gade apèl pawas ak pieu yo pou chak òganizasyon.
    • Kalandriye: Gade kalandriye evènman pou pawas ou ak pieu w yo. Jere vizibilite aktivite yo nan chwazi fè aktivite yo piblik pou zanmi Legliz yo, sa ki rann li fasil pou pataje aktivite ak rasanbleman dirèkteman nan kalandriye a.
    • Gwoup: Kreye gwoup pèsonalize pou manm nan pawas ou ak pieu w yo.
    • Chapèl: Jwenn ki kote chapèl yo ye ak lè reyinyon sentsèn yo, ak enfòmasyon kontak pou evèk yo.
    • Sèvis pastoral: Gade asiyasyon ak entèvyou sèvis pastoral yo.
    • Finans: Prezidans òganizasyon yo ka soumèt demann pèman, epi dirijan nan inite yo ka revize ak apwouve depans yo.
    • Misyonè Jwenn aksè nan enfòmasyon kontak pou misyonè aplentan ki asiyen epi k ap sèvi nan pawas oswa pieu w yo epi prezante zanmi bay misyonè yo.
    • Tanp ak Istwa Familyal: Gade tanp ou asiyen an, tanp ki pi pre kote ou ye kounyea, ak orè òdonans yo. Soumèt non pou lis priyè a, jwenn non familyal nan itilize Òdonans ki Pare, epi pwograme yon rapèl pou ekspirasyon rekòmandasyon tanp.
    • Jesyon Rekòmandasyon Tanp: Episkopa, prezidans branch, ak prezidans pieu yo ka emèt ak aktive rekòmandasyon tanp.
    • Rapò: Dirijan pawas ak pieu yo ka gade epi mete ajou rapò rejis manm pawas ak pieu yo, enkli rejis prezans yo.
    • Paramèt: Seleksyone yon imaj klè oswa fonse pou app la, tabli preferans ou pou telechaje foto, epi pèmèt ansyen dirijan misyon yo wè enfòmasyon kontak ou.
    • Èd: Dekouvri kisa ki nouvo, jwenn repons pou kesyon yo souvan poze yo, epi voye fidbak sou app la.
    • Senkwonize: Aktive mizajou otomatik yo, oubyen aktyalize done w yo manyèlman.

    Kesyon Komen Konsènan Sa K ap Vini

    Ki chanjman k ap vini?
    Poukisa chanjman sa yo ap fèt?
    Kilè chanjman sa yo ap fèt?
    Kòman mwen ka bay fidbak?

    Apèsi sou Sa Kap Vini

    Depi entwodiksyon li an 2010 la, aplikasyon Zouti Manm lan devlope soti nan yon repètwa dijital manm pawas ak pieu pou vin tounen yon zouti puisan avèk kapasite adisyonèl pou sipòte manm yo ansanm avèk dirijan yo atravè Legliz la. Pandan n ap kontinye ajoute anpil fonksyon ki itil, non aplikasyon an pral finalman chanje pou l vin rele Zouti Manm ak Dirijan. Nouvo fonksyon ke yo ajoute yo se rezilta rechèch apwofondi ke Legliz la fè avèk manm atravè mond lan.

    Amezi n ap fè pwogrè nan ane k ap vini yo, n ap kontinye mete atik sa a ajou pou w ka aprann sou nouvo fonksyon k ap vini yo anvan yo pibliye yo.

    Kisa Zouti Manm ye?

    App Zouti Manm lan ede manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo konekte avèk manm pawas ak pieu yo, jwenn aksè a kalandriye evènman yo, lokalize chapèl ak tanp ki tou pre yo, konekte avèk misyonè yo, ak plis ankò. Dirijan yo ka gen aksè a enfòmasyon ak rapò manm yo tou.

    Dènye Mizajou nan dat 20 Aug 2025