Òdonans ak Pwoklamasyon
Pwoklamasyon Retablisman


Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a

Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond lan

Nou deklare solanèlman ke Bondye renmen pitit Li yo nan tout nasyon nan mond lan. Bondye Papa a ba nou don nesans diven, lavi enkonparab, ak sakrifis ekspyatwa enfini Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri. Pa pouvwa Papa a, Jezi te resisite epi Li te ranpòte viktwa sou lanmò. Li se Sovè nou, Egzanp nou, ak Redanmtè nou.

Sa gen desanzan, nan yon bèl maten prentan an 1820, jèn Joseph Smith, ki t ap chèche konnen nan ki legliz pou l te mache, t ale nan yon rakbwa ki te tou pre lakay li nan Nò Nouyòk, nan Etazini, pou l te priye. Li te gen kesyon konsènan sali nanm li epi li te gen konfyans ke Bondye t ap ba l direksyon.

Avèk imilite, nou deklare ke kòm repons pou priyè l la, Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, te parèt devan Joseph epi yo te inogire “retablisman tout bagay” (Travay 3:21) la jan sa te predi nan Bib la. Nan vizyon sa a, li te aprann ke, apre lanmò premye Apot yo, Legliz Kris la nan Nouvo Testaman an te pèdi e li pa t sou tè a ankò. Joseph ta pral jwe yon gwo wòl pou fè l retounen.

Nou afime ke, anba direksyon Papa a ak Pitit Gason an, mesaje selès te vin enstwi Joseph ak retabli Legliz Jezikri a. Jan Batis resisite a te retabli otorite pou batize pa imèsyon pou remisyon peche yo. Twa nan premye Douz Apot yo—Pyè, Jak, ak Jan—te retabli apostola a ak kle otorite prètriz yo. Te gen lòt moun ki te vini tou, ladan yo, Eli, ki te retabli otorite pou ini fanmi yo ansanm pou tout tan nan relasyon etènèl ki ale pi lwen pase lanmò.

Nou temwaye ankò ke Joseph Smith te resevwa don ak pouvwa Bondye pou l te tradui yon ansyen rejis: Liv Mòmon an—Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikri. Paj tèks sakre sa a genyen yon istwa konsènan ministè pèsonèl Jezikri nan pami pèp ki t ap viv nan Emisfè Oksidantal la tousuit aprè Rezirèksyon L lan. Li ansenye bi lavi a epi li eksplike doktrin Kris la, ki se santral bi sa a. Kòm yon liv ekriti ki se konpanyon Bib la, Liv Mòmon an temwaye ke tou kretyen vivan se pitit gason ak pitit fi yon Papa eman ki nan Syèl la, ke Li gen yon plan diven pou lavi nou, epi Pitit Gason L lan, Jezikri, pale jodia menm jan L te konn pale nan tan lontan an.

Nou deklare ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ki te òganize 6 Avril 1830, se Legliz Kris la nan Nouvo Testaman an ki retabli. Legliz sa a ankre nan lavi pafè wòch fondasyon L lan, Jezikri, ak nan Ekspyasyon Enfini L lan ak Rezirèksyon literal Li a. Yon lòt fwa ankò Jezikri te aple Apot epi L te ba yo otorite prètriz la. Li envite nou tout pou nou vin jwenn Li ak Legliz Li a, pou nou resevwa Sentespri a, òdonans sali yo, epi jwenn lajwa ki dirab.

Sa fè 200 zan kounyea depi lè Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, te inisye Retablisman an. Plizyè milyon moun nan tout mond lan anbrase yon konesans sou evènman sa yo ki te pwofetize.

Nou deklare avèk lajwa ke Retablisman yo te pwomèt la ap avanse devan atravè revelasyon kontinyèl. Tè sa a pa p janm menm jan an ankò, paske Bondye pral “rasanble tout bagay fè youn nan Kris la” (Efezyen 1:10).

Avèk reverans ak gratitid, noumenm antanke Apot Li, nou envite tout moun pou yo konnen—menm jan nou konnen an—ke syèl la ouvè. Nou afime ke Bondye ap fè nou konnen volonte L pou pitit gason ak pitit fi byeneme L yo. Nou temwaye ke moun ki etidye mesaj Retablisman an nan yon espri lapriyè epi ki aji ak lafwa yo ap jwenn benediksyon pou yo gen pwòp temwayaj pa yo konsènan divinite Li ak objektif Li pou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè ak Sovè nou an, Jezikri.

Prezidan Russell M. Nelson te li pwoklamasyon sa a kòm yon pati nan mesaj li nan 190èm Konferans Jeneral Anyèl ki te fèt 5 Avril 2020 an, nan Salt Lake City, Utah.