Ekriti yo
Moyiz 7


Chapit 7

(Desanm 1830)

Enòk preche, li dirije pèp la, epi l deplase mòn—Vil Siyon an tabli—Enòk prevwa aparisyon Pitit Gason Lòm nan, sakrifis ekspyatwa Li a, ak rezirèksyon Sen yo—Li prevwa Retablisman an, Rasanbleman an, Dezyèm Aparisyon an, ak retou Siyon.

1 Epi se te konsa, Enòk te kontinye diskou li a, li te di: Gade, papa nou, Adan, te preche bagay sa yo, epi anpil moun te kwè epi yo te vin tounen apitit Bondye, epi anpil moun tou ki pa t kwè, epi yo te peri nan peche yo, epi y ap ret tann avèk blakrent, nan touman, pou move endiyasyon kòlè Bondye ki pral vide sou yo.

2 Epi depi lè sa a, Enòk te kòmanse pwofetize, li te di pèp la: Pandan m t ap vwayaje, epi m te kanpe nan plas Mayija a, epi m te kriye nan pye Senyè a, te gen yon vwa ki te soti nan syèl la, ki te di—Retounen, epi monte sou mòn Simeyon an.

3 Epi se te konsa, m te retounen epi m te monte sou mòn nan; epi pandan m te kanpe sou mòn nan, m te wè syèl la louvri, epi m te abiye alaglwa;

4 Epi m te wè Senyè a; epi l te kanpe devan fas mwen, epi l te pale avèk mwen, menm jan yon nonm t ap pale avèk yon lòt, afasafas; epi l te di m: bGade, epi m ap montre w mond lan pou yon espas anpil jenerasyon.

5 Epi se te konsa, m te gade nan vale Choum nan, epi gade, yon gwo pèp ki te rete nan tant, ki te pèp Choum nan.

6 Epi ankò Senyè a te di m: Gade; epi m te gade nan direksyon nò an, epi m te wè pèp Kanaran an, ki te rete nan tant.

7 Epi Senyè a te di m: Pwofetize; epi m te pwofetize, m te di: Men pèp Kanaran an, ki anpil, ki pral nan batay kont pèp Choum nan, ki pral touye yo nan yon fason pou yo vin detwi totalman; epi pèp Kanaran an pral divize kò yo nan peyi a, epi tè a pral vin enpwodiktif epi san fwi, epi okenn lòt pèp pa pral rete kote sa a, eksepte pèp Kanaran an;

8 Paske gade, Senyè a pral modi tè a avèk anpil chalè, epitè a pral enpwodi pou tout tan; epi te gen yon akoulè nwa ki te tonbe sou tout pitit Kanaran yo, epi yo te meprize nan pami tout pèp.

9 Epi se te konsa, Senyè a te di m: Gade; epi m te gade, m te wè peyi Charon an, ak peyi Enòk la, ak peyi Omnè a, ak peyi Heni an, ak peyi Sèm nan, ak peyi Eni an, ak peyi Ananya a, ak tout abitan ki te ladan yo;

10 Epi Senyè a te di m: Ale kote pèp sa a, epi di yo—aRepanti, pou m pa soti epi pou m pa frape yo avèk yon malediksyon, epi pou yo pa mouri.

11 Epi li te ban m yon kòmandman pou m abatize moun nan non Papa a, ak Pitit Gason an, ki plen blagras ak laverite a, ak cSentespri a, ki rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an.

12 Epi se te konsa, Enòk te kontinye rele tout pèp pou yo repanti, eksepte pèp Kanaran an;

13 Epi alafwa Enòk te tèlman gran, li te dirije pèp Bondye a, epi ènmi yo te vin batay kont yo; epi l te pale pawòl Senyè a, epi tè a te tranble, bepi mòn yo te kouri menm daprè kòmandman li; epi crivyè dlo yo te detounen nan chemen yo; epi moun te tande lyon yo k ap gwonde nan dezè a; epi tout nasyon yo te ranpli lakrent, tèlman pawòl Enòk te gen dpouvwa, epi tèlman pouvwa langaj Bondye te ba li a te gran.

14 Te gen yon tè ki te sòti nan pwofondè lanmè a tou, epi ènmi yo te tèlman gen lakrent pou pèp Bondye a, yo te kouri epi yo te kanpe lwen epi yo t ale sou tè ki te sòti nan pwofondè lanmè a.

15 Epi ajeyan yo ki nan peyi a tou te kanpe lwen; epi te gen yon malediksyon ki te tonbe sou tout moun ki t ap goumen kont Bondye yo;

16 Epi depi lè sa a te gen lagè ak masak nan pami yo; men, Senyè a te vini epi l te rete avèk pèp li a, epi yo te rete nan lajistis.

17 aLakrent Senyè a te sou tout nasyon yo, tèlman laglwa Senyè a ki te sou pèp li a te gran. Epi Senyè a te bbeni tè a, epi yo te beni sou mòn yo ak sou plas ki wo yo, epi yo te gen abondans.

18 Epi Senyè a te rele pèp li a aSiyon, paske yo te gen byon sèl kè ak yon sèl panse, epi yo te viv nan lajistis; epi pa t gen pòv pami yo.

19 Epi Enòk te kontinye predikasyon li a nan lajistis pou pèp Bondye a. Epi se te konsa, nan epòk li a, li te bati yon vil ki te rele Vil Sentete, sa vle di Siyon an.

20 Epi se te konsa, Enòk te pale avèk Senyè a; epi l te di Senyè a: Anverite, aSiyon pral rete an sekirite pou tout tan. Men, Senyè a te di Enòk: M beni Siyon, men, m modi rès pèp la.

21 Epi Senyè a te montre Enòk tout abitan yo ki sou tè a; epi gade, li te wè Siyon nan tan ki pral rive, Bondye te apran anlè nan syèl la. Epi Senyè a te di Enòk: Gade li pou mwen pou tout tan.

22 Epi tou, Enòk te wè rès pèp ki te pitit Adan yo; epi yo te yon melanj tout desandan Adan yo, eksepte desandan Kayen yo, paske desandan Kayen yo te anwa, epi yo pa t gen plas nan pami yo.

23 Epi apre Bondye te fin monte Siyon nan asyèl la, Enòk te b ctout nasyon yo ki te sou tè a devan l;

24 Epi jenerasyon te vini apre jenerasyon; epi Enòk te wo epi l te aleve anlè, nan zantray Papa a menm ak Pitit Gason Lòm nan; epi gade, pouvwa Satan te sou tout fas tè a.

25 Epi l te wè zanj ki t ap desann soti nan syèl la; epi l te tande yon vwa fò ki te di: Malè, malè pou abitan yo ki sou tè a.

26 Epi l te wè Satan; epi Satan te gen yon gwo achenn nan men li, epi l te vwale tout fas tè a avèk btenèb; epi Satan te gade anlè epi l te ri, epi czanj li yo te rejwi.

27 Epi Enòk te wè azanj ki t ap soti desann nan syèl la, ki t ap rann btemwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an; epi Sentespri a te tonbe sou anpil moun, epi pouvwa syèl la te pran yo monte nan Siyon an.

28 Epi se te konsa, Bondye ki nan syèl la te gade rès pèp la, epi l te kriye; epi Enòk te rann temwayaj konsènan sa, li te di: Kòman fè syèl la kriye, epi dlo l koule nan je l tankou lapli ki sou mòn yo?

29 Epi Enòk te di Senyè a: Kòman fè w kapab akriye, etandone w sen, epi w la depi tout letènite jouk nan tout letènite?

30 Epi si se te posib pou lòm ta konte yon ti kantite nan tè yo, wi, milyon a tankou sa a, se pa t ap menm yon kòmansman nan kantite bkreyasyon ou yo; epi fwontyè ou yo toujou laji; epi malgre sa w la, epi zantray ou la; epi tou ou jis; ou gen mizèrikòd epi ou janti pou toujou;

31 Epi ou pran Siyon mete nan pwòp zantray ou, pami tout kreyasyon ou yo, depi tout letènite jouk nan tout letènite; epi pa gen lòt bagay eksepte alapè, blajistis, ak cverite ki chita sou twòn ou; epi mizèrikòd prale devan fas ou epi l pa gen finisman; kòman ou fè kapab kriye?

32 Senyè a te di Enòk: Gade frè ou yo; yo se atravay m fè avèk pwòp men pa mwen, epi m te ba yo bkonesans yo genyen an, nan jou m te kreye yo a; epi nan Jaden Edenn nan, m te bay lòm clib abit;

33 Epi m te di frè w yo, epi m te ba yo kòmandman pou yo arenmen youn lòt, epi pou yo chwazi m, Papa yo; men, gade, yo san afeksyon, epi yo rayi pwòp san pa yo;

34 Epi adife endiyasyon m limen kont yo; epi nan gran mekontantman mwen an m ap voye bdelij la sou yo, paske move kòlè m limen kont yo.

35 Gade, m se Bondye; aLòm Sentete a se non pa mwen; Lòm Konsèy la se non pa mwen; epi San Finisman ak Etènèl a se bnon pa mwen tou.

36 Se sa ki fè, m kapab lonje men mwen epi m kapab kenbe tout kreyasyon m te fè yo; epi aje m kapab pèse yo tou, epi nan pami tout travay men m te fè, pa t janm gen gwo bmechanste tankou pa frè ou yo.

37 Men gade, peche yo pral sou tèt zansèt yo; se Satan ki pral papa yo, epi se mizè ki pral kondanasyon yo; epi tout syèl la pral kriye poutèt yo, menm tout travay ki te soti nan men m yo; se sa ki fè, èske syèl la pa dwe kriye, kòm moun sa yo pral soufri?

38 Men gade, moun sa yo je w sou yo a, yo pral peri nan delij la; epi gade m pral fèmen yo; m te pare yon aprizon pou yo.

39 Epi moun asa a m te chwazi a ap plede devan fas mwen. Se sa ki fè, li soufri pou peche yo; toutotan yo repanti nan jou moun m te bchwazi a pral retounen kote m, epi toutotan jou sa a poko rive yo pral nan ctouman;

40 Se sa ki fè, poutèt rezon sa a, syèl la pral kriye, wi, ak tout travay men m te fè yo.

41 Epi se te konsa, Senyè a te pale avèk Enòk, epi l te di l tout bagay pitit lèzòm yo t ap fè; se sa ki fè, Enòk te konnen, epi l te wè tout mechanste yo, ak mizè yo, epi l te kriye epi l te lonje ponyèt li, epi a l te gwosi laj tankou letènite; epi zantray li te ranpli ak konpasyon; epi tout letènite a te tranble.

42 Epi Enòk te wè aNoye tou, ak bfanmi Noye; epi tout desandan Noye te gen pou yo sove avèk yon sali ki tanporèl;

43 Se sa ki fè, Enòk te wè Noye konstwi yon abato; epi Senyè a te souri sou li, epi l te kenbe l nan pwòp men pa l; men, sou rès mechan yo delij la te vini epi l te anglouti yo.

44 Epi lè Enòk te wè sa, nanm li te vin anmè tankou fyèl, epi l te kriye poutèt frè l yo, epi l te di syèl la: M pral arefize konsole tèt mwen; men, Senyè a te di Enòk konsa: Leve kè w, epi ou mèt kontan; epi gade.

45 Epi se te konsa, Enòk te gade; nan Noye li te wè tout fanmi yo ki sou tè a; epi l te kriye nan pye Senyè a, li te di: Ki lè jou Senyè a pral rive? Ki lè san Moun Ki Jis la pral koule, pou tout moun k ap lamante yo kapab asanktifye epi pou yo gen lavi etènèl?

46 Epi Senyè a te di: Sa pral fèt nan amidi tan an, nan jou mechanste ak vanjans la.

47 Epi gade, Enòk te wè jou aparisyon Pitit Gason Lòm nan, nan kò fizik la menm; epi nanm li te rejwi, li te di: Moun ki Jis la leve anlè, epi yo touye aTi Mouton an depi nan fondasyon mond lan; epi pa mwayen lafwa m nan zantray Papa a, epi gade, bSiyon avèk mwen.

48 Epi se te konsa, Enòk te gade sou a a, epi l te tande yon vwa nan zantray tè a, ki te di: Malè, malè mwen menm ki se manman lèzòm; m gen doulè, m fatige, akoz mechanste pitit mwen yo. Ki lè m ap brepoze, epi pou m netwaye anba csalte ki te soti nan mwen an? Ki lè Kreyatè m nan pral sanktifye m, pou m kapab repoze, epi pou lajistis rete sou fas mwen pou kèk tan?

49 Epi lè Enòk te tande tè a lamante, dlo te nan je l, epi l te kriye nan pye Senyè a, li te di: O Senyè èske w ap gen konpasyon pou tè a? Èske w p ap beni pitit Noye yo?

50 Epi se te konsa, Enòk te kontinye kriye nan pye Senyè a, li te di: M mande w, O Senyè, nan non Sèl Pitit Literal w a, Jezikri menm, pou w gen mizèrikòd pou Noye ak desandan l yo, pou tè a pa janm kouvri ankò anba delij.

51 Epi Senyè a pa t kapab refize; epi l te fè alyans avèk Enòk, epi l te sèmante devan l avèk yon alyans pou l rete adelij yo; epi pou l rele pitit Noye yo.

52 Epi li te voye yon dekrè irevokab, pou yon arès nan desandan Noye yo ta toujou pami tout nasyon yo, pandan tè a egziste;

53 Epi Senyè a te di: Moun Mesi a pral vini pa mawyen l la, ap beni; paske li di—M se aMesi a, bWa Siyon an, cWòk Syèl la, ki laj menm jan avèk letènite; nenpòt moun ki antre nan pòt la epi ki datache avèk mwen, li p ap janm tonbe; se sa ki fè, moun m te pale yo pral beni, paske yo pral vini avèk echante lajwa etènèl.

54 Epi se te konsa, Enòk te kriye nan pye Senyè a, li te di: Lè Pitit Gason Lòm nan vini nan kò fizik la, èske tè a ap repoze? M priye w, montre m bagay sa yo.

55 Epi Senyè a te di Enòk: Gade, epi l te gade, li te wè aPitit Gason Lòm nan yo te leve sou bkwa a, jan lèzòm konn fè a;

56 Epi l te tande yon vwa fò; epi syèl la te vwale; epi tout kreyasyon Bondye yo te lamante; epi tè a te atris; epi wòch yo te fann; epi sen yo te bleve, epi yo te ckouwone bò kote ddwat Pitit Gason Lòm nan, avèk kouwòn laglwa a;

57 Epi anpil nan alespri ki te nan bprizon yo te soti, epi yo te kanpe bò kote dwat Bondye; epi rès yo te rezève nan chenn tenèb jistan jijman gwo jou a.

58 Epi ankò Enòk te gen dlo nan je l epi l te kriye nan pye Senyè a, li te di konsa: Ki lè tè a pral repoze?

59 Epi Enòk te wè Pitit Gason Lòm nan monte sou kote Papa a; epi l te rele Senyè a, li te di: Èske w p ap retounen sou tè a ankò? Paske, otan ou se Bondye, epi m konnen ou, epi w te sèmante ban mwen, epi ou te kòmande m pou m mande nan non Sèl Pitit Literal ou a; ou te fè m, epi ou te ban mwen yon dwa nan twòn ou an, pa poutèt mwen menm, men, pa mwayen lagras pa w; Se sa ki fè, m mande w èske ou p ap retounen ankò sou tè a.

60 Epi Senyè a te di Enòk: Menm jan m vivan an, se konsa tou m ap vini nan adènye jou yo, nan jou mechanste yo ak vanjans la, pou m akonpli alyans m te fè avèk ou a konsènan pitit Noye yo;

61 Epi jou a pral rive pou tè a arepoze, men, anvan jou sa a syèl la pral bnwasi, epi yon cvwal tenèb pral kouvri tè a; epi syèl la pral tranble, ak tè a tou; epi pral gen gwo tribilasyon pami nan pitit lèzòm, men m pral dprezève pèp mwen an;

62 Epi m pral voye alajistis desann soti nan syèl la; epi m pral voye bverite a soti nan c a, pou rann dtemwayaj konsènan Sèl Pitit Literal mwen an; erezirèksyon l nan pami mò yo; wi, epi tou rezirèksyon tout moun; epi m pral fè lajistis ak verite bale tè a menm jan delij la te fè a, pou frasanble moun m chwazi yo nan kat kwen tè a, pou ale nan yon plas m pral pare, yon Vil Sen, pou pèp mwen an kapab mare senti yo, epi pou yo rete tann lè m pral vini an; paske se la tabènak mwen an pral ye, epi yo pral rele l Siyon, yon gnouvo Jerizalèm.

63 Epi Senyè a te di Enòk: Epi lè sa a, ou menm ak tout avil ou a pral rankontre yo nan kote sa a, epi nou pral resevwa yo nan zantray nou, epi yo pral wè nou; epi nou pral kouri kroke nan kou yo, epi nou pral anbrase youn lòt;

64 Epi se la kay mwen pral ye, epi se pral Siyon, ki pral soti nan pami tout kreyasyon m te fè; epi pou yon aespas mil ane, tè a pral brepoze;

65 Epi se te konsa, Enòk te wè jou aaparisyon Pitit Lòm nan, nan dènye jou yo, pou rete sou tè a nan lajistis pandan yon espas mil ane;

66 Men, anvan jou sa a, li te wè gwo tribilasyon nan pami mechan yo; epi tou li te wè lanmè a ki te boulvèse, ak kè lèzòm ki te asote, yo t ap rete tann ak lakrent pou lè bjijman Bondye Toupisan an, ki dwe vini sou mechan yo.

67 Epi Senyè a te montre Enòk tout bagay, menm moun ki jis nan fen mond lan; epi li te wè jou moun ki jis yo, lè redanmsyon yo a, epi li te resevwa yon alajwa toutantye;

68 Epi tout jou aSiyon yo nan epòk Enòk la te twasanswasannsenk ane.

69 Epi Enòk ak tout pèp li a te amache avèk Bondye, epi li te rete nan mitan Siyon; epi se te konsa, Siyon pa t la, paske Bondye te resevwa l nan pwòp zantray pa l; epi depi lè sa a, pawòl la te gaye, Siyon Monte.