Ekriti yo
Moyiz 5


Chapit 5

(Jen–Oktòb 1830)

Adan ak Èv fè pitit—Adan ofri sakrifis epi l sèvi Bondye—Kayen ak Abèl fèt—Kayen revòlte, li renmen Satan plis pase Bondye, epi l vin tounen pèdisyon—Asasina ak mechanste gaye—Levanjil la preche depi nan kòmansman.

1 Epi se te konsa, apre mwen menm Senyè Bondye a, m te fin chase yo, Adan te kòmanse kiltive tè a, epi l te kòmanse gen adominasyon sou tout bèt yo ki nan jaden an, epi pou l manje avèk swè fon l, jan Senyè a te kòmande l la. Epi Èv, madanm li te travay avèk li.

2 Epi Adan te dòmi ak madanm li, epi l te a pitit gason ak bpitit fi pou li, epi yo te kòmanse cmiltipliye, epi ranpli tè a.

3 Epi depi lè sa a, pitit gason ak apitit fi Adan yo te kòmanse divize tèt yo de pa de nan peyi a, epi pou yo kiltive tè a, pou nouri twoupo yo, epi yo te fè pitit gason ak pitit fi.

4 Epi Adan ak Èv, madanm li te rele Senyè a, epi yo te tande vwa Senyè a sou chemen ki nan direksyon Jaden aEdenn nan, ki te pale avèk yo, epi yo pa t wè l; paske yo te chase soti nan bprezans li.

5 Epi l te ba yo kòmandman, pou yo aadore Senyè Bondye yo a, epi pou yo ofri chak bpremye bèt ki fèt nan twoupo yo, kòm yon ofrann pou Senyè a. Epi Adan te cobeyi kòmandman Senyè a.

6 Epi apre anpil jou, yon azanj Senyè a te parèt devan Adan, li te di: Poukisa ou ofri Senyè a bsakrifis yo? Epi Adan te di l konsa: M pa konnen, eksepte Senyè a te kòmande m.

7 Epi apre sa, zanj la te pale, li di: Bagay sa a sanble tèt koupe ak yon aresanblans bsakrifis Sèl Pitit Literal Papa a, ki plen clagras ak verite a.

8 Se sa ki fè, ou dwe fè, ou dwe fè tout sa w gen pou fè nan anon Pitit Gason an, epi w dwe brepanti epi w dwe crele Bondye non Pitit Gason an tout tan.

9 Epi jou sa a, aSentespri a te tonbe sou Adan, ki te rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an, ki te di: M se bSèl Pitit Literal Papa a depi nan kòmansman, depi kounyeya e pou tout tan, menm jan ou ctonbe a, ou kapab drachte, ak tout limanite, sa vle di tout moun ki vle.

10 Epi jou sa a, Adan te beni Bondye epi l te aranpli, epi l te kòmanse bpwofetize konsènan tout fanmi sou tè a, li te di konsa: Se pou non Bondye beni, paske poutèt transgresyon m nan, je m louvri, epi m ap gen clajwa nan lavi sa a, epi ankò nan d fizik la, m pral wè Bondye.

11 Epi aÈv, madanm li te tande tout bagay sa yo epi l te kontan, li te di: si se pa t transgresyon nou an, nou pa t ap janm gen bdesandan, epi nou pa t ap janm konnen byen ak mal, ak lajwa redanmsyon nou an, ak lavi etènèl Bondye bay tout moun ki obeyisan yo.

12 Epi Adan ak Èv te beni non Bondye, epi yo te fè tout pitit gason ak pitit fi yo akonnen tout bagay.

13 Epi aSatan te vini nan pami yo, li te di: M se yon pitit gason Bondye tou; epi l te kòmande yo, li di: Pa kwè bagay sa a; epi yo pa t bkwè, epi yo te crenmen Satan plis pase Bondye. Epi depi lè sa a, lèzòm te kòmanse vin dchanèl, sansyèl, epi dyabolik.

14 Epi Senyè Bondye a te rele lèzòm pa lantremiz aSentespri a tout kote, epi l te kòmande yo pou yo repanti;

15 Epi tout moun ki ta akwè nan Pitit Gason an e ki ta repanti nan peche yo, t ap bsove; epi tout moun ki pa ta kwè epi ki pa ta repanti, t ap ckondane; epi pawòl yo te soti nan bouch Bondye pou ale kòm yon dekrè ki fèm; se sa ki fè, yo dwe akonpli.

16 Epi Adan ak Èv, madanm li, pa t sispann rele Bondye. Epi Adan te dòmi ak Èv, madanm li, Èv te ansent epi l te fè aKayen, epi Èv te di: Senyè a ban mwen yon pitit gason se sa ki fè, li kapab pa rejte pawòl Senyè a yo. Men gade, Kayen pa t koute, li te di: Kiyès ki Senyè a pou m ta konnen l?

17 Epi Èv te ansent ankò epi l te fè frè Kayen an, aAbèl. Epi Abèl te bkoute vwa Senyè a. Abèl te yon gadò mouton, men, Kayen te yon kiltivatè.

18 Epi Kayen te arenmen Satan plis pase Bondye. Epi Satan te kòmande l, li te di: b Senyè a yon ofrann.

19 Epi apre kèk tan, se te konsa, Kayen te pote yon ofrann nan fwi ki soti nan tè a bay Senyè a.

20 Epi Abèl te pote nan premye bèt ki te fèt nan twoupo li a ak grès la tou. Epi Senyè a te fè Abèl lonè, ak aofrann li a;

21 Men, li pa t fè Kayen lonè ak aofrann li a. Satan te konnen sa, epi sa te fè l plezi. Epi Kayen te fache anpil, epi figi l te make kòlè.

22 Epi Senyè a te di Kayen: Poukisa ou fache? Poukisa kòlè make figi w?

23 Si w fè byen, m ap aaksepte w. Epi si w pa fè byen, peche kouche devan pòt la, epi Satan vle genyen w; epi si w pa koute kòmandman m yo, m ap livre w, epi l ap fè sa l vle avèk ou. Epi, ou pral gouvènen sou tèt li;

24 Paske depi kounyeya ou pral tounen papa manti l yo; non ou pral rele aPèdisyon; paske se sa w te ye anvan mond lan.

25 Epi nan tan k ap vini an, moun pral di—aabominasyon sa yo te soti nan Kayen; paske li te rejte pi gwo konsèy ki te sòti nan men Bondye a; epi se malediksyon sa a m ap mete sou ou si w pa repanti.

26 Epi Kayen te fache, epi li pa t koute vwa Senyè a ankò, ni vwa Abèl tou, frè li a, ki te mache nan sentete devan Senyè a.

27 Epi Adan ak madanm li te kriyesan devan Senyè a, poutèt Kayen ak frè li yo.

28 Epi se te konsa, Kayen te marye avèk youn nan pitit fi frè l yo, epi yo te arenmen Satan plis pase Bondye.

29 Epi Satan te di Kayen: Sèmante ban mwen sou gòj ou epi si w pale sa, w ap mouri; epi fè frè w yo sèmante sou tèt yo, ak sou Bondye ki vivan an, pou yo pa pale sa; epi jodi a menm m ap livre frè w la, Abèl nan men w.

30 Epi Kayen te sèmante devan Satan l ap fè daprè kòmandman l yo. Epi tout bagay sa yo te fèt ansekrè.

31 Epi Kayen te di: Anverite, m se Maan, mèt gwo sekrè sa a, pou m kapab fè aasasina pou lajan. Se poutèt sa yo te rele Kayen Mèt bMaan, epi l te glorifye tèt li nan mechanste li a.

32 Epi Kayen t ale nan jaden an, epi Kayen te pale avèk Abèl, frè li a. Epi se te konsa, pandan yo te nan jaden an, Kayen te leve kont Abèl, frè li a, epi l te touye l.

33 Epi Kayen te aglorifye tèt li nan sa li te fè a, li te di: M lib; anverite, twoupo frè m nan tonbe nan men m.

34 Epi Senyè a te di Kayen: Kote Abèl? Epi l te di: M pa konnen. Èske m se agadyen frè m nan?

35 Epi Senyè a te di: Kisa ou te fè konsa? Vwa frè w la ap kriye soti nan tè a monte kote m.

36 Kounyeya ou pral modi sou tè a ki te louvri bouch li pou l resevwa san frè w la.

37 Lè w kiltive tè a, li p ap ba w richès li depi kounyeya. Epi w ap tounen yon apyepoudre ak yon vagabon sou tè a.

38 Epi Kayen te di Senyè a: Satan te atante m akoz twoupo frè m nan. Epi m te fache tou; paske w te aksepte ofrann li a epi w pa t aksepte pa m nan; pinisyon m nan pi rèd pase sa m kapab sipòte.

39 Gade w chase m jodia devan fas Senyè a, epi m pral kache lwen fas ou; m pral tounen yon pyepoudre ak yon vagabon sou tè a; epi yon moun ki jwenn mwen, l ap touye m, akoz inikite m yo, pase bagay sa yo pa kache devan Senyè a.

40 Epi Senyè a te di l: Nenpòt moun ki touye w, vanjans ap tonbe sou li sèt fwa. Epi mwen menm Senyè a, m te mete yon amak sou Kayen, pou nenpòt moun ki jwenn li pa touye l.

41 Epi Kayen te ekskli nan aprezans Senyè a, epi avèk madanm li ak anpil nan frè l yo, li te rete nan peyi Nòd la, nan kote lès Edenn.

42 Epi Kayen te dòmi ak madanm li, epi l te ansent epi l te fè Enòk, epi Enòk tou te fè anpil pitit gason ak pitit fi. Epi li te bati yon vil, e li bay avil sa a pote non pitit gason l nan, Enòk.

43 Epi Enòk te fè Irad, ak lòt pitit gason ak pitit fi. Irad te fè Meyijayèl, ak lòt pitit gason ak pitit fi. Epi Meyijayèl te fè Metichayèl, ak lòt pitit gason ak pitit fi. Epi Metichayèl te fè Lamèk.

44 Epi Lamèk te marye avèk de madanm; non youn te Ada, epi non lòt la te Zila.

45 Ada te fè Jabal; li te papa moun ki te rete nan tant yo, epi yo te gadè bèf; epi non frè li a te Jabal, ki te papa moun ki te konn jwe harp ak òg yo.

46 Epi Zila te fè Toubal Kayen tou, yon enstriktè nan pwofesyon eren ak fè. Epi sè Toubal Kayen an te rele Naama.

47 Epi Lemèk te di madanm li yo, Ada ak Zila: Tande vwa mwen, nou menm madanm Lamèk yo, epi koute pawòl mwen; paske m te touye yon nonm pou blesi m yo, ak yon nonm pou doulè m yo.

48 Si Kayen pral vanje sèt fwa, Lemèk pral vanje aswasanndisèt fwa;

49 Paske Lemèk te fè aalyans avèk Satan menm jan ak Kayen, kote l te vin tounen Mèt Maan, mèt gwo sekrè Satan te bay Kayen an; epi Irad, pitit gason Enòk la ki te konnen sekrè yo a, li te kòmanse revele l bay pitit gason Adan yo;

50 Se sa ki fè, Lemèk te fache, li te touye l, pa menm jan Kayen te touye frè l la, Abèl, poutèt lajan, men li te touye l pou prezève alyans la.

51 Paske, depi nan epòk Kayen an, te genyen akonbinezon sekrè, epi travay yo te nan fènwa, epi chak moun te konnen frè yo.

52 Se sa ki fè, Senyè a te modi Lemèk, epi lakay li, ak tout sa ki te fè alyans avèk Satan yo; paske yo pa t respekte kòmandman Bondye a yo, epi sa te deplè Bondye, epi li pa t administre pou yo, epi travay yo se te abominasyon, epi l te kòmanse gaye pami tout apitit gason lèzòm. Epi se te pami pitit gason lèzòm yo.

53 Epi bagay sa yo pa t pale pami pitit fi lèzòm yo, paske Lemèk te bay madanm li yo sekrè a, epi yo te revòlte kont li, epi yo te deklare bagay sa yo an piblik, epi yo pa t gen konpasyon;

54 Se sa ki fè, moun te meprize Lemèk, epi yo te chase l, epi l pa t vini pami pitit gason lèzòm yo pou l pa t mouri.

55 Epi se konsa travay atenèb la te kòmanse gen pouvwa pami tout pitit gason lèzòm.

56 Epi Bondye te modi tè a avèk yon move malediksyon, epi l te fache kont mechan yo, avèk tout pitit lèzòm li te kreye yo;

57 Paske yo pa t vle koute vwa li, ni kwè nan aSèl Pitit Gason Literal la, moun ki te deklare l ap vini nan midi tan, ki te pare depi anvan fondasyon mond lan.

58 Epi se konsa, alevanjil la te kòmanse preche, nan kòmansman, se bzanj yo te voye soti nan prezans Bondye, epi pa mwayen vwa pa li, ak pa don cSentespri a.

59 Epi se konsa tout bagay te konfime pou Adan, pa yon òdonans sen, epi Levanjil la te preche, epi yo te voye yon dekrè, pou l te nan mond lan, jiska lafen mond lan; epi se konsa sa te ye. Amèn.