Ekriti yo
Moyiz 3


Chapit 3

(Jen–Oktòb 1830)

Bondye te kreye tout bagay espirityèlman anvan yo te sou tè a natirèlman—Li te kreye lòm, premye kò fizik sou tè a—Fi se yon konpay egal ego pou lòm.

1 Konsa, syèl la ak tè a te afini ak tout sa ki te bladan yo.

2 Epi nan setyèm jou a, mwen menm Bondye, m te fini travay mwen, ak tout bagay m te fè; epi m te arepoze nan bsetyèm jou a apre tout travay mwen, epi tout bagay m te fè yo te fini, epi mwen menm Bondye, m te wè yo te bon;

3 Epi mwen menm Bondye, m te abeni setyèm jou a, epi m te sanktifye l; paske nan jou sa a m te repoze anba btravay mwen menm Bondye m te kreye epi m te fè.

4 Epi kounyeya, gade, m di ou, sa yo se jenerasyon syèl la ak tè a, lè yo te kreye a, nan epòk mwen menm Senyè Bondye a, m te fè syèl la ak tè a,

5 Ak chak pyebwa ki nan jaden yo aanvan yo te sou tè a, ak chak plant ki nan jaden yo anvan yo te grandi. Paske mwen menm Senyè Bondye a, m te bkreye tout bagay m te pale yo, cespirityèlman, anvan yo te vin sou fas tè a natirèlman. Paske mwen menm Senyè Bondye a, m potko fè lapli tonbe sou fas tè a. Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te dkreye tout pitit lèzòm yo; epi potko gen yon moun pou kiltive e a; paske m te fkreye yo nan gsyèl la; epi potko gen kò fizik sou tè a, ni nan dlo yo, ni anlè a;

6 Men, mwen menm Senyè Bondye a, m te pale, epi te gen yon abwouya ki te sòti sou tè a monte anlè, epi l te wouze tout fas tè a nèt.

7 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te fòme lòm avèk apousyè tè a, epi m te soufle souf lavi a andedan twou nen l; epi blòm te vin tounen yon cnanm vivan, dpremye kò fizik ki te sou tè a, premye moun nan tou; sepandan, tout bagay te kreye deja; men, yo te kreye espirityèlman epi yo te fèt daprè pawòl mwen.

8 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te plante yon jaden nan kote lès aEdenn, epi se la m te mete moun m te fòme a.

9 Epi nan tè a, mwen menm Senyè Bondye a, m te fè grandi natirèlman chak pyebwa ki fè je lòm plèzi; epi lòm te kapab wè l. Epi l te vin tounen yon nanm vivan tou. Paske li te espirityèl nan epòk m te kreye l la; paske li rete nan anviwònman mwen menm Bondye, m te kreye l la, wi, menm tout bagay m te pare pou itilite lòm; epi lòm wè li te bon pou manje. Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te plante apyebwa lavi a tou nan mitan jaden an, ak bpyebwa konesans byen ak mal la.

10 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te fè yon rivyè sòti nan Edenn pou wouze jaden an; epi se la li te divize tounen kat abranch.

11 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te rele premye a Pichon, epi l te travèse tout tè Avila a, kote Senyè Bondye a te kreye anpil lò a;

12 Epi lò tè sa a te bon, epi te gen bdelyòm ak pyè kristal onyx.

13 Epi non dezyèm rivyè a se Giyon; se rivyè sa a ki travèse tout tè Etyopi a.

14 Epi non twazyèm rivyè a se te Idekèl; se rivyè ki ale nan direksyon lès Asiri a. Epi katriyèm rivyè a se te Efrat.

15 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te pran lòm, epi m te mete l nan jaden Edenn nan, pou l anbeli l epi pou l pran swen l.

16 Epi mwen menm Senyè a, m te kòmande lòm, m te di: Ou kapab manje nan chak fwi ki nan jaden an avèk libète,

17 Men, ou pa dwe manje nan fwi konesans byen ak mal la sepandan, ou kapab achwazi pou tèt pa w, paske ou gen kapasite sa a; men, sonje m te defann sa, paske bjou ou manje ladan l w ap cmouri kanmèm.

18 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te di aSèl Pitit Literal mwen an, sa pa bon pou lòm ta pou kont li; se sa ki fè, m ap fè yon bkonpay pou li.

19 Epi avèk tè a, mwen menm Senyè Bondye a, m te fòme chak bèt ki nan chan yo, ak chak volay ki anlè a; epi m te kòmande pou yo vin jwenn Adan, pou wè kòman li t ap rele yo; epi yo te nanm vivan tou; paske mwen menm Bondye, m te soufle souf lavi a andedan yo, epi m te kòmande pou nenpòt non Adan ta bay chak kreyati vivan, se t ap non yo.

20 Epi Adan te bay tout betay yo non, ak volay ki anlè yo, ak chak bèt ki nan chan yo; men, kanta pou Adan, pa t gen okenn konpay pou li.

21 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te lakòz yon gran somèy tonbe sou Adan; epi l te dòmi, m te pran youn nan kòt li yo epi m te refèmen kò li ankò;

22 Epi avèk kòt ki mwen menm, Senyè Bondye a, te pran nan lòm nan, m te fòme yon afi, epi m te mennen l bay lòm.

23 Epi Adan te di: M konnen moun sa a se zo ki soti nan zo mwen, ak achè ki soti nan chè mwen; M ap rele l Fi, paske li te sòti nan yon nonm.

24 Se poutèt sa, yon nonm dwe kite papa l ak manman l pou l aatache avèk madanm li; epi y ap vin tounen yon bsèl kò.

25 Epi yo tou lède te toutouni, mari a ak madanm nan, epi yo pa t wont.