Ekriti yo
Moyiz 2


Chapit 2

(Jen–Oktòb 1830)

Bondye kreye syèl yo ak tè a—Tout kalite vi te kreye—Bondye fè lòm epi l ba li dominasyon sou tout lòt bagay.

1 Epi se te konsa, Senyè a te pale avèk Moyiz, li te di: Gade, m ba w arevelasyon ou konsènan bsyèl sa a ak c sa a; ekri pawòl m di yo. M se kòmansman ak lafen, dBondye Toupisan an; pa mwayen eSèl Pitit Literal mwen an, m te fkreye bagay sa yo; wi, nan kòmansman m te kreye syèl la, ak tè a kote ou kanpe a.

2 Epi a a te san fòm, epi l te vid; epi m te fè tenèb parèt byen fon ladan; epi Lespri m te mouvmante sou fas dlo a; paske m se Bondye.

3 Epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou gen alimyè; epi te gen limyè.

4 Epi mwen menm Bondye, m te wè limyè a; epi limyè sa a te abon. Epi mwen menm Bondye, m te separe limyè ak tenèb.

5 Epi mwen menm Bondye m te rele limyè a jounen; epi m te rele tenèb la nuit; epi m te fè sa pa pouvwa apawòl mwen, epi sa te fèt jan m te bpale; epi apre midi a ak maten an te premye cjou a.

6 Epi ankò, mwen menm Bondye, m te di: se pou gen yon aespas nan mitan dlo a, sa te fèt, jan m te pale a menm; epi m te di: se pou l separe dlo yo avèk dlo yo; epi sa te fèt;

7 Epi mwen menm Bondye, m te fè espas la an epi m te divize adlo yo, wi, gwo dlo yo ki anba espas la an avèk dlo yo ki te anlè espas la an. Epi sa te fèt jan m te pale a.

8 Epi mwen menm Bondye, m te rele espas la an aSyèl; epi apre midi a ak maten te dezyèm jou a.

9 Epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou dlo yo ki anba syèl rasanble ansanm nan ayon sèl plas, epi sa te fèt; epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou gen tè sèch; epi sa te fèt.

10 Epi mwen menm Bondye, m te rele tè sèch la a; epi m te rele dlo ki te rasanble ansanm yo Lanmè; epi mwen menm Bondye, m te wè tout bagay m te fè yo te bon.

11 Epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou tè a pouse azèb, plant yo fè semans, zabfwitye bay fwi, daprè kalite pa l, epi zabfwitye bay fwi ki gen grenn semans andedan l sou tè a, epi sa te fèt jan m te pale a.

12 Epi tè a te pouse zèb, chak plant te bay semans daprè espès pa l, epi zabfwitye te bay fwi ki gen grenn semans andedan l, daprè espès li; epi mwen menm Bondye, m te wè tout bagay m te fè yo te bon;

13 Epi apre midi a ak maten an te twazyèm jou a.

14 Epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou gen limyè nan espas syèl la, pou divize jounen an ak nuit la, epi yo dwe la kòm siy, epi pou sezon, epi pou ane;

15 Epi yo dwe la kòm limyè nan espas syèl la pou bay limyè sou tè a; epi sa te fèt.

16 Epi mwen menm Bondye, m te fè de gwo alimyè; pi gwo limyè a pou klere jounen an, epi pi piti a pou klere nuit la, epi pi gwo limyè a te solèy la, epi pi piti limyè a te lalin nan; epi zetwal yo te kreye tou menm daprè pawòl mwen.

17 Epi mwen menm Bondye, m te tabli yo nan espas syèl la pou yo bay tè a limyè,

18 Epi solèy la pou klere jounen an, ak lalin nan pou klere nuit la, epi pou divize limyè ak tenèb; epi mwen menm Bondye, m te wè tout bagay m te fè te bon;

19 Epi apre midi a ak maten an te katriyèm jou a.

20 Epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou dlo yo ranpli an abondans avèk kreyati mouvan ki gen lavi yo, ak volay ki kapab vole anlè tè a nan espas tout lajè vas syèl la.

21 Epi mwen menm Bondye, m te kreye gwo abalèn, ak chak kreyati vivan k ap fè mouvman, kreyati dlo yo te ranpli an abondans, daprè espès pa yo, ak chak volay ki gen zèl daprè espès pa li; epi mwen menm Bondye, m te wè tout bagay m te kreye te bon.

22 Epi mwen menm Bondye, m te beni yo, m te di: Se pou nou bay fwi, amiltipliye, epi ranpli dlo yo ki nan lanmè a; epi se pou volay yo miltipliye sou tè a;

23 Epi apre midi a ak maten an te senkyèm jou a.

24 Epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou tè a ranpli avèk kreyati vivan daprè espès pa yo, bèt gadinaj, ak bèt ki ranpe yo, ak bèt ki sou tè a daprè espès pa yo, epi sa te fèt;

25 Epi mwen menm Bondye, m te fè bèt ki sou tè yo daprè espès pa yo, ak bèt gadinaj yo daprè espès pa yo, ak chak bèt ki ranpe yo sou tè a daprè espès pa yo; Epi mwen menm Bondye, m te wè tout bagay sa yo te bon.

26 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te di aSèl Pitit Literal mwen an, ki te avèk mwen depi nan kòmansman an: An nou b lòm daprè cimaj nou, daprè resanblans nou; epi sa te fèt. Epi mwen menm Bondye, m te di: Se pou yo gen ddominasyon sou pwason yo ki nan lanmè a, ak volay yo ki anlè a, ak sou bèt gadinaj yo, ak sou tout tè a, ak sou tout bèt ki ranpe yo sou tè a.

27 Epi mwen menm aBondye, m te kreye lòm daprè pwòp imaj pa mwen, m te kreye l daprè imaj Sèl Pitit Literal mwen an; m te kreye yo gason ak fi.

28 Epi mwen menm Bondye, m te beni yo, epi m te di yo: Se pou nou bay fwi, epi amiltipliye, epi ranpli tè a, epi soumèt li, epi domine sou pwason yo ki nan lanmè a, ak sou volay yo ki anlè a, ak sou tout bagay vivan k ap fè mouvman sou tè a.

29 Epi mwen menm Bondye, m te di lòm: Gade m ba ou chak plant ki pote semans, ki sou fas tè a, ak chak zabfwitye ki pral gen fwi pyebwa ki bay semans; pou ou sa pral sèvi kòm amanje.

30 Epi pou chak bèt ki sou tè a, ak chak volay ki anlè a, ak chak bèt ki ranpe yo sou tè a, chak sa m akòde lavi, pral gen plant pou yo manje; epi sa te fèt menm lè m t ap pale a.

31 Epi mwen menm Bondye, m te wè tout bagay m te fè, epi gade, tout bagay m te fè te abon anpil; epi apre midi a ak maten an te bsizyèm jou a.