Ekriti yo
Moyiz 1


Seleksyon ki soti nan
Liv Moyiz la

Yon ekstrè ki soti nan Bib la, menm jan yo te revele l ba Pwofèt Joseph Smith, Jen 1830–Fevriye 1831.

Chapit 1

(Jen 1830)

Bondye fè Moyiz wè l—Moyiz transfigire—Satan atake l—Moyiz te wè anpil mond ki abite—Pitit Gason an te kreye mond nou pa kapab konte—Travay Bondye ak laglwa li, se pou l reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.

1 Pawòl Bondye te apale ak bMoyiz pandan Moyiz te vin transpòte sou yon mòn ki wo anpil.

2 Epi l te a Bondye bfasafas, epi l te pale avèk li, epi claglwa Bondye te sou Moyiz; se poutèt sa, Moyiz te kapab drete nan prezans li.

3 Epi Bondye te pale avèk Moyiz, li te di: Gade, m se Senyè Bondye aToupisan an, epi non mwen se bEnfini; paske m pa gen kòmansman jou oubyen finisman ane; èske sa se pa enfini?

4 Epi gade, ou se pitit gason m; se sa ki fè, agade, epi m ap montre ou travay bmen mwen; men, se pa tout, paske ctravay mwen pa gen dfinisman, ak epawòl mwen tou, paske yo pa janm sispann.

5 Se sa ki fè, pèsonn pa kapab wè tout travay mwen yo, eksepte si li wè tout laglwa mwen; epi pèsonn pa kapab wè tout laglwa mwen epi apre sa pou l rete nan kò fizik la sou tè a.

6 Epi m gen yon travay pou ou, Moyiz, pitit gason m nan; epi ou nan aresanblans bSèl Pitit Literal mwen an; epi Sèl Pitit Literal mwen an se epi li pral cSovè a, paske li plen dlagras ak everite; men, pa gen fokenn lòt Bondye apre mwen, epi tout bagay prezan pou mwen, paske m gkonnen yo tout.

7 Epi kounyeya, gade, m ap montre ou yon bagay, Moyiz, pitit gason m nan, paske ou nan mond lan, epi kounyeya m ap montre ou li.

8 Epi, se te konsa, Moyiz te gade, epi l te wè amond kote yo te kreye l la; epi Moyiz te b mond lan ak ekstremite l, ak tout pitit lèzòm yo ki sou li, epi ki te kreye; epi poutèt bagay sa a, li te cetone epi l te kontan anpil.

9 Epi prezans Bondye te soti bò kote Moyiz, konsa laglwa li pa t sou Moyiz; epi Moyiz te rete pou kont li, epi kòm li te rete pou kont li, li te tonbe atè.

10 Epi se te konsa, yon espas plizyè èdtan te pase anvan Moyiz te repran afòs natirèl li kòm moun ankò; epi li te di tèt pa l konsa: kounyeya, poutèt rezon sa a, m konnen lòm pa banyen, yon bagay m pa t janm sipoze.

11 Men kounyeya, pwòp je pa m te wè aBondye; pa je bnatirèl, men, je espirityèl mwen; paske je natirèl mwen pa ta kapab wè; paske m t ap cseche epi m t ap dmouri nan prezans li; men, laglwa l te sou mwen; epi m te wè efas li, paske m te vin ftransfigire devan l.

12 Epi se te konsa, lè Moyiz te fin di bagay sa yo, gade, aSatan te vin btante l, Satan te di konsa: Moyiz, pitit gason lòm nan, adore m.

13 Epi se te konsa, Moyiz te gade Satan epi Moyiz te di: Kiyès ou ye? Paske gade m se yon apitit gason Bondye, nan resanblans Sèl Pitit Literal li a; epi kote laglwa w pou m adore w la?

14 Paske gade, m pa t kapab gade Bondye san laglwa li pa t sou mwen, epi m te vin atransfigire devan l, men, m kapab gade w nan lòm natirèl. Èske se pa sa vrèman?

15 Se pou non Bondye m nan beni, paske Lespri l pa t sòti nèt sou mwen, oubyen kote laglwa w, paske li fè nwa nan mwen? Epi m kapab fè diferans ant ou menm ak Bondye; Paske Bondye te di m: aAdore Bondye, paske se limenm sèlman ou dwe bsèvi.

16 Wete kò w, Satan; pa twonpe m; paske Bondye te di m: ou asanble Sèl Pitit Literal mwen an.

17 Epi tou li te ban m kòmandman lè l te rele m nan akolòn dife a, li te di konsa: bPriye Bondye nan non Sèl Pitit Literal mwen an, epi adore m.

18 Epi ankò Moyiz te di: M p ap sispann rele Bondye, m gen lòt bagay pou m mande l: paske laglwa li te sou mwen, se poutèt sa m kapab fè diferans ant limenm avèk ou. Pati ale, Satan.

19 Epi kounyeya, lè Moyiz te fin di pawòl sa yo, Satan te rele avèk yon vwa ki fò, epi l te frape tè a, li te kòmande, epi l te di: M se aSèl Pitit Literal la, adore m.

20 Epi se te konsa, Moyiz te kòmanse gen anpil lakrent, epi pandan l te kòmanse gen lakrent, li te wè afyèl lanfè, sepandan, paske l bte rele non Bondye, li te resevwa fòs, epi l te kòmande, li te di: Pati soti kote m, paske se sèlman Bondye sa a m ap adore, ki se Bondye laglwa a.

21 Epi kounyeya, aSatan te kòmanse tranble, epi tè a te souke; epi Moyiz te resevwa fòs, epi l te rele Bondye, li te di: nan non Sèl Pitit Literal la, pati, Satan.

22 Epi se te konsa, Satan te rele avèk yon vwa ki fò, li te kriye, li te rele, li te amanje dan l, epi l te pati, kite prezans Moyiz menm, epi Moyiz pa t wè l ankò.

23 Epi kounyeya, Moyiz te rann temwayaj konsènan bagay sa a; men, poutèt mechanste, yo pa t konn sa pami pitit lèzòm.

24 Epi se te konsa, lè Satan te fin pati sot nan prezans Moyiz, epi Moyiz te leve je l anlè nan syèl la, li te ranpli avèk aSentespri a, ki rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an;

25 Epi paske l te rele non Bondye, li te wè laglwa Bondye ankò, paske l te sou li; epi l te tande yon vwa ki te di: Ou beni, Moyiz, paske mwen menm, Toupisan an, m chwazi ou, epi m pral fè ou pi fò pase anpil adlo; paske yo pral obeyi bkòmandman ou kòm si ou se cBondye.

26 Epi gade, m avèk ou menm jouk nan lavi a; paske ou pral adelivre pèp mwen an anba besklavaj, cIzrayèl m te dchwazi a.

27 Epi se te konsa, pandan vwa a te toujou ap pale, Moyiz te voye je l epi l te a tè a, wi, li te wè l toutantye; epi pa t gen yon pati ladan l li pa t wè, li te disène l avèk Lespri Bondye.

28 Epi li te wè abitan ki sou li yo, epi pa gen yon nanm li pa t wè; epi li te disène yo avèk Lespri Bondye; epi kantite yo te gran, moun pa t menm ka konte yo, yo te tankou sab ki sou bò lanmè.

29 Epi l te wè anpil tè; chak tè yo te arele tè, epi te gen abitan sou sifas yo.

30 Epi se te konsa, Moyiz te priye Bondye, li te di: Di mwen, m priye ou, poukisa bagay sa yo konsa, epi avèk kisa ou fè yo?

31 Epi gade, laglwa Senyè a te sou Moyiz, konsa Moyiz te kanpe nan prezans Bondye, epi Moyiz te pale avèk li afasafas. Epi Senyè Bondye a te di Moyiz: M te fè bagay sa yo pou bobjektif pa m. Sa a se lasajès, epi l rete nan mwen.

32 Epi m te kreye yo pa pouvwa apawòl mwen, ki se Sèl Pitit Gason Literal mwen an, ki plen blagras ak cverite.

33 Epi m te akreye pakèt bmond moun pa kapab konte; epi tou m te kreye yo pou objektif pa m; epi m te kreye yo pa lantremiz Pitit Gason an, ki se cSèl Pitit Literal mwen an.

34 Epi apremye moun pami lèzòm yo, m te rele l bAdan, ki vle di canpil.

35 Men, se sèlman istwa tè sa a ak abitan l yo m ap ba ou, paske gade, gen anpil mond ki deja pase pa pouvwa pawòl mwen. Epi gen anpil ki kanpe kounyeya, epi lòm pa kapab konte yo; men tout bagay konte pou mwen, paske yo pou mwen epi m akonnen yo.

36 Epi se te konsa, Moyiz te pale avèk Senyè a, li te di: Gen mizèrikòd pou sèvitè w la, O, Bondye, epi pale m konsènan tè sa a, ak abitan ki sou li yo, ak syèl yo, epi apre sa sèvitè w la ap satisfè.

37 Epi Senyè Bondye a te pale avèk Moyiz, li te di l: aSyèl yo anpil, epi lòm pa kapab konte yo, men, yo konte pou mwen, paske yo pou mwen.

38 Epi lè yon tè pase, ak syèl ki pou li yo, se menm jan an yon lòt ap vini; epi pa gen afinisman nan travay mwen yo, ni nan pawòl mwen yo.

39 Paske gade, sa a se atravay mwen ak blaglwa mwen—pou m reyalize cimòtalite ak lavi detènèl lòm.

40 Epi kounyeya, Moyiz, pitit gason m nan, m ap pale avèk ou konsènan tè a kote ou kanpe a; epi ou dwe aekri bagay m pral pale yo.

41 Epi nan yon epòk lè pitit lèzòm yo pral pran pawòl mwen yo pou anyen, epi yo pral aretire anpil ladan yo nan liv ou pral ekri a, gade, m pral leve yon lòt moun btankou w; epi cyo pral vin retounen pami pitit lèzòm—pami tout sa ki kwè.

42 (Senyè a te apale Moyiz pawòl sa yo sou mòn nan, non mòn nan p ap revele pami pitit lèzòm. Epi kounyeya m pale ou bagay sa yo. Pa montre pèsonn moun yo, eksepte moun ki kwè. Se konsa sa ye. Amèn.)