Èd pou Etid
TJS, Jenèz 14


TJS, Jenèz 14:25–40. Konpare avèk Jenèz 14:18–20

Mèlkisedèk beni Abram. Ekriti sa a dekri gran ministè Mèlkisedèk la ak pouvwa ak benediksyon Prètriz Mèlkisedèk yo.

25 Epi Mèlkisedèk te leve vwa l epi l te beni Abram.

26 Kounyeya, Mèlkisedèk te yon nonm ki te gen lafwa, ki te akonpli lajistis; epi lè l te timoun, li te gen lakrent pou Bondye, epi l te bloke bouch lyon yo, epi l te apeze vyolans dife a.

27 Epi paske Bondye te apwouve l, yo te òdone l kòm yon gran prèt daprè lòd alyans Bondye te fè avèk Enòk la,

28 Ki te daprè lòd Pitit Gason Bondye a; lòd sa a ki pa t soti nan lòm, ni nan volonte lòm ni nan papa a ni nan manman an; ni nan kòmansman jou yo ni nan finisman ane yo; Men, nan Bondye;

29 Epi Bondye te bay lèzòm li avèk apèl vwa pa l menm, daprè volonte pa l menm, pou tout moun ki kwè nan non l.

30 Paske Bondye te sèmante bay Enòk ak desandan l yo avèk yon sèman pou tèt pa l; pou chak moun ki òdone daprè lòd sa a ak apèl sa a gen pouvwa, pa mwayen lafwa, pou kraze mòn yo, pou divize lanmè yo, pou seche dlo yo, pou detounen yo nan kouran yo;

31 Pou mete lame nasyon yo an defi, pou divize tè a, pou kase tout kòd, pou kanpe nan prezans Bondye; pou fè tout bagay daprè volonte l, daprè kòmandman l, pou soumèt prensipalite yo ak pouvwa yo; epi sa dwe fèt avèk volonte Pitit Gason Bondye a ki te egziste anvan fondasyon mond lan.

32 Epi paske lèzòm te gen lafwa sa a, yo te rantre nan lòd Bondye sa a, yo te chanje epi li te pran yo monte anlè nan syèl la.

33 Epi kounyeya, Mèlkisedèk te yon prèt nan lòd sa a; se poutèt sa li te jwenn lapè nan peyi Salèm, epi yo te rele l Prens lapè a.

34 Epi pèp sa a te pratike lajistis, epi yo te jwenn syèl la, epi yo te wè vil Enòk la Bondye te pran anvan an, vil Bondye te separe avèk tè a, li te rezève l pou dènye jou yo, oubyen finisman mond lan;

35 Epi l te di konsa, epi l te sèmante avèk yon sèman, pou syèl la ak tè dwe fè yon sèl; epi pitit Bondye yo dwe epwouve kòmsi yo te mete yo nan yon boukan dife.

36 Epi paske Mèlkisedèk sa a te tabli lajistis konsa, pèp li a te rele l wa syèl la, oubyen ki vledi, Wa lapè.

37 Epi l te leve vwa l, epi l te beni Abram, paske li te gran prèt, epi li te administratè magazen Bondye a;

38 Limenm Bondye te anplwaye pou resevwa ladim pou pòv yo.

39 Se sa ki fè Abram te peye l ladim sou tout sa l te genyen, sou tout richès li, epi Bondye te bay Abram plis pase sa li te bezwen.

40 Epi se te konsa, Bondye te beni Abram, epi l te ba li richès, ak onè, ak tè pou yon posesyon etènèl; daprè alyans li te fè a, epi daprè benediksyon Mèlkisedèk te akòde l yo.