Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 75


Seksyon 75

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Amherst, Ohio, 25 Janvye 1832. Seksyon sa a gen de revelasyon separe (premye a nan vèsè 1 jiska 22 epi dezyèm nan apati vèsè 23 jiska 36) yo te resevwa menm jou a. Okazyon an sete yon konferans kote yo te soutni Joseph Smith epi li te òdone kòm Prezidan Gran Prètriz la. Gen kèk ansyen ki te vle aprann plis detay konsènan devwa imedyat yo. Yo te resevwa revelasyon sa yo.

1–5, Ansyen ki fidèl yo ki preche levanjil la ap jwenn lavi etènèl; 6–12, Priye pou ou resevwa konsolatè a, ki ansenye tout bagay; 13–22, Ansyen yo pral chita nan jijman kont moun ki rejte mesaj yo a; 23–36, Fanmi misyonè yo dwe resevwa èd nan men Legliz la.

1 An verite, an verite, m di nou, m pale avèk avwa Lespri m nan menm, bAlfa ak Omega a menm, Senyè ak Bondye nou an—

2 Koute, O, noumenm ki te bay non nou pou ale pwoklame levanjil mwen an, epi pou nou asekle bjaden m nan.

3 Gade, m di nou, se volonte m pou nou ale epi pou nou pa rete, ni fè aparès, men, pou nou travay avèk pouvwa nou—

4 Pou nou leve vwa nou, kòmsi se avèk vwa yon twonpèt, pou nou apwoklame bverite a daprè revelasyon ak kòmandman m te ba nou yo.

5 Epi konsa, si nou fidèl n ap rekonpanse avèk anpil azepi, epi n ap bkouwone avèk conè, ak dlaglwa, ak eimòtalite, ak flavi etènèl.

6 Se poutèt sa, an verite, m di nou, sèvitè m nan William E. McLellin, m awete apèl m te ba ou pou ale nan peyi lès yo;

7 Epi m ba li yon nouvo apèl ak yon nouvo kòmandman, pou mwen menm Senyè a, achatye l poutèt li te bplenyen nan kè l;

8 Epi li te fè peche; men, m padone l epi m di l ankò, Ale nan peyi sid yo.

9 Epi se pou sèvitè m nan, Luke Johnson ale avèk li pou l pwoklame bagay m te kòmande l yo—

10 Pou yo rele non Senyè a pou aKonsolatè a, ki pral ansenye yo tout bagay ki nesesè pou yo—

11 Pou yo apriye tout tan pou yo pa fayi; epi toutotan yo fè sa, m ap avèk yo menm jiska lafen.

12 Gade, se volonte Senyè Bondye w la konsènan ou. Se konsa sa ye. Amèn.

13 Epi ankò, an verite, Senyè a di, se pou sèvitè m nan aOrson Hyde ak sèvitè m nan bSamuel H. Smith fè yon vwayaj ale nan peyi lès yo, epi pou yo pwoklame bagay m te kòmande yo; epi toutotan yo fidèl, gade, m ap cavèk yo jiska lafen.

14 Epi ankò, an verite, m di sèvitè m nan Lyman Johnson, ak sèvitè m nan aOrson Pratt, yo dwe fè yon vwayaj nan peyi lès yo tou; epi gade, m avèk yo tou, menm jiska lafen.

15 Epi ankò, m di sèvitè m nan Asa Dodds, ak sèvitè m nan Calves Wilson yo dwe fè yon vwayaj nan peyi lwès yo tou pou yo pwoklame levanjil mwen an, jan m te kòmande yo a.

16 Epi moun ki fidèl ap gen pouvwa sou tout bagay, epi l ap aleve nan dènye jou yo.

17 Epi ankò, m di sèvitè m nan Major N. Ashley, ak sèvitè m nan Burr Riggs pou yo fè yon vwayaj nan peyi sid la.

18 Wi, epi se pou tout moun sa yo fè yon vwayaj, jan m te kòmande yo a, pou yo soti nan yon kay ale nan yon lòt, nan yon vilaj ale nan yon lòt, epi nan yon vil ale nan yon lòt.

19 Epi nan nenpòt kay nou antre, si yo resevwa nou, kite benediksyon nou sou kay sa a.

20 Epi nan nenpòt kay nou antre, si yo pa resevwa nou, nou dwe pati kite kay sa a rapid rapid, epi asouke pousyè a soti nan pye nou yo kòm yon temwayaj kont yo;

21 Epi nou pral ranpli avèk alajwa ak kontantman; epi konnen sa, nan jou jijman an n ap bjij kay sa a, epi nou pral kondane yo;

22 Epi sa pral pi sipòtab pou moun ki ate yo nan jou jijman an pase pou kay sa a; se poutèt sa, amare senti nou, epi nou dwe fidèl, epi n ap gen viktwa sou tout bagay, epi n ap leve nan dènye jou a. Se konsa sa ye. Amèn.

23 Epi ankò, Senyè a di nou, O, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, ki te bay non nou pou nou kapab konnen volonte l konsènan nou—

24 Gade, m di nou, se devwa legliz la pou l ede nan sipòte fanmi moun sa yo ki te aple a epi ki dwe ale nan mond lan pou pwoklame levanjil la bay mond lan.

25 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m ba nou kòmandman pou nou jwenn kote pou fanmi nou, toutotan frè nou yo vle louvri kè yo.

26 Epi se pou tout moun ki kapab jwenn kote pou fanmi yo, ak sipò nan men legliz la pou yo pa manke ale nan mond lan, ni nan lès oubyen nan lwès, ni nan nò oubyen nan sid.

27 Se pou yo mande epi y ap resevwa, frape epi y ap louvri pou yo, epi anlè ap fè yo konnen, menm pa lantremiz aKonsolatè a, ki kote pou yo ale.

28 Epi ankò, an verite, m di nou, tout moun ki oblije apran swen pwòp bfanmi l, se pou l pran swen l, epi nan okenn fason, li p ap pèdi kouwòn li; epi se pou l travay nan legliz la.

29 Se pou chak moun adjanm nan tout bagay. Epi bparese p ap gen plas yo nan legliz la, eksepte si yo repanti epi repare tèt yo.

30 Se poutèt sa, se pou sèvitè m nan Simeon Carter ak sèvitè m nan Emer Harris reyini nan ministè a;

31 Epi ak sèvitè m nan Ezra Thayre ak sèvitè m nan aThomas B. Marsh;

32 Epi sèvitè m nan Hyrum Smith ak sèvitè m nan Reynolds Cahoon;

33 Epi sèvitè m nan Daniel Stanton ak sèvitè m nan Seymour Brunson;

34 Epi sèvitè m nan Sylvester Smith ak sèvitè m nan Gideon Carter;

35 Epi sèvitè m nan Ruggles Eames ak sèvitè m nan Stephen Burnett;

36 Epi sèvitè m nan Micah B. Welton ak sèvitè m nan Eden Smith. Se konsa sa ye. Amèn.