Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 57


Seksyon 57

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Siyon, Konte Jackson, Missouri, 20 Jiyè 1831. An akò avèk kòmandman Senyè a pou vwayaje al Missouri a, kote Li t ap revele “peyi eritaj ou a” (seksyon 52), ansyen yo te vwayaje soti Ohio ale nan fwontyè lwès Missouri a. Joseph Smith te konstate eta Lamanit yo epi l t ap mande tèt li: “Kilè dezè a ap fleri tankou yon flè woz? Kilè Siyon ap bati nan laglwa li, epi kikote tanp ou a pral kanpe, kote tout nasyon yo pral vini nan dènye jou yo?” Kòm konsekans, li te resevwa revelasyon sa a.

1–3, Independence, Missouri, se plas pou Vil Siyon an ak tanp lan; 4–7, Sen yo dwe achte tè epi yo dwe resevwa eritaj nan zòn sa a; 8–16, Sidney Gilbert dwe tabli yon magazen, William W. Phelps dwe vin tounen yon enprimè, epi Oliver Cowdery dwe emprime materyèl pou piblikasyon an.

1 Senyè Bondye nou di, koute, O, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an, ki rasanble tèt nou ansanm, daprè kòmandman m, nan peyi sa a, ki se peyi aMissouri a, ki se b m te tabli epi m te ckonsakre pou drasanbleman Sen yo.

2 Se poutèt sa, se tè pwomès la, epi se aplas pou vil bSiyon an.

3 Epi Senyè Bondye nou an di, si nou vle resevwa lasajès, men lasajès. Gade, kote ki rele Independence la kounyeya se pwen santral la; epi yon plas pou atanp la plase nan zòn lwès la, sou yon teren ki pa lwen tribinal la.

4 Se poutèt sa, li saj pou Sen yo ta aachte tè a, ak chak bout tè ki nan zòn lwès la, sa vle di nan liy ki pase dirèkteman ant bJuif yo ak Janti yo;

5 Epi tou ak tout bout tè ki separe preri yo, toutotan disip mwen yo kapab aachte tè. Gade li saj pou yo bgenyen li pou yon eritaj etènèl.

6 Epi se pou sèvitè m nan, Sidney Gilbert rete nan ofis m te lonmen l la, pou l resevwa lajan, pou l yon aajan pou legliz li, pou l achte tè nan tout rejyon alantou yo, toutotan sa kapab fèt nan lajistis, epi jan lasajès dirije l.

7 Epi se pou sèvitè m nan aEdward Partridge rete nan ofis m te lonmen l la, pou l bdivize eritaj Sen yo ba yo jan m te kòmande a; epi tou moun m te lonmen pou ede l yo.

8 Epi ankò, an verite m di nou, se pou sèvitè m nan Sidney Gilbert tabli tèt li nan kote sa a, pou l tabli yon magazen, pou l vann machandiz san foub, pou l kapab jwenn lajan pou l achte tè pou Sen yo, epi pou kapab jwenn nenpòt bagay disip yo ta bezwen pou tabli yo nan eritaj yo a.

9 Epi tou se pou sèvitè m nan, Sidney Gilbert jwenn yon lisans—gade men lasajès epi nenpòt moun ki li l ap konprann—pou l kapab voye pwovizyon bay pèp la, pa lantremiz yon moun l ap chwazi kòm grefye ki anplwaye nan sèvis li;

10 Epi konsa, pou pran swen Sen mwen yo, pou levanjil mwen an kapab preche pou moun ki chita nan atenèb yo ak nan rejyon e blonbraj lanmò yo.

11 Epi ankò, an verite, m di nou, se pou sèvitè m nan, aWilliam W. Phelps etabli tit li nan kote sa a, epi pou l etabli kòm benprimè pou legliz la.

12 Epi gade, si mond lan resevwa sa l ap ekri yo—gade, men lasajès—se pou l jwenn nenpòt sa li kapab nan lajistis pou byen sen yo.

13 Epi se pou sèvitè m nan, aOliver Cowdery ede l, jan m te kòmande a, nenpòt kote li anplwaye pou kopye, pou l korije, pou l seleksyone, pou tout bagay kapab byen devan mwen, jan Lespri a pwouve sa pa lantremiz Oliver.

14 Epi konsa, se pou moun m te pale yo etabli tèt yo nan peyi Siyon an, vit yo kapab, avèk fanmi yo, pou yo fè bagay sa yo jan m te pale a.

15 Epi kounyeya, konsènan rasanbleman an—Se pou evèk la ak ajan an fè preparasyon pou fanmi sa yo m te kòmande pou vini nan peyi sa a, pi vit posib, epi pou enstale yo nan eritaj yo a.

16 Epi ni rès ansyen yo ak rès manm legliz yo pral resevwa lòt oryantasyon pita. Se konsa sa ye. Amèn.