Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 50


Seksyon 50

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 9 Me 1831. Istwa Joseph Smith la rapòte ke kèk nan ansyen yo pa t konprann manifestasyon diferan lespri yo ki gaye sou tè a, epi li te resevwa revelasyon sa a kòm repons demand li te fè konsènan sijè sa a. Swadizan fenomèn espirityèl te kouran pami manm yo; kèk nan manm yo te fè konnen yo te resevwa vizyon ak revelasyon.

1–5, Anpil fo lespri gaye sou tè a; 6–9, Malè pou ipokrit yo ak moun ki retranche nan Legliz la; 10–14, Ansyen yo dwe preche levanjil la avèk Lespri a; 15–22, Lespri a dwe klere ni predikatè yo ni moun k ap koute yo; 23–25, Yon bagay ki pa edifye moun pa soti nan Bondye; 26–28, Moun ki fidèl yo posede tout bagay; 29–36, Bondye reponn priyè moun ki pirifye yo; 37–46, Kris la se Bon Bèje a ak Wòch Izrayèl la.

1 Koute, O, ou menm ansyen yo ki nan legliz mwen an, epi tande vwa Bondye ki vivan an; epi koute pawòl sajès nou pral resevwa yo, jan nou te mande a epi jan nou te mande konsènan legliz la, ak lespri yo ki mache gaye sou tè a.

2 Gade, an verite m di nou, gen anpil lespri ki se afo lespri, ki ale sou tè a pou yo twonpe mond lan.

3 Epi tou aSatan ap chèche twonpe nou pou l kapab chavire nou.

4 Gade, mwen menm Senyè a, m te voye je sou nou, epi m wè abominasyon nan legliz la k ap adeklare non mwen an.

5 Men, moun ki fidèl yo epi ki apèsevere jiska lafen beni, kit se nan lavi oubyen nan lanmò, paske y ap eritye lavi etènèl.

6 Men, malè pou moun ki atwonpe lòt epi ki ipokrit, paske, Senyè a di, m ap mennen yo nan jijman.

7 Gade, an verite m di nou, gen aipokrit pami nou, ki te twonpe kèk moun, ki te bay badvèsè a cpouvwa; men, m pral devwale dmoun sa yo;

8 Men, m pral detekte ipokrit yo epi m pral aretranche yo nan lavi oubyen nan lanmò, jan m vle; epi malè pou moun ki retranche nan legliz mwen an, paske mond lan gen pouvwa sou moun sa yo.

9 Se poutèt sa, se pou chak moun pran prekosyon pou l pa fè sa ki pa nan verite ak lajistis devan mwen.

10 pa mwayen Lespri a, Senyè a di ansyen yo ki nan legliz la, vini kounyeya epi an nou arezone ansanm, pou nou kapab konprann;

11 An nou rezone menm jan yon moun rezone youn avèk lòt fasafas.

12 Kounyeya, lè yon moun rezone, lòt moun konprann li, paske li rezone tankou yon moun; se menm jan an tou, mwen menm Senyè a, m ap rezone avèk nou pou nou kapab akonprann.

13 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m poze nou kesyon sa a—poukisa yo te aòdone nou?

14 Pou nou preche levanjil mwen an avèk aLespri a, bKonsolatè a menm m te voye pou ansenye verite a.

15 Epi apre sa èske nou resevwa alespri nou pa te kapab konprann, epi nou resevwa yo kòmsi yo soti nan Bondye; èske nou jistifye nan bagay sa a?

16 Gade, nou dwe reponn kesyon sa a pou tèt pa nou; men, m ap gen mizèrikòd pou nou; yon moun ki fèb pami nou apre sa, m ap fè l vin a.

17 An verite m di nou, yon moun m òdone epi m voye apreche pawòl verite a pa lantremiz Konsolatè a, nan Lespri verite a, èske l preche pa lantremiz bLespri verite a oubyen nan yon lòt fason?

18 Epi si se nan yon lòt fason, sa pa soti nan Bondye.

19 Epi ankò, yon moun ki resevwa pawòl verite a, èske l resevwa l pa lantremiz Lespri verite a oubyen nan yon lòt fason?

20 Si se nan yon lòt fason, sa pa soti nan Bondye.

21 Se poutèt sa, kòman nou fè pa kapab konprann ni konnen, yon moun ki resevwa pawòl la pa lantremiz Lespri verite a, moun sa a resevwa l jan Lespri verite a preche l?

22 Se poutèt sa, yon moun ki preche epi yon moun ki tande, youn dwe konprann lòt, epi yo tou de dwe aedifye epi yo dwe brejwi ansanm.

23 Epi yon bagay ki pa edifye moun, li pa soti nan Bondye, epi li se atenèb.

24 Yon bagay ki soti nan Bondye li se alimyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki bkontinye nan Bondye, li resevwa cplis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jistan l fè jou klè.

25 Epi ankò, an verite m di nou, nou kapab konnen averite a, pou nou kapab chase tenèb soti pami nou;

26 Yon moun Bondye òdone epi Bondye voye, moun sa a jwen apèl pou l vin pi agran pase tout lòt, menm lè li pi piti epi l se bsèvitè tout moun.

27 Se poutèt sa, li aposede tout bagay; paske tout bagay soumèt devan l, ni nan syèl la ni sou tè a, lavi a ak limyè a, Lespri a ak bpouvwa a volonte Papa a te voye pa mwayen Jezikri, Pitit Gason li a.

28 Men, pèsonn pa posede tout bagay eksepte si l apirifye epi si l blave anba tout peche.

29 Epi si nou pirifye epi nou lave anba tout peche, n ap amande nenpòt bagay nou vle nan non Jezi epi l ap fèt.

30 Men, aprann sa, n ap resevwa sa nou mande; epi lè nou aple pou n adirije, lespri yo ap soumèt devan nou.

31 Se poutèt sa, se pral konsa, si nou wè yon alespri manifeste nou pa kapab konprann, epi nou pa resevwa lespri sa a, nou dwe mande Papa a nan non Jezi; epi si l pa ba nou lespri sa a, lè sa a, nou kapab konnen li pa soti nan Bondye.

32 Epi n ap gen apouvwa sou lespri sa a; epi n ap pwoklame byen fò kont lespri sa a pou fè konnen li pa soti nan Bondye—

33 Non pa avèk yon aton akizasyon, pou yo pa gen pouvwa sou nou, ni avèk blògèy, ni rejwisans, pou yo pa sezi nou.

34 Yon moun ki resevwa nan men Bondye, se pou l admèt sa soti nan Bondye; epi se pou l rejwi paske Bondye twouve l diy pou l resevwa.

35 Lè nou prete atansyon epi lè nou fè bagay sa yo nou te resevwa, epi nou pral resevwa lòt apre—epi Papa a ba nou awayòm nan, ak bpouvwa pou nou gen dwa sou tout bagay li pa òdone—

36 Epi gade, an verite, m di nou, noumenm k ap tande pawòl sa yo ki pou mwen yo nan bouch sèvitè m nan, nou beni, paske peche nou yo apadone.

37 Se pou sèvitè m nan, Joseph Wakefield, ki fè m plezi a, ak sèvitè m nan, aParley P. Pratt ale pami legliz yo pou ranfòse yo avèk pawòl begzòtasyon;

38 Ak sèvitè m nan John Corrill, oubyen kantite pami sèvitè m yo amezi yo òdone nan ofis sa a, epi se pou yo travay nan ajaden m nan; epi okenn moun pa dwe anpeche yo fè sa m te anplwaye yo pou yo fè a—

39 Se poutèt sa, sèvitè m nan, aEdward Partridge pa jistifye nan bagay sa a; men, se pou l repanti epi l ap jwenn padon.

40 Gade, nou se timoun piti epi nou pa kapab asipòte tout bagay kounyeya; nou dwe bgrandi nan clagras ak nan konesans dverite a.

41 Pa gen alakrent, btimoun yo, paske nou pou mwen, epi m gen cpouvwa sou mond lan, epi nou nan pami moun Papa m te dban mwen yo;

42 Epi pa gen youn nan moun Papa m te ban mwen yo k ap apèdi.

43 Epi mwen menm ak Papa a nou se ayoun. M nan Papa a epi Papa a nan mwen; epi toutotan nou resevwa m, nou nan mwen epi m nan nou.

44 Se poutèt sa, m nan mitan nou, epi m se abon bèje a, ak bwòch Izrayèl la. Yon moun ki bati sou cwòk sa a li p ap djanm tonbe.

45 Epi jou a pral vini pou nou tande vwa m epi pou nou a m epi pou nou konnen m egziste.

46 Se poutèt sa, aveye pou nou kapab bpare. Se konsa sa ye. Amèn.