Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 46


Seksyon 46

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Legliz la, nan Kirtland, Ohio, 8 Mas 1831. Nan kòmansman Legliz la, yon modèl presi pa t ko devlope pou dirije sèvis Legliz la. Sepandan, yon koutim pou admèt sèlman manm Legliz ak envestigatè ki sensè nan reyinyon sentsèn yo ak lòt asanble Legliz la te vin yon jan jeneral. Revelasyon sa a eksprime volonte Senyè a konsènan fason pou gouvène ak fason pou dirije reyinyon yo ak direksyon Li konsènan chèche ak disène don Lespri yo.

1–2, Ansyen yo dwe dirije reyinyon yo jan Sentespri a gide yo; 3–6, Yo pa dwe refize moun k ap chèche verite sensèman nan sèvis sentsèn yo; 7–12, Mande Bondye epi chèche don Lespri yo; 13–26, Yo site kèk nan don Lespri yo; 27–33, Dirijan Legliz yo resevwa pouvwa pou yo konnen don Lespri yo.

1 Koute, O, noumenm pèp legliz mwen an; paske anverite m di nou, m te di nou bagay sa yo pou apwofi nou epi pou nou aprann.

2 Men, malgre bagay sa yo ekri, aansyen yo ki nan legliz mwen an te toujou resevwa enspirasyon, depi nan kòmansman, epi y ap toujou resevwa enspirasyon, pou yo bdirije tout reyinyon jan Sentespri a enspire yo epi jan l gide yo.

3 Men, m kòmande nou pou nou pa janm amete okenn moun deyò nan reyinyon piblik nou yo ki fèt devan mond lan.

4 M kòmande nou tou pou nou pa mete okenn moun ki manm alegliz la deyò nan reyinyon sentsèn nou yo; sepandan, si nenpòt moun transgrese, bpa kite l pran sentsèn jistan li fè rekonsilyasyon.

5 Epi m di nou ankò, nou pa dwe mete deyò nan reyinyon sentsèn okenn moun k ap chèche wayòm nan avèk senserite—m pale bagay sa a konsènan moun ki pa manm legliz yo.

6 Epi m di nou ankò, konsènan reyinyon akonfimasyon nou yo, si gen nenpòt moun ki pa manm legliz la, k ap chèche wayòm nan avèk senserite, nou pa dwe mete yo deyò.

7 Men, m kòmande nou nan tout bagay pou nou amande Bondye, ki bay libelibè; epi sa Lespri a temwaye nou, m ta vle pou nou fè l avèk yon kè ki plen bsentete, pou nou mache dwat devan mwen, pou nou ckonsidere objektif sali nou, pou nou fè tout bagay avèk priyè epi avèk dremèsiman, pou move lespri pa esedui nou, oubyen doktrin fdyab la, oubyen gkòmandman lèzòm; paske gen kèk ki soti nan men lèzòm, epi gen lòt ki soti nan men dyab la.

8 Se poutèt sa, fè atansyon pou nou pa twonpe; epi pou yo pa twonpe nou, achèche pi bon don yo sensèman, toujou sonje poukisa yo ba nou yo;

9 Paske m di nou an verite, nou resevwa yo pou benefis moun ki renmen m epi ki respekte kòmandman m yo, ak pou moun k ap chèche fè sa; pou tout moun ki mande m kapab benefisye, ki pa mande pou yon asiy, pou yo kapab bitilize l lè yo gen anvi.

10 Epi ankò, an verite m di nou, m ta vle nou toujou sonje, epi pou nou toujou kenbe sa nan apanse nou, kisa bdon sa yo legliz la resevwa a ye.

11 Paske, tout moun pa resevwa tout don; paske, gen anpil don, epi Lespri Bondye a bay achak moun yon don.

12 Kèk moun resevwa youn, epi kèk lòt moun resevwa yon lòt, pou tout moun kapab pwogrese.

13 Sentespri a bay kèk moun don pou yo akonnen Jezikri se Pitit Gason Bondye a, epi yo te krisifye li pou peche mond lan.

14 Kèk lòt moun resevwa don pou yo akwè nan pawòl yo, pou yo kapab genyen lavi etènèl si yo rete fidèl.

15 Epi ankò, Sentespri a bay kèk moun don pou yo konnen adiferans ki genyen ant administrasyon, kòm sa va fè menm Bondye a plezi, daprè volonte Senyè a, nan relasyon avèk mizèrikòd li, daprè kondisyon pitit lèzòm.

16 Epi ankò, Sentespri a bay kèk moun don pou yo vin konnen divès fòm operasyon, si yo soti nan Bondye, pou chak moun resevwa manifestasyon Lespri a pou chak moun kapab benefisye nan tout.

17 Epi ankò, an verite m di nou, Lespri Bondye a bay kèk moun don pawòl asajès.

18 Yon lòt moun resevwa pawòl akonesans, pou ansenye tout moun pou yo kapab saj epi pou yo kapab gen konesans.

19 Epi ankò, kèk moun resevwa don pou yo gen alafwa pou yo kapab geri;

20 Epi kèk lòt moun resevwa don pou yo gen lafwa pou fè agerizon.

21 Epi ankò, kèk moun resevwa don pou yo fè amirak;

22 Epi lòt moun resevwa don pou yo apwofetize;

23 Epi lòt moun, pou yo adistenge lespri yo.

24 Epi ankò, kèk moun resevwa don pou yo pale an alang;

25 Epi yon lòt moun resevwa don entèpretasyon lang.

26 Epi tout adon sa yo soti nan Bondye, pou benefis bpitit Bondye yo.

27 Epi aevèk legliz la, ak lòt moun Bondye pral lonmen epi li pral òdone pou voye je sou legliz la, epi pou vin ansyen nan legliz la, yo pral resevwa kapasite pou bdistenge tout don sa yo pou pèsonn moun nan pami nou pa gen pretansyon san yo pa soti nan Bondye.

28 Epi se pral konsa yon moun ki mande selon aLespri, l ap resevwa selon Lespri;

29 Pou kèk moun kapab resevwa tout don sa yo, pou kapab gen yon chèf, pou chak manm kapab benefisye.

30 Yon moun ki amande selon bLespri a, li mande daprè cvolonte Bondye; se poutèt sa, sa fèt jan l mande a.

31 Epi ankò, m di nou, tout bagay dwe fèt nan non Kris la, nenpòt sa n ap fè nan Lespri a;

32 Epi nou dwe bay Bondye aremèsiman nan Lespri a pou nenpòt benediksyon li ba nou.

33 Epi nou dwe pratike avèti ak bsentete devan mwen tout tan. Se konsa sa ye. Amèn.