Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 29


Seksyon 29

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan prezans sis ansyen, nan Fayette, New York, Septanm 1830. Yo te resevwa revelasyon sa a kèk jou anvan konferans lan, ki te dwe kòmanse 26 Septanm 1830.

1–8, Kris la rasanble moun Li chwazi yo; 9–11, L ap vin inogire Milenyòm nan; 12–13, Douz yo ap jije tout Izrayèl; 14–21, Siy, fleo, ak dezolasyon pral rive anvan Dezyèm Vini an; 22–28, Dènye rezirèksyon an ak jijman final la vini apre Milenyòm nan; 29–35, Tout bagay yo espirityèl pou Senyè a; 36–39, Yo te chase dyab la ak patizan l yo soti nan syèl la pou yo tante lòm; 40–45, Chit la ak ekspyasyon an pote sali; 46–50, Timoun piti yo rachte pa mwayen ekspyasyon an.

1 Koute vwa Jezikri, Redanmtè w la, Gran aMwen Menm nan, moun ponyèt bmizèrikòd li te cekspye peche w yo;

2 Ki pral arasanble pèp li a menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li yo, menm tout moun ki koute vwa m epi ki gen bimilite devan m, epi ki rele m nan priyè ki pisan.

3 Gade, an verite, an verite, m di nou, kounyea peche nou yo apadone, se poutèt sa nou resevwa bagay sa yo; men, sonje pou nou pa peche ankò, pou malè pa tonbe sou nou.

4 An verite, m di nou, m chwazi nou pami mond lan pou nou deklare levanjil mwen an avèk yon son lakontantman, tankou avwa yon twonpèt.

5 Leve kè nou epi kontan, paske m apami nou, epi m se bavoka nou devan Papa a; epi li gen bon dezi pou l ba nou cwayòm nan.

6 Epi jan sa te ekri a—Nenpòt sa nou amande avèk blafwa, si nou creyini ansanm nan priyè daprè kòmandman mwen an, n ap resevwa l.

7 Epi nou te resevwa apèl pou nou reyalize arasanbleman moun ke m bchwazi yo; paske moun mwen chwazi yo ctande vwa m epi yo pa fè d yo di;

8 Se poutèt sa, yon dekrè soti nan men Papa a pou yo arasanble nan yon sèl plas sou sifas peyi sa a, pou yo bprepare kè yo epi pou yo prepare nan tout bagay kont jou lè ctribilasyon ak dezolasyon desann kont mechan yo.

9 Paske, Senyè tout Lame yo di, lè a pre epi jou a pral rive talè pou tè a mi; epi tout aògeye yo ak moun ki fè mechanste yo pral tankou bpay; epi m ap cboule yo, pou mechanste sispann sou tè a.

10 Paske lè a pre, epi bagay apot mwen yo te apale a dwe akonpli; paske jan yo te pale a se konsa sa pral pase;

11 Paske m pral revele tèt mwen depi nan syèl la avèk pouvwa epi gwo laglwa, avèk tout alame syèl yo, pou m rete nan blajistis avèk lèzòm sou tè a pandan cmil ane, epi mechan yo p ap kapab kanpe.

12 Epi ankò, an verite, an verite, m di w, epi sa te soti nan yon dekrè fèm, avèk volonte Papa a, pou fè konnen, aapot mwen yo, Douz yo ki te avè m nan ministè mwen an nan Jerizalèm, ap kanpe a dwat mwen, jou m ap vini m nan yon kolòn bdife a, y ap abiye avèk wòb lajistis, avèk kouwòn sou tèt yo, nan claglwa menm jan avèk mwen, pou yo djije tout kay Izrayèl la, tout sila yo ki te renmen m epi ki te respekte kòmandman m yo, epi pèsonn lòt moun ankò.

13 Paske yon atwonpèt pral sonnen pandan lontan epi byen fò, menm jan avèk sou Mòn Sinayi a, epi tout tè a pral tranble, epi yo bpral resisite—wi, sa ki te cmouri nan mwen yo, pou yo resevwa yon dkouwòn lajistis, epi pou yo abiye, emenm jan avèk mwen, pou nou kapab youn.

14 Men, gade, m di nou, anvan gwo ajou sa a rive, bsolèy la ap pral fènwa, epi lalin nan ap tounen san, epi zetwal yo ap sot tonbe nan syèl la, epi ap gen pi gwo csiy anlè nan syèl la ak anba sou tè a.

15 Epi ap gen kriye ak arèl pami lèzòm;

16 Epi ap gen yon gwo asiklòn lagrèl pou detwi jaden yo sou tè a.

17 Epi se pral konsa, akoz mechanste mond lan, m ap tire arevanj sou bmechan yo, paske yo pa vle repanti; paske tas endiyasyon m nan ranpli; paske gade csan mwen p ap netwaye yo si yo pa tande m.

18 Se poutèt sa, mwen menm Senyè Bondye a, m ap voye sou sifas tè a mouch, k ap kouvri abitan tè yo, k ap manje chè kò yo, epi k ap fè vè monte sou kò yo;

19 Epi lang yo ap mare pou yo pa kapab apale kont mwen; epi chè kò yo ap tonbe soti sou zo yo, epi boul je yo ap tonbe soti nan twou je yo;

20 Epi se pral konsa abèt nan forè yo ak zwazo rapas anlè yo pral devore yo.

21 Epi gwo legliz aabominab la, ki se bpwostitye sou tout tè a, ap detwi anba yon dife cdevoran, menm jan bouch Ezekyèl, pwofèt la te pale a konsènan bagay sa yo ki pa ko rive, men ki ddwe rive kanmèm, menm jan m vivan an, paske abominasyon p ap pral renye.

22 Plis ankò, an verite, an verite, m di nou, lè amil lane yo fin pase, epi lèzòm kòmanse nye Bondye yo a ankò, lè sa a m ap epanye tè a pandan yon ti bkras tan sèlman;

23 Epi alafen an ap vini, epi syèl la ak tè a pral konsonmen epi yo pral bpase, epi pral gen yon nouvo syèl ak yon cnouvèl tè.

24 Paske tout bagay ansyen pral apase, epi tout bagay pral vin nouvo, menm syèl la ak tè a, ak tout plenitid yo, lèzòm ak bèt yo, epi zwazo anlè yo, ak pwason yo ki nan lanmè a;

25 Epi ni yon grenn acheve ni yon ti pay p ap pèdi, paske se travay men mwen.

26 Men, gade, an verite, m di nou, anvan tè a pase, aMichèl, bakanj mwen an pral sonnen ctwonpèt li a, epi apre sa tout mò yo pral dleve, paske tonb mò yo pral louvri, epi yo epral parèt—wi, yo tout.

27 Epi moun ki ajis yo pral rasanble sou kote bdwat mwen pou lavi etènèl; epi mechan yo sou kote goch mwen, m pral wont pou m rekonèt yo devan Papa a;

28 Se poutèt sa, m ap di yo—aWete kò nou kote m, moun modi, ale nan bdife etènèl la, ki te pare pou cdyab la ak zanj li yo.

29 Epi kounyeya, gade, m di nou, m pa t janm deklare avèk bouch pa m yo ta pral retounen, paske yo pa kapab vini akote m ye a, paske yo pa gen pouvwa.

30 Men, sonje, lèzòm pa resevwa tout jijman mwen yo; epi jan pawòl yo soti nan bouch mwen an se konsa yo ap akonpli, pou apremye yo kapab vin dènye, epi pou dènye yo kapab vin premye nan tout bagay m te kreye avèk pawòl pouvwa mwen, ki se pouvwa Lespri m.

31 Paske se avèk pouvwa Lespri m mwen te akreye yo; wi, tout bagay bespirityèl ak tout bagay tanporèl—

32 Premyèman, aespirityèl, dezyèmman, tanporèl ki se kòmansman travay mwen an; epi ankò, premyèman, tanporèl, dezyèmman, espirityèl ki se dènye travay mwen an—

33 M pale avèk nou pou nou kapab konprann natirèlman; men, pou mwen menm, travay mwen yo pa gen afinisman, ni kòmansman; men m ban nou l pou nou kapab konprann, paske nou te mande m epi nou te dakò.

34 Se poutèt sa, an verite, m di nou, tout bagay espirityèl pou mwen, epi nan okenn moman m pa janm ba nou okenn lalwa ki tanporèl; ni okenn moun, ni pitit lèzòm yo; ni Adan, papa nou, mwen te kreye a.

35 Gade, m te fè l chwazi pou atèt pa li; epi m te ba li kòmandman, men m pa t ba li kòmandman tanporèl, paske bkòmandman m yo espirityèl; yo pa natirèl ni tanporèl, ni chanèl ni sansyèl.

36 Epi se te konsa paske dyab la te tante Adan—paske, gade, adyab la te la anvan Adan, epi li te fè brebèl kont mwen, li te di, ban m conè w la, ki se dpouvwa mwen an; epi li te pouse yon etyè nan flame syèl la kont mwen akoz glib abit yo;

37 Epi m te chase yo desann, epi se konsa adyab la ak bzanj li yo te vini;

38 Epi gen yon kote ki te prepare pou yo depi nan kòmansman, kote sa a se alanfè.

39 Epi li nesesè pou dyab la atante pitit lèzòm, san sa yo pa t ap kapab chwazi pou tèt pa yo; paske si yo pa t janm goute banmè yo pa t ap konnen sa ki dous—

40 Se poutèt sa, se te konsa dyab la te tante Adan, li te manje nan afwi defandi a, epi li te transgrese kòmandman an, konsa li te vin bsoumèt anba volonte dyab la paske li te bay tantasyon priyorite.

41 Se poutèt sa, mwen menm Senyè Bondye a, m te fè achase l nan Jaden bEdenn an, devan prezans mwen, poutèt transgresyon l lan, ki te fè l vin mouri cespirityèlman an, ki se premye lanmò a, sa vle di menm lanmò sa a ki se dènye dlanmò a, ki espirityèl, ki pral pwononse sou mechan yo lè m di: wete kò nou emadichon.

42 Men, gade, m di nou, mwen menm Senyè Bondye a, m te fè Adan ak desandan li yo pa amouri, daprè lanmò tanporèl la, jistan mwen menm, Senyè Bondye a, m voye bzanj pou deklare yo crepantans ak dredanmsyon, pa mwayen lafwa nan non eSèl Pitit Gason Literal mwen an.

43 Epi se konsa, mwen menm Senyè Bondye a, m te fikse pou lòm, jou aeprèv li yo—pa mwayen lanmò natirèl li a, pou l kapab bleve nan cimòtalite pou l dviv etènèl, menm tout moun ki kwè;

44 Epi moun ki pa kwè yo, pou adanasyon etènèl; paske yo pa kapab rachte anba chit espirityèl yo a, paske yo pa repanti;

45 Paske yo renmen fènwa plis pase limyè, epi azèv yo move, epi yo resevwa brekonpans yo nan men moun yo te chwazi pou yo obeyi a.

46 Men gade, m di nou, atimoun piti yo brachte depi nan fondasyon mond lan pa lantremiz Sèl Pitit Literal mwen an;

47 Se poutèt sa, yo pa kapab fè peche, paske Satan pa resevwa pouvwa pou l atante timoun piti yo, jistan yo vin bresponsab devan m;

48 Paske m fikse pou yo, jan m vle, daprè bon plezi pa m, pou gwo responsablite soti nan men apapa yo.

49 Epi ankò, m di nou, nenpòt moun ki gen konesans, èske m pa kòmande yo pou yo repanti?

50 Epi yon moun ki pa gen akonpreyansyon, se zafè pa m pou m fè daprè jan sa te ekri a. Epi kounyeya, m p ap deklare ou plis pou kounyeya. Amèn.