Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 17


Seksyon 17

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris nan Fayette, New York, Jen 1829, anvan yo te wè plak grave yo ki te genyen rejis Liv Mòmon an. Joseph ak grefye li a, Oliver Cowdery te aprann nan tradiksyon plak Liv Mòmon yo, twa temwen espesyal ta pral chwazi (gade nan Etè 5:2–4; 2 Nefi 11:3; 27:12). Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris te anime avèk yon dezi enspire pou yo vin tounen twa temwen espesyal yo. Pwofèt la te mande Senyè a, epi li te resevwa revelasyon sa a kòm repons atravè Ourim ak Toumim nan.

1–4, Avèk lafwa, twa temwen yo pral wè plak yo ak lòt materyèl sakre yo; 5–9, Kris la bay temwayaj konsènan divinite Liv Mòmon an.

1 Gade, m di nou, nou dwe konfie nou nan pawòl mwen, si nou fè sa avèk yon kè ki sensè, nou va a bplak yo, ak kiras la, ak cepe Laban an, ak dOurim ak Toumim nan, efrè Jarèd la te resevwa yo sou mòn nan lè l te pale avèk Senyè a ffasafas la, ak bouldirektè yo ki kapab fè gmirak Leyi te resevwa pandan li te nan dezè a, bò hLanmè Wouj la.

2 Epi se avèk lafwa nou, nou pral wè yo, avèk menm lafwa sa a ansyen pwofèt yo te genyen an.

3 Epi apre nou fin gen lafwa, epi nou fin wè yo avèk je nou, bay atemwaye konsènan yo, avèk pouvwa Bondye;

4 Epi n ap dwe fè sa pou sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, pa detwi, pou m kapab reyalize objektif ki jis mwen yo pou pitit lèzòm yo nan travay sa a.

5 Epi nou pral temwaye pou fè konnen nou te wè yo, menm jan sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, te wè yo a; paske se avèk pouvwa m li te wè yo, epi se paske li te gen lafwa.

6 Epi li te tradui aliv la, bpati sa a menm m te kòmande l la, epi menm jan Senyè Bondye nou an vivan, bagay sa a se verite.

7 Se poutèt sa, nou te resevwa menm pouvwa a, menm lafwa, ak menm don an tankou l;

8 Epi si nou respekte dènye kòmandman m sa yo, sila m te ba nou yo, apòt lanfè yo p ap gen pouvwa sou nou; paske blagras mwen an ase pou nou epi m ap cleve nou anlè nan dènye jou a.

9 Epi mwen menm, Jezikri, aSenyè nou an ak Bondye nou an te pale avèk nou, pou m kapab reyalize objektif ki jis mwen yo pou pitit lèzòm yo. Amèn.