Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 137


Seksyon 137

Yon vizyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan tanp Kirtland, Ohio, 21 Janvye 1836. Sete nan okazyon administrasyon òdonans nan preparasyon pou konsekrasyon tanp lan.

1–6, Pwofèt la wè frè li a, Alvin nan wayòm selès la; 7–9, Revelasyon sou Doktrin sali pou mò yo; 10, Tout timoun sove nan wayòm selès la.

1 aSyèl yo te louvri sou tèt nou, epi m te wè wayòm bselès Bondye a, ak laglwa ki ladan l, m pa kapab di si nou te nan c fizik la oubyen si nou pa t ladan l.

2 M te wè bèlte enkonparab apòt kote eritye yo ki pou wayòm sa a pral antre a, ki te tankou bflanm dife k ap fè toubiyon;

3 Epi tou twòn aeklatan Bondye a, kote bPapa a ak cPitit Gason an te chita.

4 M te wè bèl lari wayòm sa a genyen, ki te gen aparans yon bagay ki pave avèk a.

5 M te wè Papa aAdan ak bAbraram; ak cpapa m ak dmanman m; frè m nan, eAlvin, ki t ap dòmi depi lontan;

6 Epi m te etone pou m wè li te gen aeritaj nan wayòm sa a, paske li te kite lavi sa a anvan Senyè a te mete men l pou l rasanble Izrayèl yon bdezyèm fwa, epi li pa t cbatize pou padon peche.

7 Se konsa avwa Senyè a te vin jwenn mwen, li di: Tout moun ki mouri bsan konesans levanjil sa a, ki t ap resevwa l si yo te gen pèmisyon pou yo rete, yo pral ceritye wayòm dselès Bondye a;

8 Epi tout moun ki mouri depi lè sa a san konesans li, ki at ap resevwa l avèk tout kè yo, pral eritye wayòm sa a;

9 Paske mwen menm Senyè a, m pral ajije tout moun daprè bzèv yo, daprè cdezi ki nan kè yo.

10 Epi tou m te wè tout timoun ki mouri anvan yo rive nan alaj rezon, yo bsove nan wayòm selès la.