Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 110


Seksyon 110

Vizyon ki te manifeste pou Joseph Smith, Pwofèt la, ak Oliver Cowdery nan tanp Kirtland nan, Ohio, 3 Avril 1836. Okazyon an sete yon reyinyon nan jou Saba a. Istwa Joseph Smith la deklare: “Nan apremidi, m te ede lòt Prezidan yo nan distribisyon Soupe Senyè a bay Legliz la, m te resevwa l nan men Douz yo, ki te gen privilèj pou yo administre sentsèn nan jou sa a. Lè m te fin akonpli sèvis sa a pou frè m yo, m t ale sou lotèl la, vwal yo te fèmen, epi m te bese tèt mwen, avèk Oliver Cowdery, nan yon priyè solanèl an silans. Apre m te fin leve nan priyè a, vizyon sa a te louvri pou nou toulède.”

1–10, Senyè a Jewova parèt nan laglwa epi li aksepte Tanp Kirtland nan kòm kay Li; 11–12, Moyiz ak Elyas yo chak te parèt epi yo te remèt kle yo ak dispansasyon yo; 13–16, Eli retounen epi l remèt kle dispansasyon li a jan Malachi te pwomèt la.

1 aVwal la te soti nan panse nou, epi bje konpreyansyon nou te louvri.

2 Nou te wè Senyè a kanpe sou platfòm lotèl la, devan nou; epi anba pye li te gen yon pave bon jan lò pi, ki te gen koulè safran.

3 aJe li yo te tankou yon flanm dife; cheve ki nan tèt li te blan tankou lanèj pi; bfigi l te pi klere pase limyè solèy la; epi cvwa l te tankou bri gwo dlo k ap deplase, vwa dJewova menm ki te di:

4 M se apremye a ak dènye a; Se mwen menm ki bvivan an, se mwen menm yo te touye a; m se cavoka ou bò kote Papa a.

5 Gade, peche ou yo apadone; ou pwòp devan mwen; se poutèt sa, leve tèt ou epi rejwi.

6 Se pou kè frè ou yo rejwi, epi se pou kè tout pèp mwen an rejwi, ki, avèk pisans yo te abati kay sa a pou non mwen.

7 Paske gade, m aaksepte bkay sa a, epi non mwen ap la; epi m ap manifeste mwen devan pèp mwen an avèk mizèrikòd nan kay sa a.

8 Wi, m ap aparèt devan sèvitè m yo, epi m ap pale avèk yo avèk pwòp vwa pa m, si pèp mwen an respekte kòmandman m yo, epi yo pa bsal ckay sen sa a.

9 Wi, kè anpil milye ak dizèn milye pral rejwi anpil kòm konsekans abenediksyon ki pral devèse, ak bdotasyon ki te dote sèvitè m yo nan kay sa a.

10 Epi non kay sa a pral gaye nan peyi etranje; epi se kòmansman benediksyon ki pral atonbe sou tèt pèp mwen an. Se konsa sa ye. Amèn.

11 Apre avizyon sa a te fèmen, syèl la te louvri devan nou ankò; Epi bMoyiz te parèt devan nou, epi l te remèt nou ckle drasanbleman Izrayèl la depi nan kat pati tè a, ak direksyon dis tribi yo ki soti nan peyi e yo.

12 Apre sa, aElyas te parèt epi l te remèt bdispansasyon clevanjil Abraram nan, li te di, nan nou ak nan desandan nou yo, tout jenerasyon apre nou pral beni.

13 Apre vizyon sa a te fin fèmen, yon lòt gran vizyon gloriye te frape sou nou; paske aEli, pwofèt la, yo te bpran monte nan syèl la san l pa t goute lanmò a te kanpe devan nou, epi l te di:

14 Gade, lè a totalman rive, lè pawòl Malachi a te rive a—ki te temwaye Bondye t ap voye Eli anvan gran jou terib Senyè a rive—

15 Pou aretounen kè zansèt yo sou pitit yo, epi kè pitit yo sou zansèt yo, pou tout tè a pa frape avèk yon malediksyon—

16 Se poutèt sa, m remèt kle dispansasyon sa a nan men nou; epi konsa n ap konnen gran ajou tèrib Senyè a pwòch, li nan pòt la menm.