Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 105


Seksyon 105

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, sou Rivyè Fishing, Missouri, 22 Jen 1834. Sou direksyon Pwofèt la, Sen ki te soti nan Ohio yo ak lòt zòn yo te mache al Missouri nan yon ekspedisyon ki te vin rele Kan Siyon nan apre. Objektif yo sete pou eskòte Sen yo te mete deyò nan Missouri yo pou mennen yo retounen nan peyi yo nan Konte Jackson. Moun nan Missouri ki te pèsekite Sen yo anvan yo te pè reyaksyon Kan Siyon an epi yo te kouri al atake kèk Sen ki t ap viv nan Konte Clay, nan Missouri. Apre gouvènè Missouri a te retire pwomès li te fè pou sipòte Sen yo, Joseph Smith te resevwa revelasyon sa a.

1–5, Siyon pral bati an konfòmite avèk lalwa selès; 6–13, Redanmsyon Siyon an ranvwaye pou yon ti tan; 14–19, Senyè a pral mennen batay Siyon yo; 20–26, Sen yo dwe gen lasajès epi yo pa dwe vante tèt yo konsènan gran zèv lè yo rasanble; 27–30, Yo dwe achte tè nan Jackson ak nan lòt peyi alantou; 31–34, Ansyen yo dwe resevwa yon dotasyon nan kay Senyè a nan Kirtland; 35–37, Sen ki aple epi ki sanktifye yo tou pral sanktifye; 38–41, Sen yo dwe leve yon anblsèm lapè devan mond la.

1 An verite m di nou menm ki rasanble ansanm pou nou kapab aprann volonte mwen konsènan a aredanmsyon pèp aflije mwen an—

2 Gade, m di nou, si se pa t poutèt atransgresyon pèp mwen an, m ap pale konsènan legliz la, pa konsènan yon sèl moun, yo ta kapab deja rachte kounyeya menm.

3 Men gade, yo pa t aprann pou yo obeyisan nan bagay m te mande yo, men, yo chaje avèk tout kalite mal, epi yo pa apataje byen yo, jan sen yo dwe fè, pou bay pòv yo ak moun ki aflije pami yo;

4 Epi yo pa aini yo daprè inyon lalwa wayòm selès la mande a;

5 Epi aSiyon pa kapab bati bsan se pa avèk prensip clalwa wayòm selès la; san sa m pa kapab resevwa l pou tèt pa m.

6 Epi pèp mwen an dwe achatye jistan yo aprann bobeyi, si se nesesè, avèk bagay y ap soufri yo.

7 M p ap pale konsènan moun ki chwazi pou yo dirije pèp mwen an, ki se apremye ansyen yo nan legliz mwen an, paske se pa yo tout ki sou kondanasyon sa a;

8 Men m ap pale konsènan legliz mwen yo ki lòt kote—gen anpil ki pral di: Kote Bondye yo a? Gade, li dwe delivre yo nan tan pwoblèm, san sa, nou p ap monte nan Siyon, epi n ap kenbe lajan nou yo.

9 Se poutèt sa, kòm konsekans atransgresyon pèp mwen an, se nesesè pou mwen pou ansyen mwen yo ta rete tann yon ti tan pou redanmsyon Siyon—

10 Pou yo kapab prepare pou tèt pa yo, epi pou yo kapab ansenye pèp mwen an pi byen, epi pou yo gen eksperyans, epi pou yo konnen pi byen konsènan adevwa yo, ak bagay m mande nan men yo.

11 Epi sa pa kapab reyalize jistan aansyen mwen yo bdote avèk pouvwa ki soti anwo.

12 Paske gade, m prepare yon gwo dotasyon ki dwe avide sou yo, toutotan yo fidèl epi kontinye nan imilite devan mwen.

13 Se poutèt sa se nesesè pou mwen pou ansyen m yo ta rete tann yon tan, pou redanmsyon Siyon.

14 Paske gade, m pa mande yo pou yo mennen batay Siyon an; paske, jan m te di nan kòmandman anvan an, se konsa m ap akonpli—m ap amennen batay nou yo.

15 Gade, m voye adestriktè a pou detwi epi pou gaspiye ènmi mwen yo; epi anpil ane p ap pase yo p ap rete pou yo sal eritaj mwen an, epi pou yo bblasfème non mwen sou tè m te ckonsakre pou rasanble sen m yo ansanm.

16 Gade, m kòmande sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, pou l di afòs kay mwen an, gèrye m yo menm, jèn gason m yo, ak sa ki gen plis laj yo, pou yo reyini ansanm pou redanmsyon pèp mwen an, epi pou yo chavire tou ènmi mwen yo, epi pou yo dispèse bsantinèl ènmi yo;

17 Men, fòs kay mwen yo pa t koute pawòl mwen yo.

18 Men toutotan genyen ki koute pawòl mwen yo, m te prepare yon benediksyon ak yon adotasyon pou yo, si yo rete fidèl.

19 M tande priyè yo, epi m ap aksepte ofrann yo; epi se nesesè pou mwen pou m mennen yo jouk la pou teste alafwa yo.

20 Epi kounyeya, an verite m di nou, m ba nou yon kòmandman, tout moun ki te monte isit la, ki kapab rete nan rejyon alantou yo, se pou yo rete;

21 Epi moun ki pa kapab rete yo, ki gen fanmi yo nan lès la, se pou yo rete pou yon ti tan, toutotan sèvitè m nan, Joseph vle dirije yo;

22 Paske m ap konseye l konsènan sijè sa a, epi tout direksyon pou li ba yo akonpli.

23 Epi se pou tout pèp mwen yo ki nan rejyon alantou yo fidèl anpil, pou yo priye, pou yo gen imilite devan mwen, epi pou yo pa revele bagay m te revele yo, jistan se daprè lasajès mwen pou yo revele.

24 Pa pale konsènan jijman, ni tou pa avante tèt nou pou lafwa ak gran zèv, men, rasanble ansanm avèk pridans, toutotan li posib nan yon sèl rejyon, toujou an akò avèk pèp la;

25 Epi gade, m ap fè nou favè ak lagras devan je yo, pou nou kapab repoze nou nan alapè ak sekirite, pandan n ap di pèp la: Egzekite jijman ak lajistis pou nou daprè lalwa, epi korije sa nou fè mal.

26 Kounyeya, gade, m di nou, zanmi m yo, se nan fason sa a nou kapab jwenn favè devan je pèp la jistan alame Izrayèl la vin gran anpil.

27 Epi m ap adousi kè pèp la, jan m te fè pou kè aFarawon, tanzantan, jistan sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, m te tabli a, gen tan pou l rasanble fòs kay mwen an,

28 Epi pou voye moun ki asaj pou akonpli bagay konsènan acha tè nan Konte Jackson, tè ki kapab bachte yo, ak nan kontre ki alantou yo.

29 Paske se volonte m pou tè sa yo ta achte; epi apre yo fin achte pou sen yo posede yo daprè alwa konsekrasyon m te bay yo.

30 Epi apre tè sa yo fin achte, m ap konsidere alame Izrayèl la san fot lè yo pran posesyon pwòp tè pa yo, tè yo te achte anvan sa a avèk lajan pa yo, epi lè yo chavire tou ènmi mwen yo ki sou yo, epi lè yo dispèse santinèl ènmi yo, epi yo bvanje m jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon moun ki rayi m yo.

31 Men anvan sa, se pou lame mwen an vin gran anpil, epi se pou l asanktifye devan mwen, pou l kapab vin bèl tankou solèy la, epi klè tankou blalin nan, epi pou banyè li yo kapab vin tèrib pou tout nasyon;

32 Pou wayòm yo ki nan mond sa a kapab oblije aksepte wayòm Siyon an se gade awayòm Bondye nou an ak Kris li a; se poutèt sa, an nou vin bsoumèt anba lalwa li yo.

33 An verite m di nou, se nesesè pou mwen pou premye ansyen yo ki nan legliz mwen an resevwa adotasyon ki soti anwo a nan kay mwen an, kay m te kòmande pou bati nan non mwen nan peyi Kirtland nan.

34 Epi se pou kòmandman yo m te bay konsènan Siyon ak alalwa li a egzekite epi se pou l akonpli, apre redanmsyon li.

35 Te gen yon jou aapèl, men, lè a rive pou yon jou pou chwazi; epi se pou nou chwazi moun ki bdiy yo.

36 Epi vwa Lespri a pral manifeste sèvitè m nan moun ki achwazi yo; epi yo pral bsanktifye;

37 Epi toutotan yo suiv akonsèy yo resevwa, y ap gen pouvwa apre anpil jou pou yo akonpli tout bagay konsènan Siyon.

38 Epi ankò m di nou, negosye pou lapè, pa sèlman avèk moun ki te frape nou yo, men tou avèk tout moun;

39 Epi leve yon aanblèm blapè, epi fè yon pwoklamasyon lapè pou tout kwen tè a;

40 Epi fè yon pwopozisyon pou lapè bay moun ki te frape nou yo, daprè vwa Lespri a ki nan nou, epi atout bagay ap travay ansanm pou byen nou.

41 Se poutèt sa, nou dwe fidèl; epi gade, amwen avèk nou menm jiska lafen. Se konsa sa ye. Amèn.