Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 103


Seksyon 103

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 24 Fevriye 1834. Yo te resevwa revelasyon sa a apre Parley P. Pratt ak Lyman Wight te rive, yo te soti nan Missouri pou vin pran konsèy nan men Pwofèt la konsènan sekou ak retablisman Sen yo sou tè pa yo nan Konte Jackson.

1–4, Poukisa Senyè a kite moun pèsekite Sen ki nan Konte Jackson yo; 5–10, Sen yo ap ranpòte viktwa si yo respekte kòmandman yo; 11–20, Redanmsyon Siyon pral vini avèk pouvwa, epi Senyè a prale devan pèp Li a; 21–28, Sen yo dwe rasanble nan Siyon, epi moun ki bay lavi yo pral jwenn li ankò; 29–40, Anpil nan frè yo resevwa apèl pou yo òganize Kan Siyon an epi pou yo ale nan Siyon; Yo gen pwomès viktwa si yo fidèl.

1 An verite M di nou, zanmi m yo, gade, m ap ba nou yon revelasyon ak yon kòmandman, pou nou kapab konnen kòman pou nou aaji lè n ap ranpli devwa nou konsènan sali ak bredanmsyon frè nou yo, ki dispèse nan peyi Siyon an;

2 Paske, men ènmi m yo te achase yo epi bat yo, sou ènmi sa yo m pral vide kòlè mwen san mezi nan tan pa mwen an.

3 Paske jiska prezan, m te kite yo achaje mezi inikite yo, pou tas yo te kapab ranpli;

4 Pou moun ki pote non mwen yo kapab achatye pou yon ti tan anba yon move chatiman ki grav, paske yo pa t bkoute tout presèp ak kòmandman m te ba yo.

5 Men, an verite m di nou, m pran yon dekrè ke pèp mwen an pral reyalize, toutotan yo koute, kòmanse pou kounyeya, akonsèy mwen menm Senyè Bondye yo a pral ba yo.

6 Gade yo pral fè sa, paske m dekrete sa, kòmanse gen viktwa sou ènmi m yo depi kounyeya menm.

7 Epi lè yo akoute pou yo obsève tout pawòl mwen menm Senyè Bondye yo a pral pale yo, yo p ap janm sispann gen viktwa jistan bwayòm yo ki nan mond lan soumèt anba pye m, epi m cbay dsen yo tè a pou yo eposede l pou tout tan.

8 Men, toutotan yo pa arespekte kòmandman m yo, epi yo pa koute pou yo obsève tout pawòl mwen yo, wayòm yo ki nan mond lan ap gen viktwa sou yo.

9 Paske yo te tabli pou yo yon alimyè pou mond lan, epi pou yo sovè lèzòm;

10 Epi toutotan yo pa sovè lèzòm, yo tankou asèl ki pèdi gou l, epi pou rezon sa a, yo pa bon pou anyen eksepte pou yo voye yo jete epi pou yo pilonnen anba pye lèzòm.

11 Men an verite m di nou, m dekrete pou frè nou yo ki te dispèse yo retounen nan apeyi eritaj yo, epi pou yo bati plas dezole ki nan Siyon yo.

12 Paske apre aanpil tribilasyon, jan m te di nou nan yon ansyen kòmandman an, benediksyon an vini.

13 Gade, men benediksyon m pwomèt apre tribilasyon nou yo, ak tribilasyon frè nou yo—redanmsyon nou, ak redanmsyon frè nou yo, restorasyon yo menm nan tè Siyon an, pou yo tabli, pou yo pa voye yo jete ankò.

14 Sepandan si yo sal eritaj yo a y ap voye yo jete; paske m p ap epaye yo si yo sal eritaj yo a.

15 Gade, m di nou se avèk pouvwa redanmsyon Siyon an dwe vini;

16 Se poutèt sa, m ap leve yon gason pou pèp mwen an ki pral dirije yo tankou jan aMoyiz te dirije pitit Izrayèl yo.

17 Paske nou se pitit Izrayèl yo, epi nou fè pati nan adesandan Abraram yo, epi se nesesè pou yo kondi nou soti nan esklavaj avèk pouvwa, epi avèk yon ponyèt ki detire.

18 Epi menm jan yo te dirije zansèt nou yo prepyeman an, se konsa redanmsyon Siyon an dwe fèt.

19 Se poutèt sa, pa kite kè nou febli, paske m pa di nou menm jan m te di zansèt nou yo: aZanj mwen yo prale devan nou, men pa nan bprezans mwen.

20 Men, m di nou: aZanj mwen yo prale devan nou, epi prezans mwen tou, epi lè tan an rive nou pral bposede bon tè a.

21 An verite, an verite m di nou, sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, se avèk ali m te konpare sèvitè Senyè bjaden an te pale nan parabòl m te ba nou an.

22 Se poutèt sa, se pou sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, di afòs kay mwen an, jèn gason m yo ak moun ki gen laj mwayen yo—Rasanble tèt nou nan peyi Siyon an, sou tè m te achte avèk lajan kite konsakre pou mwen an.

23 Epi se pou tout legliz yo voye moun ki saj avèk lajan yo, epi pou yo aachte tè jan m te kòmande yo a menm.

24 Epi toutotan ènmi m yo vini kont nou pou yo pouse nou soti deyò sou bon a m yo, m te konsakre kòm peyi Siyon an, sou tè pa nou yo menm apre temwayaj sa yo nou pote devan m kont yo a, nou mèt modi yo;

25 Epi nenpòt moun nou modi, m ap modi l, epi n ap vanje ènmi m yo.

26 Epi prezans mwen ap avèk nou menm lè n ap avanje ènmi m yo, jouk nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon moun ki rayi m yo.

27 Pèsonn pa dwe pè bay vi l pou byen mwen; paske nenpòt moun ki abay vi l pou byen mwen l ap jwenn li ankò.

28 Epi nenpòt moun ki pa vle bay vi l pou byen mwen li pa disip mwen.

29 Se volonte m pou sèvitè m nan aSidney Rigdon leve vwa l nan asanble ki nan peyi lès yo, nan prepare legliz yo pou respekte kòmandman m te bay konsènan restorasyon ak redanmsyon Siyon yo.

30 Se volonte m pou sèvitè m nan aParley P. Pratt ak sèvitè m nan Lyman Wight pa retounen sou tè frè yo, jiskaske yo jwenn ekip pou yo monte nan peyi Siyon an, avèk dizèn, oubyen avèk ventèn, oubyen avèk senkantèn, oubyen avèk santèn, jistan yo jwenn yon kantite senksan nan bfòs kay mwen an.

31 Gade se volonte mwen; mande epi n ap resevwa; men, lèzòm apa toujou fè volonte m.

32 Se poutèt sa, si nou pa kapab jwenn senksan, chèche avèk dilijans pou nou kapab jwenn twasan.

33 Epi si nou pa kapab jwenn twasan, chèche avèk dilijans pou nou kapab jwenn san.

34 Men, an verite, m di nou, m ba nou yon kòmandman pou nou pa monte nan peyi Siyon an jistan nou jwenn yon santèn nan fòs kay mwen an, pou ale avèk nou nan Peyi Siyon an.

35 Se poutèt sa, jan m te di nou an, mande epi n ap resevwa; priye avèk senserite pou sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, kapab ale avèk nou, pou l prezide nan mitan pèp mwen an, epi pou òganize wayòm mwen an sou tè akonsakre a, epi pou etabli pitit Siyon yo daprè lalwa ak kòmandman yo m te ba nou epi m pral ba nou.

36 Tout viktwa ak laglwa reyalize pou nou nan adilijans nou, fidelite nou, ak bpriyè avèk lafwa nou.

37 Se pou sèvitè m nan Parley P. Pratt vwayaje avèk sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la.

38 Se pou sèvitè m nan Lyman Wight vwayaje avèk sèvitè m nan Sidney Rigdon.

39 Se pou sèvitè m nan Hyrum Smith vwayaje avèk sèvitè m nan Frederick G. Williams.

40 Se pou sèvitè m nan Orson Hyde vwayaje avèk sèvitè m nan Orson Pratt, nenpòt kote sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, konseye yo ale, pou jwenn akonplisman kòmandman sa yo m te ba nou an a, epi kite rès la nan men m. Se konsa sa ye. Amèn.