Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 101


Seksyon 101

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 16 ak 17 Desanm 1833. Nan epòk sa a Sen ki te rasanble nan Missouri yo t ap soufri anba anpil pèsekisyon. Popilas la te chase yo deyò lakay yo nan Konte Jackson; epi kèk nan Sen yo te eseye tabli tèt yo nan Konte Van Buren, Konte Lafayette, ak Konte Ray, men pèsekisyon an te suiv yo. Gwoup prensipal Sen yo te nan Konte Clay, Missouri nan epòk sa a. Te gen anpil menas lanmò kont moun ki te manm legliz la. Sen nan Konte Jackson yo te pèdi mèb ki te nan kay yo, rad, bèt gadinaj, ak lòt pwopriyete; epi anpil nan jaden yo te detwi.

1–8, Sen yo aflije epi yo chatye poutèt transgresyon yo; 9–15, Endiyasyon Senyè a pral tonbe sou nasyon yo, men, pèp Li a pral rasanble epi li pral konsole; 16–21, Siyon ak pye li yo pral tabli; 22–31, Nati lavi pandan Milenyòm nan tabli; 32–42, Sen yo pral beni epi yo pral rekonpanse lè sa a; 43–62, Parabòl moun ki nòb la ak pye oliv la siyifi pwoblèm ak redanmsyon Siyon; 63–75, Sen yo dwe kontinye rasanble; 76–80, Senyè a tabli Konstitisyon Etazini an; 81–101, Sen yo dwe ensiste pou sipòte grèv, daprè parabòl fi a ak jij ki pa jis la.

1 An verite M di ou, konsènan frè w yo ki te aflije yo, apèsekite, epi bchase soti sou tè eritaj yo—

2 Mwen menm Senyè a, m te kite aafliksyon tonbe sou yo, kote yo te aflije, pou konsekans btransgresyon yo;

3 Malgre sa, m ap adopte yo, epi yo pral pou amwen nan jou sa a lè m pral vini pou m fè bèbèl akyo yo.

4 Se poutèt sa, se nesesè pou yo achatye epi pou yo epwouve, menm jan avèk bAbraram, ki te kòmande pou l ofri sèl pitit gason li a.

5 Paske tout moun ki pa vle sipòte chatiman, men ki anye mwen, yo pa kapab bsanktifye.

6 Gade, m di ou, te gen joure, ak achirepit, ak banvi, ak goumen, ak canvi konvwatiz lachè pami yo; se poutèt sa yo sal eritaj yo avèk bagay sa yo.

7 Yo te lan pou yo akoute vwa Senyè Bondye yo a; se poutèt sa, Senyè Bondye a lan pou l koute priyè yo, pou reponn yo nan jou pwoblèm yo.

8 Nan jou lapè yo, yo gade konsèy mwen yo pou anyen; men, nan jou apwoblèm yo, nesesite yo, yo bchèche m.

9 An verite m di ou, malgre peche yo, zantray mwen ranpli avèk akonpasyon pou yo. M p ap bchase yo totalman; epi nan jou ckòlè m ap sonje mizèrikòd la.

10 M te sèmante, epi dekrè a te soti nan yon ansyen kòmandman m te ba ou, pou m kite aepe endiyasyon m tonbe sou pèp mwen an; epi menm jan m te di a, sa pral pase konsa.

11 Endiyasyon m pral vide talèkonsa san mezi sou tout nasyon yo; epi m ap fè sa lè gode inikite yo aranpli.

12 Epi nan jou sa a tout moun m jwenn sou asantinèl la, oubyen otreman di, tout Izrayèl mwen an ap sove.

13 Epi moun ki te dispèse yo pral arasanble.

14 Epi tout moun ki t ap alamante yo pral konsole.

15 Epi tout moun ki te bay avi yo poutèt non mwen yo pral kouwone.

16 Se poutèt sa, konsole kè ou konsènan Siyon; paske tout chè nan amen m; rete trankil epi bkonnen m se Bondye.

17 Moun p ap deplase aSiyon soti nan plas li a, malgre pitit li yo dispèse.

18 Moun ki rete yo, epi ki gen kè pi yo, pral retounen, pou yo vini nan aeritaj yo a, yo menm ak pitit yo, avèk bchan lajwa etènèl, pou yo cbati plas dezole Siyon yo—

19 Epi tout bagay sa yo pou pwofesi yo kapab akonpli.

20 Epi, gade, pa gen okenn lòt akote ki fikse eksepte kote m te fikse a; ni tou p ap gen okenn lòt kote ki pral fikse eksepte kote m te fikse a, pou travay rasanbleman sen mwen yo—

21 Jistan jou a vini lè pa gen okenn plas pou yo ankò; epi apre sa m gen lòt plas m pral fikse pou yo, epi plas sa yo pral rele apye, pou sipò oubyen fòs Siyon.

22 Gade, se volonte m, pou tout moun ki rele non mwen, epi ki adore m daprè levanjil etènèl mwen an, ta arasanble ansanm, epi pou yo bkanpe nan plas ki sen;

23 Epi pou yo pare pou revelasyon ki pral vini an, lè avwal ki kouvri tanp mwen an, nan tabènak mwen an, ki kache tè a, pral soti, epi tout kò fizik pral b m ansanm.

24 Epi tout bagay ki ka apouri, ni nan lòm, oubyen nan bèt ki nan bwa, oubyen ki nan zwazo yo ki nan syèl la, oubyen pwason yo ki nan lanmè a, ki rete sou tout sifas tè a, pral bkonsonmen;

25 Epi tou pou eleman yo afonn avèk anpil chalè; epi tout bagay pral vin bnouvo, pou konesans mwen ak claglwa mwen kapab rete sou tè a.

26 Epi nan jou sa a aènmi lòm, ak ènmi bèt yo, wi, ènmi tout kò fizik pral bsispann devan fas mwen.

27 Epi nan jou sa a nenpòt bagay nenpòt moun mande, l ap resevwa l.

28 Epi nan jou sa a aSatan p ap gen pouvwa pou l tante pèsonn.

29 Epi p ap gen atristès paske pa gen lanmò.

30 Nan jou sa a yon atimoun p ap mouri jistan l vyeyi; epi vi l ap tankou laj yon pyebwa;

31 Epi lè l mouri li p ap dòmi, sa vle di nan tè a, men l ap achanje nan yon klendèy, epi l ap bmonte, epi repo li pral gloriye.

32 Wi, an verite m di ou, nan ajou sa a lè Senyè a vini, l ap brevele tout bagay—

33 Bagay ki te pase, ak bagay akache pèsonn pa t konnen, bagay ki konsène tè a, ki te itilize pou kreye l, ak objektif li ak destine l—

34 Bagay ki pi presye, bagay ki anlè, ak bagay ki anba, bagay ki nan tè a, ak sou tè a, ak nan syèl la.

35 Epi tout moun ki soufri apèsekisyon poutèt non mwen, epi ki pèsevere nan lafwa, malgre yo aple pou yo bay vi yo poutèt bmwen, y ap patisipe nan tout laglwa sa a.

36 Se sa ki fè, pa pè menm jouk nan alanmò; paske nan mond sa a lajwa ou pa total, men, nan mwen blajwa ou total.

37 Se poutèt sa, pa okipe kò a, ni vi kò a; men, okipe ananm nan, ak vi nanm nan.

38 Epi achèche fas Senyè a tout tan, pou ou kapab posede nanm ou avèk bpasyans, epi w ap genyen lavi etènèl.

39 Lè lèzòm aple nan alevanjil etènèl mwen an, epi yo fè alyans nan yon alyans etènèl, yo konsidere kòm bsèl tè a ak gou lèzòm;

40 Yo aple pou yo bay lèzòm gou; se poutèt sa, si sèl tè a pèdi gou l, gade, lè sa a li pa vo anyen sèlman pou yo jete l epi pou l pyetine anba pye lèzòm.

41 Gade, men sajès konsènan pitit Siyon yo, anpil ladan yo menm, men, se pa yo tout; yo te bare yo kòm transgresè, se poutèt sa, se nesesè pou yo achatye

42 Yon moun ki aleve tèt li l ap bese, epi yon moun ki bbese tèt li l ap leve.

43 Epi kounyeya, m ap montre ou yon parabòl, pou w kapab konnen volonte m konsènan redanmsyon Siyon.

44 Yon nonm arich te gen yon anplasman teren, ki enpòtan anpil; epi li di sèvitè l yo: ale nan bjaden m nan, sou moso tè ki enpòtan anpil sa a menm, epi plante douz pye oliv;

45 Epi l te mete asantinèl alantou yo, epi l te bati yon tou, pou yon moun kapab siveye tè ki alantou a, kòm yon santinèl sou tou a, pou pye oliv mwen an kapab pa kase lè ènmi an vini pou l piye epi pou pran fwi yo ki nan jaden m nan.

46 Kounyeya, sèvitè moun rich la t ale epi yo te fè jan Senyè a yo a te kòmande yo a, yo te plante pye oliv yo, yo te mete yon lantouraj alantou, epi yo te tabli santinèl, epi yo te kòmanse bati yon tou.

47 Epi pandan yo t ap fè fondasyon an, yo te kòmanse di pami yo: Ki nesesite Senyè m nan genyen pou tou sa?

48 Epi yo te fè anpil kòmantè, yo t ap di pami yo: ki nesesite Senyè m nan genyen pou tou sa a, paske kounyeya se yon tan lapè?

49 Èske l pa ta dwe bay lajan sa a pito? Paske pa gen nesesite pou bagay sa yo.

50 Epi pandan yo t ap diskite youn avèk lòt yo te vin parese anpil, epi yo pa t koute kòmandman Senyè yo a.

51 Epi ènmi an te vini nan nuit, epi l te kraze alantouraj la; epi sèvitè nonm rich la te leve epi yo te pè, epi yo te kouri; epi ènmi an te detwi travay yo a, epi yo te kraze pye oliv yo.

52 Kounyeya, gade, nonm rich la, Senyè jaden an te rele sèvitè l yo, epi l te di yo, Poukisa! Kisa ki lakòz gran mal sa a?

53 Èske nou pa t dwe fè jan m te kòmande nou an, epi—apre nou te fin plante jaden an, epi nou bati lantouraj alantou l, epi nou tabli santinèl sou miray yo, epi pou nou pa t tonbe dòmi pou ènmi an pa t vini sou nou?

54 Epi gade, santinèl ki sou tou a t ap wè ènmi an depi byen lwen; epi nou t ap kapab pare nou pou nou anpeche ènmi an kraze lantouraj la, pou nou sove jaden m nan anba men destriktè a.

55 Epi Senyè jaden an di youn nan sèvitè l yo: ale epi rasanble rès sèvitè m yo, epi pran atout fòs kay mwen an, ki se gèrye m yo, jèn gason m yo, epi moun ki gen laj mwayen yo tou pami tout sèvitè m yo, ki se fòs kay mwen an, eksepte sèlman moun m te lonmen pou rete yo;

56 Epi ale tou dwat sou tè jaden m nan, epi rachte jaden m nan; paske li pou mwen; m te achete l avèk lajan.

57 Se poutèt sa, ale tou dwat sou tè m nan; kraze miray ènmi m yo; chavire tou yo a, epi dispèse santinèl pa yo.

58 Epi toutotan yo rasanble kont nou, avanje m sou ènmi m yo, pou yon lè m kapab vini avèk rès kay mwen an pou m reprann tè a.

59 Epi sèvitè a te di Senyè li a: ki lè bagay sa yo pral fèt?

60 Epi li di sèvitè li a: Lè m vle; ale tou dwat, epi fè tout bagay m kòmande w yo;

61 Epi men sa ki pral so m ak benediksyon m sou ou—yon sèvitè fidèl ak yon aresponsab ki saj nan mitan kay mwen, yon bdirijan nan wayòm mwen an.

62 Epi sèvitè li a t ale tou dwat, li te fè tout sa Senyè li a te kòmande l; epi aapre plizyè jou tout bagay te akonpli.

63 Ankò, m di nou an verite, m ap montre nou sajès mwen konsènan tout legliz yo, toutotan yo vle m gide yo nan fason dwat ki bon pou sali yo—

64 Pou travay rasanbleman sen mwen yo kapab kontinye, pou m kapab bati yo pou non mwen sou plas ki asen; paske tan brekòt la rive, epi pawòl mwen dwe cakonpli.

65 Se poutèt sa m dwe rasanble pèp mwen an, daprè parabòl ble ak move azèb la, pou ble a kapab an sekirite nan barik yo pou yo jwenn lavi etènèl, epi pou yo kouwone avèk laglwa bselès, lè m vini nan wayòm Papa m nan pou m rekonpanse chak moun daprè zèv yo te fè;

66 Pandan move zèb yo pral mare fè pakèt, epi kòd yo pral mare sere, pou yo kapab aboule avèk dife ki pa kapab etenn,

67 Se poutèt sa, m bay tout legliz yo yon kòmandman, pou yo kontinye rasanble ansanm nan plas m te tabli yo.

68 Men, jan m te di nou nan yon kòmandman anvan an, pa kite arasanbleman nou an fèt twò vit, ni tankou n ap vole; men se pou tout bagay prepare devan nou.

69 Epi pou tout bagay kapab prepare devan nou, obsève kòmandman m bay konsènan bagay sa yo—

70 Ki di, oubyen ki ansenye, pou nou aachte tout tè ki kapab achte avèk lajan, nan rejyon anviwon tè m te tabli kòm tè Siyon an, pou kòmansman rasanbleman sen mwen yo;

71 Tout tè ki kapab achte nan pwovens Jackson nan, ak pwovens ki alantou yo, epi kite rès la nan men mwen.

72 Kounyeya, an verite m di nou, se pou tout legliz yo rasanble tout lajan yo ansanm: se pou bagay sa yo fèt nan tan pa yo, men pa twò avit; epi obsève pou nou gen tout bagay prepare devan nou.

73 Epi se pou nou chwazi gason yo ki onorab, gason ki saj yo menm, epi voye yo ale achte tè sa yo.

74 Epi legliz yo ki nan peyi lès yo, lè yo bati, si yo koute konsèy sa yo kapab achte tè pou yo rasanble sou yo; epi nan fason sa yo kapab tabli Siyon.

75 Menm kounyeya deja gen ase nan rezèv, wi, menm yon abondans, pou rachte Siyon, epi pou tabli plas dezole li yo, pou yo pa voye yo atè ankò, kote legliz yo ki pote non mwen an avle koute vwa mwen.

76 Epi ankò m di nou, moun ènmi yo te dispèse yo, se volonte m pou yo kontinye fè demand pou lajistis ak redanmsyon, nan men moun ki plase kòm dirijan yo epi ki gen otorite sou nou—

77 Daprè lalwa ak akonstitisyon pèp la, m te aksepte pou tabli a, epi ki dwe rete pou bdwa ak pwoteksyon tout kò fizik, daprè prensip ki jis epi ki sen;

78 Pou chak moun kapab aji nan doktrin ak prensip ki gen rapò avèk lavni, daprè alib abit moral m ba li, pou chak moun kapab bresponsab pou pwòp peche pa li nan jou cjijman an.

79 Se poutèt sa, li pa jis pou okenn moun ta nan esklavaj youn anba lòt.

80 Epi se nan objektif sa a m tabli aKonstitisyon peyi sa a, anba men moun ki saj m leve pou objektif sa a menm, epi m rachte peyi a nan fè san bkoule.

81 Kounyeya, avèk kisa m ap konpare pitit Siyon yo? M ap konpare yo avèk aparabòl fi a ak jij enjis la, paske lèzòm dwe toujou bpriye epi pou yo pa fayi, ki vle di—

82 Te genyen nan yon vil yon jij ki pa t krenn Bondye, ni tou li pa t gen respè pou lòm.

83 Epi te genyen yon vèv nan vil sa a ki te vini kote l ki te di: Vanje advèsè m nan pou mwen.

84 Epi li pa t vle fè sa pou kèk tan, men, aprè sa li di nan tèt pa li: Malgre m pa krenn Bondye, ni tou m pa respekte lòm, poutèt vèv sa a ap nwi m, m ap vanje li, pou l pa kontinye vin fatige m.

85 Se konsa m ap konpare pitit Siyon yo.

86 Se pou yo plenyen nan pye jij la;

87 Epi si l pa tande yo, se pou yo plenyen nan pye gouvènè a;

88 Epi si gouvènè a pa tande yo, se pou yo plenyen nan pye prezidan an;

89 Epi si prezidan an pa tande yo, lè sa a, Senyè a pral leve epi l ap soti nan plas akache li a, epi l ap chatye nasyon an nan kòlè li;

90 Epi nan mekontantman anmè li a, epi nan move kòlè li a, nan tan pa li, l ap retranche mechan sa yo, enfidèl sa yo, epi aresponsab enjis sa yo, pou l ba yo pòsyon pa yo pami ipokrit yo, ak benkredil yo;

91 Nan tenèb deyò a menm, kote k ap gen akriye, ak rele, ak sere dan.

92 Se poutèt sa nou dwe priye pou zòrèy yo kapab louvri devan kriye nou yo, pou m kapab gen amizèrikòd pou yo, pou bagay sa yo pa vini sou yo.

93 Bagay m di nou yo dwe fèt pou tout moun kapab rete san aeskiz;

94 Pou moun ki saj yo ak dirijan yo kapab tande epi pou yo konnen bagay yo pa t janm aanvizaje;

95 Bondye nou an di, pou m kapab avanse pou m reyalize aksyon m, aksyon aetranj mwen an, epi pou m akonpli travay mwen, travay etranj mwen an, pou lèzòm kapab fè bdistenksyon ant moun ki jis yo ak moun ki mechan yo.

96 Epi ankò, m di nou, se yon bagay ki kontrè avèk kòmandman m ak volonte m pou sèvitè m nan Sidney Gilbert ta vann amagazen m nan, m te tabli pou pèp mwen an, nan men ènmi m yo.

97 Pa kite ènmi m yo kontamine bagay m te tabli a, avèk konsantman moun ki abay tèt yo non mwen;

98 Paske se yon peche grav kont mwen, ak kont pèp mwen an, kòm konsekans pou bagay m te dekrete yo epi ki dwe tonbe pwochènman sou nasyon yo.

99 Se poutèt sa, se volonte m pou pèp mwen an ta reklame epi pou yo ta kenbe bagay m tabli pou yo, menm si yo pa ta jwenn pèmisyon pou yo rete sou li.

100 Sepandan, m pa di yo p ap kapab rete sou li; paske toutotan yo pote fwi ak travay ki bon pou wayòm mwen an y ap rete sou li.

101 Yo pral bati, epi lòt moun p ap aeritye l; yo pral plante jaden, epi y ap manje fwi jaden an. Se konsa sa ye. Amèn.