Ekriti yo
Mozya 21


Chapit 21

Pèp Limi an frape, e yo pèdi batay avèk Lamanit yo—Pèp Limi an rankontre Amon, e yo konvèti—Yo pale Amon konsènan vennkat plak Jaredit yo. Anviwon 122–121 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, Limi ak pèp li a te retounen nan vil Nefi a, e yo te kòmanse rete nan peyi a ankò nan lapè.

2 Epi, se te konsa, apre anpil jou Lamanit yo te kòmanse fache kont Nefit yo ankò, e yo te kòmanse depase fwontyè peyi a.

3 Kounyeya, Lamanit yo pa touye yo, poutèt sèman wa yo a te fè bay Limi an; men yo te frape yo nan afigi, yo te fè otorite sou yo, yo mete bchay lou sou do yo, e yo pouse yo menm jan avèk bourik ki bèbè—

4 Wi, tout bagay sa yo te fèt pou pawòl Senyè a te kapab akonpli.

5 Epi kounyeya afliksyon Nefit yo te anpil, e pa t gen mwayen pou yo ta delivre tèt yo anba men yo, paske Lamanit yo te sène yo tout kote.

6 Epi, se te konsa, pèp la te kòmanse plenyen bay wa a poutèt afliksyon yo; e yo te kòmanse vle al goumen avèk yo. Epi, yo te aflije wa a anpil avèk konplent yo te fè l; se poutèt sa, li te ba yo pèmisyon pou yo fè sa yo te vle a.

7 Epi, yo te rasanble ansanm ankò, yo te mete pwotèj yo, e yo te ale kont Lamanit yo pou yo pouse yo deyò nan peyi a.

8 Epi, se te konsa, Lamanit yo te bat yo, yo te pouse yo tounen, e Lamanit yo te touye anpil ladan yo.

9 Kounyeya, te gen anpil alapenn ak lamantasyon nan pami pèp Limi an, vèv t ap kriye pou mari yo, pitit gason ak pitit fi t ap kriye pou papa yo, e frè t ap kriye pou frè yo.

10 Kounyeya te gen yon pakèt kantite vèv nan peyi a, e yo te kriye fò chak jou, paske yo te vin pè Lamanit yo anpil.

11 Epi, se te konsa, kriye yo te pouse rès pèp Limi an nan kòlè kont Lamanit yo; e yo t al goumen ankò, men Lamanit yo te pouse yo tounen, e yo te pèdi anpil bagay.

12 Wi, yo te ale ankò pou yon twazyèm fwa, e yo te soufri menm jan an, e moun ki pa t mouri, yo te retounen ankò nan vil Nefi a.

13 Epi, yo te imilye tèt yo jouk nan pousyè, yo te bese tèt yo anba jouk esklavaj, yo te lage kò yo pou yo pran kou, e pou yo mennen yo pasi-pala, pou yo pote chay daprè jan ènmi yo te vle.

14 Epi, yo te aimilye tèt yo jouk nan fon twou yo; e yo te kriye anpil bay Bondye; wi, yo te kriye tout lajounen bay Bondye yo a pou l te kapab delivre yo anba afliksyon.

15 Epi kounyeya, Senyè a te apran tan pou l tande kriye yo poutèt inikite yo; men, Senyè a te tande kriye yo, epi li te kòmanse touche kè Lamanit yo pou yo te kapab kòmanse fè chay yo pi lejè; men Senyè a pa t wè l nesesè pou l delivre yo nan esklavaj.

16 Epi, se te konsa, yo te kòmanse pwospere tikalpatikal nan peyi a, yo te kòmanse kiltive plis pwovizyon an abondans, ak bèt jistan yo pa t soufri grangou.

17 Kounyeya, te gen anpil kantite fi, yo te plis pase gason yo; se poutèt sa, wa Limi te kòmande pou tout gason yo apatisipe nan sipòte bvèv yo ak pitit vèv yo, pou yo pa t mouri grangou; e yo te fè sa poutèt tout kantite gason ki te mouri yo.

18 Kounyeya, pèp Limi an te fè gwoup tank li te posib pou yo pwoteje jaden yo ak bèt yo.

19 Epi, menm wa a pa t pran chans rete deyò lantouraj vil la san li pa avèk gad li yo; li te pè pou okenn aksidan pa t fè l tonbe anba men Lamanit yo.

20 Epi, li te fè pèp li a siveye nan tout peyi a, pou yo ta kapab pran prèt yo ki t al nan dezè a, ki te vòlè pitit afi Lamanit yo, e ki te fè gwo destriksyon sa a tonbe sou yo a.

21 Paske yo te vle pran yo pou yo kapab pini yo; paske yo te vini nan peyi Nefi a nan nuit, e yo te bwote anpil nan manje yo ak bagay chè yo te genyen; se poutèt sa, yo te pare pyèj pou yo.

22 Epi, se te konsa, pa t gen okenn pwoblèm nan pami Lamanit yo ak pèp Limi an, jistan aAmon ak frè l yo te vini nan peyi a.

23 Epi, wa a te deyò lantouraj vil la avèk gad li yo, lè l te dekouvri Amon ak frè li yo; li te konprann se te prèt Noye yo, e li te fè pran yo, mare yo, e jete yo nan aprizon. Epi, si se te prèt Noye yo, li ta p fè touye yo.

24 Men, lè l te wè se pa t sa yo te ye, men se te frè l yo, e yo te sòti nan peyi Zarayemla a, li te ranpli avèk anpil lajwa.

25 Kounyeya, Wa Limi te voye yon ati kantite moun, anvan Amon te vini an, pou y al bchèche peyi Zarayemla a, men yo pa t kapab jwenn li, e yo te pèdi nan dezè a.

26 Men, yo te jwenn yon peyi ki te peple; wi, yon peyi ki te chaje avèk azo sèch; wi, yon peyi ki te peple e ki te detwi; e yo te konprann se te peyi Zarayemla a, yo te retounen sou fwontyè peyi Nefi a kèk jou anvan Amon te vini.

27 Epi, yo te pote yon rejis avèk yo; se te istwa pèp yo te wè zo yo a menm, e li te ekri sou plak metal.

28 Epi kounyeya, Limi te ranpli ak lajwa ankò lè l te aprann nan bouch Amon, wa Mozya te gen adon Bondye pou l kapab entèprete rejis konsa; wi, epi Amon te kontan tou.

29 Men, Amon ak frè l yo te chaje ak lapenn, paske anpil nan frè yo te mouri.

30 Epi, poutèt wa Noye ak prèt li yo te fè pèp la fè tout peche ak inikite sa yo devan Bondye; e yo te kriye pou alanmò Abinadi; ak bvwayaj Alma ak pèp la ki te ale avèk li a, ki te fòme legliz Bondye a nan fòs ak pouvwa Bondye, ak lafwa nan pawòl Abinadi te pale yo.

31 Wi, yo te kriye pou vwayaj yo, paske yo pa t konnen kote yo te sove a; kounyeya, yo ta kontan jwenn ansanm avèk yo, paske menm yo menm, te fè alyans avèk Bondye tou pou yo sèvi l e pou yo respekte kòmandman l yo.

32 E kounyeya, depi Amon te vini an, wa Limi ak anpil nan pèp li a, te fè alyans avèk Bondye pou yo sèvi l e pou yo respekte kòmandman l yo.

33 Epi, se te konsa, wa Limi ak anpil nan pèp li a te vle batize; men pa t gen okenn moun nan pèp la ki te gen aotorite Bondye. Epi, Amon pa t vle fè sa, paske li te konsidere tèt li kòm yon sèvitè endiy.

34 Se poutèt sa, yo pa t fòme legliz la, yo t ap ret tann Lespri Senyè a. Kounyeya, yo te vle vin tankou Alma ak frè l yo ki te pati nan dezè a.

35 Yo te vle batize pou yo temwaye e pou yo pwouve yo te vle sèvi Bondye avèk tout kè yo; men yo te ranvwaye lè a; e istwa batèm yo a pral avini apre.

36 E kounyeya, tout etid Amon ak pèp li a, ak wa Limi ak pèp li a, se te pou yo delivre tèt yo nan esklavaj anba men Lamanit yo.