Ekriti yo
Elaman 5


Chapit 5

Nefi ak Leyi devwe tèt yo nan preche—Non yo envite yo pou yo fè lavi yo yon modèl pou zansèt ki te vin anvan yo—Kris la sove moun ki repanti—Nefi ak Leyi konvèti anpil moun, moun yo fèmen nan prizon e dife antoure yo—Yon gouf fènwa antoure twasan moun—Tè a souke, e yon vwa kòmande lèzòm pou yo repanti—Nefi ak Leyi pale avèk zanj e dife antoure foul la. Anviwon 30 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, nan menm ane sa a, aNefi te pase fotèy jijman an bay yon nonm ki te rele Sezoram.

2 Paske, kòm avwa pèp la te tabli lalwa yo ak gouvènman an, e moun ki te bchwazi mal yo te plis pase sa ki te chwazi byen yo, se poutèt sa, yo te mi pou destriksyon, paske lalwa a te vin kòwonpi.

3 Wi, e se pa t tout; yo te yon pèp ki te tèlman gen kou rèd, ni lalwa a, ni lajistis pa t kapab gouvène yo, eksepte pou yo ta detwi.

4 Epi, se te konsa, Nefi te vin fatige poutèt inikite pèp la; li te aremèt fotèy jijman an epi li te pran responsablite pou l preche pawòl Bondye pou tout rès lavi l, e frè l la, Leyi, pou tout rès lavi l tou;

5 Paske yo te sonje pawòl papa yo, Elaman te pale yo. Men pawòl li te pale yo:

6 Gade, pitit gason m yo, m vle pou nou ta sonje pou nou respekte kòmandman Bondye yo; e m ta vle pou nou deklare pèp la pawòl sa yo. M te ba nou non premye aparan nou yo ki te sòti nan peyi Jerizalèm; m te fè sa pou nou kapab sonje non yo, lè nou sonje non pa nou; lè nou sonje yo, n ap sonje zèv yo, e lè nou sonje zèv yo, nou kapab konnen poukisa moun di, epi poukisa moun ekri, yo te bbon moun.

7 Se poutèt sa, pitit gason m yo, m ta vle pou nou fè sa ki bon, pou yo kapab di, e pou yo kapab ekri pou nou, menm jan yo te di ak ekri sou yo a.

8 Epi kounyeya, pitit gason m yo, m gen plis bagay m vle nan men nou. M pa vle nou fè bagay sa yo pou nou kapab fè lwanj pou tèt pa nou, men, nou dwe fè bagay sa yo pou nou kapab prepare yon atrezò nan syèl la pou tèt pa nou, trezò etènèl ki p ap janm blaze a; wi, pou nou kapab gen bgwo kado lavi etènèl sa a, kado bon jijman nou fè nou kwè zansèt nou yo te resevwa a.

9 O, pitit gason m yo, sonje, sonje apawòl wa Benjamen te pale pèp li a; wi, sonje, pa gen okenn lòt chemen ni mwayen pou lèzòm sove, eksepte nan san bekspyatwa Jezikri ki gen pou l vini an; wi, sonje li gen pou l vin crachte dmond lan.

10 Epi tou, sonje apawòl Amilèk te di Zizwòm nan vil Amoniya a; li te di l, tout bon Senyè a gen pou l vin rachte pèp li a, men li p ap vin rachte yo nan peche, men, l ap vin rachte yo anba peche.

11 Epi, papa l te ba l pouvwa pou l rachte yo anba peche si yo repanti; se poutèt sa, li te avoye zanj li yo pou deklare bòn nouvèl sou kondisyon repantans yo, ki mennen nan pouvwa Redanmtè a pou nanm yo kapab sove.

12 Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou awòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati bfondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo csiklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.

13 Epi, se te konsa, se te pawòl Elaman te apreche pitit gason l yo; wi, li te preche yo anpil bagay ki pa t ekri ak anpil bagay ki ekri.

14 Epi, yo te sonje pawòl li yo, se poutèt sa, yo t ale, yo te respekte kòmandman Bondye yo, pou y al preche pawòl Bondye nan pami pèp Nefi a; yo te kòmanse nan vil Abondans la;

15 Apati kote sa yo t al nan vil Jid la, e yo te sòti nan vil Jid la pou y al nan vil Melèk la;

16 E sòti nan yon vil ak yon lòt jistan yo t al nan pami tout pèp Nefi ki te nan sid la; e sòti la ale nan tè Zarayemla a nan pami Lamanit yo.

17 Epi, se te konsa, yo te tèlman preche avèk gwo pouvwa, yo te konfonn anpil nan arebèl ki te sòti nan pami Nefit yo, konsa, yo te vin konfese peche yo, epi yo te batize nan repantans, epi yo te retounen imedyatman al jwenn Nefit yo pou yo kapab chèche repare mal yo te fè yo.

18 Epi, se te konsa, Nefi ak Leyi te preche Lamanit yo avèk tèlman gwo pouvwa, ak otorite, paske yo te resevwa pouvwa ak otorite pou yo kapab apale, epi tou yo te resevwa pawòl yo te dwe di yo—

19 Se poutèt sa, pawòl yo te etone Lamanit yo anpil, yo te akonvenk yo tèlman, te gen ywi mil Lamanit nan peyi Zarayemla a ak nan alantou yo ki te batize nan repantans epi ki te vin konnen mechanste tradisyon zansèt yo.

20 Epi, se te konsa, Nefi ak Leyi te kite kote sa a pou y al nan peyi Nefi a.

21 Epi, se te konsa, lame Lamanit yo te pran yo jete nan aprizon; wi, nan menm prizon sèvitè Limi yo te fèmen Amon ak frè l yo.

22 Apre yo te fin fèmen nan prizon pou anpil jou, san manje, moun yo t al nan prizon an pou pran yo pou touye yo.

23 Epi, Nefi ak Leyi te antoure tankou se avèk adife, moun yo pa t pran chans mete men sou yo pou yo pa boule. Men, Nefi ak Leyi pa t boule; se kòmsi yo te kanpe nan mitan dife e yo pa t boule.

24 Epi, lè yo te wè yon akolòn dife te antoure yo e yo pa t boule, kè yo te pran kouraj.

25 Paske yo te wè Lamanit yo pa t pran chans mete men sou yo; ni tou, yo pa t pran chans vini pre yo, men, yo te kanpe tankou yo te gaga anba sezisman.

26 Epi, se te konsa, Nefi ak Leyi te kanpe e yo te kòmanse pale avèk moun yo, yo te di: Pa pè, paske se Bondye ki montre nou gwo bagay sa a pou l kapab montre nou, nou pa kapab mete men sou nou pou nou touye nou.

27 Epi gade, lè yo te fin di pawòl sa yo, tè a te souke fò, e miray prizon an te souke kòmsi yo ta pral vide atè; men gade yo pa t tonbe. Epi gade moun nan prizon yo te Lamanit ak rebèl Nefit.

28 Epi, se te konsa, yon nyaj atenèb te antoure yo, e yon lakrent terib te tonbe sou yo.

29 Epi, se te konsa, te gen yon avwa, kòm si l te sòti anlè nyaj tenèb la ki te di: Repanti, repanti epi pa chèche detwi sèvitè m te voye pou deklare ou bòn nouvèl yo ankò.

30 Epi, se te konsa, lè yo tande vwa sa a, yo te wè se pa t yon vwa loray, ni tou se pa t yon gwo bri fò, men gade, se te yon ti avwa trankil nèt, kòm si se te yon chichotman, e li te pèse menm nanm yo—

31 Epi, malgre vwa a te ba, gade tè a te tranble anpil, e miray prizon an te tranble ankò kòm si l ta pral tonbe atè, e nyaj tenèb ki te antoure yo a pa t vin klè—

32 Epi gade, se te konsa, vwa a te tounen ankò, li te di: Repanti, repanti, paske wayòm syèl la ap pwoche; pa chèche detwi sèvitè m yo ankò. Tè a te souke ankò e miray yo te tranble.

33 Epi tou vwa a te di yon twazyèm fwa, li te pale yo bèl pawòl ki pa kapab sòti nan bouch yon nonm; e tè a te tranble kòm si li ta pral fann.

34 Epi, se te konsa, Lamanit yo pa t kapab kouri poutèt nyaj tenèb la ki te antoure yo, wi, e tou yo pa t kapab deplase poutèt lakrent ki te tonbe sou yo.

35 Kounyeya, te gen youn ladan yo ki te desandan Nefit depi l te fèt, li te fè pa ti nan legliz Bondye a, yon lè, men li te fè rebèl pou sòti nan pami yo.

36 Epi, se te konsa, li te vire tèt li, e gade li te wè figi Nefi ak Leyi nan mitan nyaj tenèb la, e gade yo te aklere anpil tankou figi yon zanj. Epi li te wè yo leve je yo nan syèl, e se te kòmsi yo t ap pale oubyen yo te leve vwa yo bay kèk moun yo t ap gade.

37 Epi, se te konsa, nonm sa a te kriye nan pye gwoup la pou yo kapab vire gade. Epi gade yo te resevwa pouvwa pou yo kapab vire gade, e yo te wè figi Nefi ak Leyi.

38 Epi, yo te di nonm nan: Gade kisa tout bagay sa yo vle di, e avèk kiyès nonm sa yo ap pale?

39 Nonm nan te rele Aminadab. Epi, Aminadab te di yo: Y ap pale ak zanj Bondye yo.

40 Epi, se te konsa, Lamanit yo te di l: aKisa pou nou fè pou nyaj tenèb sa a kapab sispann kouvri nou?

41 Epi, Aminadab te di yo: Nou dwe arepanti, e kriye bay vwa a jistan nou gen blafwa nan Kris la, Alma, Amilèk ak Zizwòm te pale nou an; e lè nou fin fè sa, nyaj tenèb la ap sispann kouvri nou.

42 Epi, se te konsa, yo tout te kòmanse kriye bay vwa moun ki te souke tè a; wi, yo te kriye jistan nyaj tenèb la te gaye.

43 Epi, se te konsa, lè yo te voye je yo e wè nyaj tenèb la sispann kouvri yo, gade yo te aantoure, wi, chak moun te ansèkle avèk yon kolòn dife.

44 Epi, Nefi ak Leyi te nan mitan yo; wi, yo te antoure; se kòm si yo te nan mitan flanm dife, men, sa pa t fè yo anyen; ni tou, sa pa t touche miray prizon an; e yo te ranpli ak yon alajwa ineksplikab e yon laglwa total.

45 Epi lè sa a, aLespri Sen Bondye a te desann sòti nan syèl la, li te antre nan kè yo, e yo te ranpli tankou se te avèk dife, e yo te bkapab pale bèl pawòl.

46 Epi, se te konsa, yo te tande yon vwa, wi, yon bèl vwa kòm si l t ap chichote pou di:

47 aLapè, lapè avèk nou poutèt lafwa nou nan Trè Byenneme m nan ki te la depi nan fondasyon mond lan.

48 Epi kounyeya, lè yo te tande bagay sa a, yo te voye je yo kòm si yo te vle wè kote vwa a te soti; yo te wè asyèl la louvri e zanj te desann vin sèvi yo.

49 Epi, te gen anviwon twasan moun ki te wè, e ki te tande bagay sa yo; epi yo te gen kòmandman pou yo ale san etone ni doute.

50 Epi, se te konsa, yo t ale, yo te preche pèp la, yo te deklare tout bagay yo te tande ak tout bagay yo te wè, konsa, yo te konvenk majorite Lamanit yo nan bagay sa yo, poutèt gwo prèv yo te resevwa.

51 Epi, tout moun yo te akonvenk yo te depoze zam pou lagè yo, ak rayiman yo ak tradisyon zansèt yo.

52 Epi, se te konsa, yo te remèt Nefit yo tè ki te pou Nefit yo.