Ekriti yo
Elaman 12


Chapit 12

Lèzòm san pozisyon fiks, yo sòt epi yo prese pou fè mal—Senyè a chatye pèp Li—Nilite lèzòm konpare avèk pouvwa Bondye—Nan jou jijman an, lèzòm pral resevwa lavi etènèl oubyen kondanasyon etènèl. Anviwon 6 anvan Jezikri.

1 Epi, nou kapab wè kijan kè pitit lèzòm yo vid e chanjan; wi, nou kapab wè Senyè a beni e fè li apwospere moun ki mete bkonfyans yo nan li, akoz gran bonte enfini li a.

2 Wi, e nou pa nan wè menm lè li fè pèp li a pwospere nan jaden yo, ak twoupo bèt yo, ak nan lò, nan lajan ak tout kalite bagay ki koute chè ak atizana yo, lè l pwoteje lavi yo ak delivre yo anba men ènmi yo; nan touche kè ènmi yo pou yo pa deklare yo lagè, wi, pou m fini, nan fè tout bagay pou byen ak bonè pèp li a, wi, lè sa a, yo a kè di, yo bliye Senyè Bondye yo a, yo bpilonnen moun ki Sen an anba pye—wi, e poutèt yo alèz nan anpil pwosperite yo.

3 Epi, konsa, nou wè si Senyè a pa achatye pèp li anba anpil afliksyon, wi, si l pa vizite yo avèk lanmò, ak lakrent, ak grangou, e ak tout kalite lapès, yo p ap bsonje l.

4 O, gade kijan pitit lèzòm sòt, san valè, mechan, dyabolik; yo aprese pou yo fè inikite, yo lan pou yo fè sa ki bon; wi, gade kijan yo prese pou yo koute pawòl malen an, e pou yo mete blide yo sou bagay san valè mond lan!

5 Wi, ala preseyo prese, pou yo anfle ak alògèy; wi, yo prese pou yo fè lwanj, epi pou yo fè tout kalite sa ki se inikite; yo lan pou yo sonje Senyè Bondye yo a, pou yo koute konsèy li, wi, gade ki jan yo lan pou yo bmache nan chemen lasajès!

6 Gade, yo pa vle pou Senyè Bondye ki te akreye yo a bgouvène yo epi pou l renye sou yo; malgre pakèt bonte ak mizèrikòd li genyen pou yo, yo pa pran konsèy li yo pou anyen e yo pa vle l gide yo.

7 O, lèzòm apa anyen ditou; wi, yo menm mwens pase pousyè tè a.

8 Paske gade, pousyè tè a deplase isit, lòtbò, pou l divize kò l daprè kòmandman gwo Bondye etènèl nou an.

9 Wi, gade avèk vwa li, kolin yo ak montay yo tranble e yo asouke.

10 Epi, avèk apouvwa pawòl li yo kraze e yo vin plat, wi, menm jan avèk yon vale.

11 Wi, avèk pouvwa vwa l, atout tè a souke;

12 Wi, avèk pouvwa pawòl li, fondasyon yo balanse, menm nan pwen santral yo.

13 Wi, e si l di tè a—deplase,—li deplase.

14 Wi, si l di a a—bretounen dèyè pou w cpwolonje jounen an, pou ajoute plis tan nan jounen an—sa fèt;

15 Epi konsa, daprè pawòl li, tè a tounen dèyè, e pou lèzòm, se tankou solèy la rete yon sèl plas; wi, e se sa ki pase; paske se tè a ki vire, se pa solèy la.

16 Epi gade, si l di adlo ki nan pwofondè lanmè a—bSeche—sa ap fèt.

17 Gade, si l di montay sa a—aLeve vin tonbe sou vil sa a pou l kapab antere—gade sa ap fèt.

18 Epi, gade si yon moun akache yon trezò anba tè, epi Senyè a di—Se pou l bmodi poutèt inikite moun ki kache l la—gade, l ap modi.

19 Epi, si Senyè a di—Modi pou okenn moun pa jwenn ou depi kounyeya, pou tout tan—okenn moun p ap janm jwenn li depi kounyeya, pou tout tan.

20 Si Senyè a di yon nonm—Poutèt inikite w, w ap modi pou tout tan—sa ap fèt.

21 Epi, si Senyè a di—Poutèt inikite w, m ap retranche w nan prezans mwen—l ap fè sa rive.

22 Epi, malè pou moun li di sa, paske se moun ki fè inikite li di sa, e moun sa pa kapab sove; se poutèt sa, repantans preche pou moun kapab sove.

23 Se poutèt sa, moun ki repanti e ki koute vwa Senyè Bondye yo a, yo beni; paske se moun sa yo k ap asove.

24 Epi, se pou Bondye, nan tout puisans li, fè lèzòm vini repanti epi vin pratike zèv pou yo kapab resevwa gras sou agras, daprè zèv yo.

25 Epi, m ta vle pou tout moun ka sove: men ekriti yo di konsa, dènye ak nan jou a, gen moun y ap chase, wi, Senyè a ap retranche yo nan prezans li.

26 Wi, y ap kondane nan yon eta mizerab ki san fen, pou yo akonpli pawòl yo ki di: Moun ki te fè byen ap gen alavi etènèl, epi moun ki te fè mal ap gen bkondanasyon etènèl. Se konsa sa ye. Amèn.