Ekriti yo
Etè 4


Chapit 4

Mowoni resevwa kòmandman pou l mete so sou ekriti frè Jarèd la—Yo p ap devwale jistan lèzòm gen lafwa menm jan ak frè Jarèd la—Kris la kòmande lèzòm pou yo kwè pawòl Li yo ak pawòl disip Li yo—Lèzòm resevwa kòmandman pou yo repanti, pou yo kwè levanjil la, epi pou yo sove.

1 Senyè a te kòmande frè Jarèd la pou l desann soti nan montay la, soti nan prezans Senyè a, epi pou l aekri bagay li te wè yo; bagay sa yo te entèdi pou ale nan pami pitit lèzòm bjouk apre yo te mete l sou kwa a; se poutèt sa, wa Mozya te kenbe yo, pou yo te kapab pa vini nan mond lan jistan Kris la te fin fè pèp li a wè l.

2 Epi, lè Kris la te fin fè pèp li a wè l reyèlman, li te kòmande pou bagay sa yo vin piblik.

3 Kounyeya, apre sa, yo tout te tonbe nan enkredilite; yo tout, eksepte Lamanit yo, yo te vire do bay levanjil Kris la; se poutèt sa, m te resevwa kòmandman pou m te akache yo ankò anba tè a.

4 M te ekri sou plak sa yo, bagay frè Jarèd la te wè yo menm; epi moun pa t janm wè pi gwo bagay pase sa frè Jarèd la te wè a.

5 Se poutèt sa, Senyè a te kòmande m pou m ekri yo. Li te kòmande m pou m amete so sou yo; epi li te kòmande m pou m mete so sou entèpretasyon an; se poutèt sa, m te mete so sou bentèprèt yo daprè kòmandman Senyè a.

6 Paske Senyè a te di m: Yo pa pral jwenn Janti yo anvan Janti yo repanti nan inikite yo, epi yo vin pwòp devan Senyè a.

7 Senyè a te di konsa, nan jou yo egzèse lafwa nan mwen, menm jan avèk frè Jarèd la, pou yo kapab vin asanktifye nan mwen, lè sa a, m ap fè yo wè bagay frè Jarèd la te wè yo, menm pou m louvri tout revelasyon m ba yo; se sa Jezikri, Pitit Gason Bondye a, bPapa syèl la ak tè a, ak tout sa ki ladan l yo te di.

8 Moun ki alite kont pawòl Senyè a, se pou l modi; epi moun ki bnye bagay sa yo se pou l modi; paske, m cp ap montre yo pi gwo bagay, paske se mwen ki pale; se sa Jezikri te di.

9 Lè m kòmande, syèl la louvri epi li afèmen, lè m pale b a ap tranble, epi lè m kòmande, moun ki rete sou tè a ap pase, menm si se anba dife.

10 Moun ki pa kwè pawòl mwen, li pa kwè disip mwen yo; epi si m pa pale, malè pou ou, paske w ap konnen se mwen ki pale nan adènye jou a.

11 Men, moun ki akwè bagay sa yo m te pale a, m ap vizite l avèk manifestasyon Lespri m, l ap konnen, epi l ap rann temwayaj. Paske, poutèt Lespri m, l ap bkonnen bagay sa yo se cverite; paske sa pèsyade lèzòm pou yo fè byen.

12 Epi, tout sa ki pèsyade lèzòm pou yo fè byen soti nan mwen; paske abyen pa soti nan okenn lòt, eksepte nan mwen. Se menm mwen menm ki dirije lèzòm nan tout sa ki bon; moun ki bpa kwè nan pawòl mwen yo, li p ap kwè nan mwen—M egziste; epi moun ki pa kwè m, li p ap kwè Papa a ki voye m nan. Paske m se Papa a, m se climyè a, ak dlavi a, ak verite mond lan.

13 aVin jwenn mwen, O, nou menm Janti yo, epi m ap montre nou pi gwo bagay yo, konesans yo ki kache poutèt enkredilite.

14 Vin jwenn mwen, O, ou menm kay Izrayèl la, epi w ap akonnen gwo bagay Papa a te sere pou ou depi nan fondasyon mond lan; epi bagay sa yo pa vin jwenn ou poutèt enkredilite.

15 Lè w dechire vwal enkredilite ki lakòz ou rete nan eta mechanste terib ou ye a, ki fè kè w di, epi ki vegle panse w la, lè sa a bèl gwo bagay ki te rete akache pou ou depi fondasyon mond lan—wi, lè w rele Papa a nan non m, avèk yon kè brize, epi avèk yon lespri kontri, lè sa a, w ap konnen Papa a te sonje alyans li te fè avèk zansèt ou yo, O, kay Izrayèl la.

16 Lè sa a, arevelasyon m yo m te fè sèvitè m nan, Jan, ekri a, m ap fè yo louvri devan je tout moun. Sonje, lè w wè bagay sa yo, w ap konnen lè a ap pwoche pou yo parèt toutbon.

17 Se poutèt sa, a w resevwa rejis sa yo, ou mèt konnen travay Papa a kòmanse sou tout sifas tè a.

18 Se poutèt sa, arepanti, tout kwen tè a, vin jwenn mwen, kwè nan levanjil mwen an, epi bbatize nan non m; paske, moun ki kwè epi ki batize ap sove; men, moun ki pa kwè ap kondane; epi csiy ap suiv moun ki kwè nan non m.

19 Moun ki rete avèk alafwa nan non m nan dènye jou a ap beni; paske, l ap leve pou l rete nan wayòm ki te pare pou li a, bdepi nan fondasyon mond lan. Epi, se mwen menm ki di sa. Amèn.