Ekriti yo
2 Nefi 31


Chapit 31

Nefi di poukisa Kris la te batize—Lèzòm dwe swiv Kris la, batize, resevwa Sentespri a, e pèsevere jiska lafen pou yo kapab sove—Repantans ak batèm se pòt chemen dwat ak kwense a—Lavi etènèl vini pou moun ki kenbe kòmandman yo apre batèm. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, mwen menm Nefi, m fin apwofetize pou nou, frè byenneme m yo. Epi m kapab sèlman ekri yon tikras bagay, m konnen ki gen pou rive sètènman; ni tou m kapab sèlman ekri yon tikras nan pawòl Jakòb yo, frè m nan.

2 Se poutèt sa, bagay m te ekri yo ase pou mwen, eksepte kèk mo m dwe pale konsènan adoktrin Kris la; se poutèt sa, m pral pale avèk nou klè daprè klète pwofesi m yo.

3 Paske, nanm mwen pran plèzi nan klète; paske, se nan fason sa a Senyè Bondye a travay nan pami pitit lèzòm. Paske Senyè Bondye a bay alimyè pou konpreyansyon; paske li pale avèk lèzòm daprè blang yo, pou yo kapab konprann.

4 Se poutèt sa, m ta vle pou nou sonje, m te pale avèk nou konsènan apwofèt sa a, Senyè a te montre m nan, ki gen pou l batize Ti bMouton Bondye a, ki gen pou l efase peche mond lan.

5 Epi kounyeya, si Ti Mouton Bondye a ki sen, an bezwen abatize nan dlo, pou l akonpli tout lajistis la, O, pa mande pou nou menm ki pa sen, ki jan nou bezwen batize, wi, nan dlo menm!

6 Epi kounyeya, m ap mande nou, frè byenneme m yo, kòman Ti Mouton Bondye a te akonpli tout lajistis lè l batize nan dlo a?

7 Èske nou pa konnen li te sen? Men, malgre li sen, li montre pitit lèzòm fason li, daprè kò fizik la, li gen imilite devan Papa a, e li temwaye Papa a li t ap aobeyisan devan l nan respekte kòmandman li yo.

8 Se poutèt sa, lè l te fin batize nan dlo, Sentespri a te desann sou li sou afòm yon bpijon.

9 Epi ankò, li montre pitit lèzòm kòman chemen an kwense, e kòman apòt pou yo antre a etwat, jan l te sèvi egzanp pou yo a.

10 Epi li te di pitit lèzòm: aSuiv mwen. Se poutèt sa, frè byenneme m yo, èske nou kapab bsuiv Jezi si nou pa vle respekte kòmandman Papa a?

11 Epi, Papa a te di: Repanti, repanti, e batize nan non Pitit Gason Byenneme m nan.

12 Epi tou, vwa Pitit Gason an te vin jwenn mwen, li di: Moun ki batize nan non mwen, moun sa a, Papa a pral aba li Sentespri a, tankou m; se poutèt sa, bsuiv mwen, e fè bagay nou te wè m fè yo.

13 Se poutèt sa, frè byenneme m yo, m konnen si nou suiv Pitit Gason an, avèk tout kè nou, san fè ipokrizi, ni foub devan Bondye, men avèk yon entansyon reyèl, si nou repanti pou peche nou yo, si nou temwaye devan Papa a pou fè konnen nou vle pran non Kris la sou tèt nou, pa mwayen abatèm—wi, nan suiv Senyè nou an ak Sovè nou an desann nan dlo a, daprè pawòl li, gade lè sa a n ap resevwa Sentespri a; wi, lè sa a, bbatèm dife ak batèm Sentespri a ap vini; e lè sa a, nou kapab pale avèk clangaj zanj yo, e nou kapab chante louwanj pou Sen Izrayèl la.

14 Men, gade, frè byenneme m yo, menjan vwa Pitit Gason an te vin jwenn mwen, li di: Lè nou fin repanti pou peche nou, e nou temwaye devan Papa a, nou fè konnen nou vle respekte kòmandman m yo, palantremiz batèm nan dlo, e nou te resevwa batèm dife ak batèm Sentespri a, e nou kapab pale avèk yon nouvo lang, wi, tankou lang Zanj yo, e si apre sa nou ta anye m, li ta p bpi bon pou nou si nou pa t konnen m.

15 Epi m te tande vwa Papa a, li di: Wi, pawòl Byenneme m yo se verite e yo fidèl. Yon moun ki pèsevere jiska lafen, se moun sa a ki pral sove.

16 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, sa fè m konnen si yon moun pa apèsevere jiska lafen, pou l suiv begzanp Pitit Gason Bondye vivan an, li pa kapab sove.

17 Se poutèt sa, fè bagay yo m te di nou m te wè Senyè nou an ak Redanmtè nou an gen pou l fè a; paske, pou rezon sa a, m te wè yo, pou nou kapab konnen pòt kote pou nou antre a. Paske pòt pou nou antre a se repantans ak abatèm nan dlo; e lè sa a, nou pral gen bpadon pou peche nou yo nan dife ak nan Sentespri a.

18 Epi lè sa a, ou nan achemen betwat ak kwense a, ki mennen nan lavi etènèl la; wi, nou te antre nan pòt la; nou te aji daprè kòmandman Papa a ak Pitit Gason an; e nou te resevwa Sentespri a, ki bay ctemwayaj Papa a ak Pitit Gason an, ki akonpli pwomès li te fè a, pwomès nou te gen pou nou resevwa si w antre nan chemen an.

19 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, lè nou fin antre nan chemen etwat ak kwense sa a, m vle mande èske tout bagay afini? Gade, m di nou, Non; paske nou pa ta p kapab rive joukla si se pa t pou pawòl Kris yo, avèk blafwa fèm nou gen nan li, si nou pa cdepann antyèman sou merit limenm ki gen pouvwa pou l sove a.

20 Se poutèt sa, nou dwe aavanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon besperans pafètman klè, e avèk yon clanmou pou Bondye ak tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou dpèsevere jiska lafen, gade Papa a di: N ap gen lavi etènèl.

21 Epi kounyeya, frè byenneme m yo, se achemen an sa; e pa gen bokenn lòt chemen ni okenn lòt cnon anba syèl la ki kapab sove lèzòm nan wayòm Bondye a. Epi kounyeya, gade, se ddoktrin Kris la, e se sèl doktrin verite ePapa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a, ki se fyon sèl Bondye a, san finisman. Amèn.