Ekriti yo
2 Nefi 2


Chapit 2

Redanmsyon vini pa mwayen Mesi ki Sen an—Libète pou chwazi (lib abit) se yon bagay esansyèl pou egzistans ak pwogresyon—Adan te tonbe pou lèzòm te kapab fèt—Lèzòm lib pou yo chwazi libète ak lavi etènèl. Anviwon 588–570 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, Jakòb, m ap pale avè w: Ou se apremye pitit mwen nan jou tribilasyon m yo nan dezè a. Epi gade nan anfans ou, ou te soufri anpil afliksyon ak anpil tristès, poutèt britalite frè w yo.

2 Poutèt sa, Jakòb, premye pitit mwen nan dezè a, ou konnen grandè Bondye; li pral konsakre afliksyon w yo nan avantaj pa w.

3 Se poutèt sa, nanm ou pral beni, e ou pral rete nan sekirite avèk Nefi, frè w la; e jou w yo pral pase nan sèvis Bondye w la. Se poutèt sa, m konnen w rachte poutèt lajistis Redanmtè ou la; paske w te wè l vin pote sali pou lèzòm lè tan an rive.

4 Epi lè ou te jèn ou te a laglwa li; se poutèt sa ou beni tankou moun yo li gen pou l preche nan kò fizik la; paske Lespri a se menm nan, yè, jodia e pou tout tan. Epi chemen an te prepare depi nan tonbe Adan ak Èv la, epi sali a bgratis.

5 Epi lèzòm te resevwa ase enstriksyon pou yo kapab akonnen byen ak mal. Epi lèzòm te resevwa lalwa a. Epi avèk lalwa a onkenn moun pa gen beskiz; oubyen avèk lalwa a lèzòm crejte. Wi, lalwa tanporèl la te rejte yo; epi tou avèk lalwa espirityèl la yo peri lwen sa yo ki bon e yo vin mizerab pou tout tan.

6 Se poutèt sa, aredanmsyon an vini nan e pa mwayen bMesi ki Sen an; paske li plen cgras ak verite.

7 Gade, li ofri tèt li kòm asakrifis pou peche, pou satisfè obligasyon lalwa a, pou tout moun ki gen kè brize ak lespri kontri; epi bobligasyon lalwa a pa kapab satisfè pou onkenn lòt moun.

8 Se poutèt sa, li enpòtan anpil pou abitan latè yo konnen bagay sa yo, pou yo kapab konnen pa gen onkenn moun ki kapab rete nan prezans Bondye, san ase pa akoz merit, ak mizèrikòd, ak lagras Mesi ki Sen an, ki bay lavi l daprè kò fizik li a e ki pran l ankò avèk pouvwa Lespri a, pou l kapab reyalize brezirèksyon mò yo, kòm premye moun ki te resiste tèt li.

9 Se poutèt sa, li se premye fwi devan Bondye, konsa l ap aplede pou tout pitit lèzòm; e moun yo ki kwè nan li, y ap sove.

10 Epi poutèt l ap aplede pou tout moun, tout moun vin jwenn Bondye; konsa, yo kanpe nan prezans li, pou l bjije yo daprè verite ak csentete ki nan li. Konsa, obligasyon lwa Nonm ki Sen an te bay la, pou egzekite pinisyon ki asosye avèk lalwa a, pinisyon sa a ki asosye avèk lalwa a nan opozisyon avèk bonè ki asosye avèk lalwa a, pou satisfè obligasyon dekspyasyon an—

11 Paske dwe gen aopozisyon nan tout bagay. Si se pa sa, premye pitit mwen nan dezè a, pa t ap gen la jistis ni lamechanste, ni lasentete ni lamizè, ni byen ni mal. Se poutèt sa, tout bagay se melanj plizyè nan youn; konsa si se ta yon sèl eleman li t ap san vi, li pa t ap gen ni lavi ni lanmò, ni koripsyon, ni enkoripsyon, ni bonè, ni mizè, ni sansiblite, ni ensansiblite.

12 Si se te konsa, li pa t ap kreye pou onkenn rezon; konsa, pa t ap gen onkenn arezon pou kreyasyon li a. Konsa bagay sa a t ap detwi lasajès Bondye, ak objektif etènèl li a, ak pouvwa l, ak lamizèrikòd li a ak blajistis Bondye a.

13 Epi si w di apa gen lalwa, w ap di pa gen peche tou. Si w di pa gen peche, w ap di pa gen lajistis tou. Epi si pa gen lajistis, pa gen bonè. E si pa gen lajistis ni bonè, pa gen pinisyon, ni mizè. Epi si bagay sa yo pa egziste, bpa gen Bondye. E si pa gen Bondye, nou pa egziste, ni tè a tou; paske onkenn bagay pa t ap kapab kreye, ni pou aji ni pou sibi aksyon; se poutèt sa, tout bagay t ap disparèt.

14 Epi kounyeya, pitit gason m yo, m ap pale nou bagay sa yo nan avantaj nou e pou nou kapab aprann; paske gen yon Bondye e li te akreye tout bagay, ni nan syèl la, ni sou tè a, ak tout bagay ki ladan yo, ni bagay ki pou aji ni bagay ki pou bsibi aksyon.

15 Epi pou rive nan abi etènèl li konsènan lèzòm, lè li te fin kreye premye paran nou yo, ak bèt gadinaj yo ak bèt volay yo, e alafen, tout bagay ki te kreye, se te nesesè pou gen yon opozisyon; menm pou bfwi cdefandi a nan opozisyon avèk dpyebwa lavi a; youn dous, lòt la anmè.

16 Se poutèt sa, Senyè Bondye a te pèmèt lèzòm achwazi pou tèt pa yo. Men, lèzòm pa t ap kapab chwazi pou tèt pa yo si yo pa t bnanmitan de bagay opoze.

17 Epi, mwen menm Leyi, daprè bagay m te li yo, m sipoze te gen yon azanj Bondye, daprè sa ki ekri, ki te btonbe sòti anlè nan syèl la; se poutèt sa, li te tounen yon dyab, paske li te chèche fè move bagay devan Bondye.

18 Epi paske li te tonbe sòti anlè nan syèl la, e li te vin mizerab pou tout tan, li te achèche mizè pou tout limanite. Se poutèt sa, li te di bÈv konsa, wi, sèpan sa a menm, ki se dyab la, ki se papa tout cmanti yo te di: Manje nan fwi defandi a, e w p ap mouri, okontrè w ap vin tankou Bondye, w ap dkonnen byen ak mal.

19 Epi apre Adan ak Èv te fin amanje nan fwi defandi a, yo te oblije sòti kite jaden bEdenn nan pou yo kiltive tè a.

20 Epi yo te fè pitit; wi, tout afanmi ki sou tè a.

21 Epi jou pitit alèzòm te pwolonje, daprè volonte Bondye, pou yo kapab brepanti pandan yo nan kò fizik la; se poutèt sa, kondisyon yo te vin yon kondisyon ceprèv, e tan yo te pwolonje daprè kòmandman Senyè Bondye a te bay pitit lèzòm. Paske li te bay kòmandman pou tout moun repanti; paske li te montre tout moun yo te dpèdi, poutèt transgresyon paran yo.

22 Epi, kounyeya, gade si Adan pa t transgrese li pa t ap tonbe, men li t ap rete nan jaden Edenn nan. Epi tout bagay ki te kreye t ap rete menm jan yo te ye apre yo te fin kreye a; yo t ap rete konsa pou tout tan e yo pa t ap gen fen.

23 Epi yo pa t ap gen apitit; konsa yo t ap rete nan yon kondisyon inosans, yo pa t ap gen lajwa, paske yo pa t konnen lamizè, yo pa t ap fè byen, paske yo pa t konnen peche.

24 Men, gade, tout bagay te fèt nan lasajès moun ki akonnen tout bagay la.

25 aAdan te btonbe pou lèzòm te kapab fèt; e lèzòm te cfèt pou yo kapab gen dlajwa.

26 Epi aMesi a vini nan plenitid tan yo, pou l kapab brachte pitit lèzòm yo anba transgresyon an. Epi poutèt yo rachte anba transgresyon an, yo vin clib pou tout tan, paske yo vin konnen byen ak mal; pou yo kapab chwazi pou tèt pa yo, non pa pou moun chwazi pou yo, eksepte anba pinisyon dlalwa a nan gran ak dènye jou a, daprè kòmandman Bondye bay yo.

27 Se poutèt sa, lèzòm alib daprè kò fizik la; e yo resevwa tout bagay ki nesesè pou moun. Epi yo lib pou yo bchwazi libète ak lavi cetènèl pa mwayen gran Medyatè a ki pou tout moun nan, oubyen yo kapab chwazi kaptivite ak lanmò, daprè kaptivite ak pouvwa dyab la; paske li chèche pou l fè tout moun mizerab tankou tèt pa l.

28 Epi kounyeya, pitit gason m yo, m ta vle pou nou apiye sou gran aMedyatè a, koute gran kòmandman li yo e rete fidèl nan pawòl li yo, epi chwazi lavi etènèl daprè volonte Lespri Sen li a.

29 Epi pa chwazi lanmò etènèl, daprè volonte kò fizik la ak mal ki ladan l, ki bay lespri dyab la pouvwa pou l akaptire, pou l mennen nou desann nan blanfè, pou l kapab gouvène sou nou nan wayòm pa l.

30 M te pale kèk pawòl sa yo avèk nou tout, pitit gason m yo, nan dènye jou eprèv mwen an; e m te chwazi bon pati a daprè pawòl pwofèt la. Epi m pa gen onkenn lòt rezon, eksepte poutèt byen nanm nou pou tout tan. Amèn.