Ekriti yo
1 Nefi 15


Chapit 15

Desandan Leyi yo gen pou resevwa levanjil la nan men Janti yo nan dènye jou yo—rasanbleman Izrayèl la yo avèk yon pye oliv lè branch natirèl li yo pral grefe sou li ankò—Nefi entèprete vizyon pyebwa lavi a, e li pale konsènan lajistis Bondye fè, lè li separe mechan yo avèk jis yo. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, apre m te fin anpòte nan Lespri a, epi m te fin wè tout bagay sa yo, m te retounen nan tant papa m nan.

2 Epi, se te konsa, m te wè frè m yo, e yo t ap diskite youn avèk lòt konsènan bagay papa m te pale yo.

3 Paske li te reyèlman pale yo anpil gran bagay, ki te difisil pou yon moun akonprann, si li pa t mande Senyè a; e kè yo te di, se poutèt sa, yo pa t mande Senyè a.

4 Epi, mwen menm Nefi, m te gen chagren poutèt frè m yo te fè kè di; e poutèt bagay m te wè yo, paske m te konnen y ap rive kanmèm poutèt gwo mechanste pitit lèzòm yo.

5 Epi, se te konsa, aafliksyon te anvayi m, paske m konsidere afliksyon m yo pi gwo pase tout bagay, poutèt bdestriksyon pèp mwen an, paske m te wè dekadans yo.

6 Epi, se te konsa, apre m te fin resevwa afòs, m te pale avèk frè m yo, pou m kapab konnen poukisa yo t ap diskite.

7 Epi yo te di: Nou pa kapab konprann pawòl papa nou te pale konsènan branch natirèl pye oliv la epi tou konsènan Janti yo.

8 Epi, m te di yo: Èske nou te amande Senyè a?

9 Epi, yo te di m: Non, paske Senyè a pa fè nou konnen bagay konsa.

10 Epi, m te di yo: Kòman nou fè pa respekte kòmandman Senyè a yo? Gade kòman nou pral peri, poutèt kè nou adi?

11 Èske n pa sonje bagay Senyè a te di yo?—Si nou pa fè kè di, si nou amande m avèk lafwa, si nou kwè n ap resevwa, si nou respekte kòmandman m yo avèk dilijans, reyèlman n ap konnen bagay sa yo.

12 Gade, m di nou konsa, Lespri Senyè a ki te sou papa nou an te konpare kay Izrayèl la avèk yon pye oliv; epi gade, èske nou pa sòti nan kay Izrayèl la, e èske nou pa youn abranch nan kay Izrayèl la?

13 E kounyeya, papa nou te pale konsènan grèf branch natirèl yo nan totalite Janti yo; li vle di, nan dènye jou yo, lè adesandan nou yo fin dejenere nan enkwayans, wi, pandan anpil ane, e anpil jenerasyon apre bMesi a fin manifeste tèt li fizikman nan pami pitit lèzòm; lè sa a, plenitid clevanjil Mesi a pral vin jwenn Janti yo, epi sòti nan men dJanti yo pou l al jwenn rès desandan nou yo—

14 Epi, jou sa a, rès adesandan nou yo pral konnen yo fè pati kay Izrayèl la, e yo se pèp balyans Senyè a; e lè sa a yo pral konnen e yo pral vin gen ckonesans konsènan zansèt yo, ak konsènan levanjil Redanmtè yo a te bay papa yo a. Se poutèt sa, yo pral vin konnen Redanmtè yo a, levanjil Redanmtè a te preche zansèt yo a; se poutèt sa, y ap vin gen konesans konsènan Redanmtè yo a ak pwen egzat ki nan doktrin li a, pou yo konnen kòman pou yo vin jwenn li, pou yo kapab sove.

15 Epi, jou sa a, èske yo p ap rejwi, e èske yo p ap bay louwanj pou Bondye etènèl yo a ki se afondasyon yo ak sali yo? Wi, jou sa a, èske yo p ap resevwa fòs ak nouriti nan vrè btij la? Wi, èske yo p ap vin jwenn vrè twoupo Bondye a?

16 Gade, m di nou, Wi; yo pral fè pati nan pami kay Izrayèl la ankò; yo pral agrefe sou li, paske yo se branch natirèl pye oliv la, nan vrè pye oliv la.

17 Se sa papa nou vle di; li vle di sa p ap rive anvan Janti yo ta fin dispèse yo; e li vle di Senyè a pral fè Janti yo fè sa pou l kapab montre Janti yo pouvwa l poutèt Juif yo oubyen kay Izrayèl la pral arejte l.

18 Se poutèt sa, papa nou pa pale sèlman konsènan desandan nou yo, men li pale konsènan tout kay Izrayèl la tou, li fè sonje alyans ki te gen pou akonpli nan dènye jou yo; alyans Senyè a te fè avèk papa nou Abraram, lè l te di: Tout fanmi sou tè a pral beni akoz adesandan ou yo.

19 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te pale anpil avèk frè m yo konsènan bagay sa yo; wi, m te pale avèk yo konsènan arestorasyon Juif yo nan dènye jou yo.

20 Epi, se te konsa, m te repete pawòl aEzayi yo pou yo; Ezayi te pale konsènan restorasyon Juif yo oubyen kay Izrayèl la; epi lè yo te fin restore, yo pa t ap janm tonbe nan konfizyon ankò, ni tou yo pa t ap janm dispèse ankò. Epi, m te pale frè m yo anpil pawòl, se sa ki fè yo te vin dou, e yo te vin gen bimilite devan Senyè a.

21 Epi, se te konsa, yo te pale avèk mwen ankò, yo te di: Kisa sa vle di bagay papa nou te wè nan rèv la? Kisa sa vle di apyebwa li te wè a?

22 Epi, m te di yo: Se te youn reprezantasyon apyebwa lavi a.

23 Epi, yo te di m: Kisa abafè papa nou te wè ki mennen nan pyebwa a vle di?

24 Epi, m te di yo se apawòl Bondye; e nenpòt moun ki koute pawòl Bondye, e ki bkenbe l fèm, li p ap janm peri; ni tou ctantasyon ak dflèch dife eadvèsè a pa kapab vegle je yo pou mennen yo nan destriksyon.

25 Se poutèt sa, mwen menm Nefi, m te egzòte yo pou yo akoute pawòl Senyè a; wi, m te egzòte yo avèk tout enèji nanm mwen, e avèk tout fakilte m posede pou yo koute pawòl Bondye e pou yo toujou sonje respekte kòmandman li yo nan tout bagay.

26 Epi yo te di m: Kisa sa vle di arivyè dlo papa nou te wè a?

27 Epi, m te di yo konsa, adlo papa m te wè a se te bsalte; e li tèlman mete lide l sou lòt bagay, li pa t wè salte dlo a.

28 Epi, m te di yo se te youn agouf terib ki te separe mechan yo avèk pyebwa lavi a, e avèk sen Bondye yo.

29 Epi, m te di yo li reprezante alanfè terib zanj la di m ki te prepare pou mechan yo.

30 Epi, m te di yo konsa papa nou te wè, alajistis Bondye te separe mechan yo avèk jis yo tou; e klète lajistis la tankou klète yon flanm dife k ap monte kote Bondye pou tout tan epi ki pa gen finisman.

31 Epi, yo te di m: Èske bagay sa a vle di touman kò a nan jou aeprèv yo, oubyen èske sa vle di eta final nanm nan apre blanmò kò tanporèl la; oubyen èske li pale konsènan bagay ki tanporèl?

32 Epi, se te konsa, m te di yo konsa, se te yon reprezantasyon ni bagay tanporèl epi ni bagay espirityèl; paske, gen yon jou k ap vini, yo dwe pase anba jijman pou azèv yo, wi, menm zèv kò tanporèl la te fè pandan jou eprèv yo.

33 Se poutèt sa, si yo ta amouri nan mechanste yo, y ap bchase yo tou, daprè bagay espirityèl ki gen rapò avèk lajistis; se poutèt sa yo dwe prezante pou yo kanpe devan Bondye, pou l kapab cjije yo daprè dzèv yo; e si zèv yo te sal, yo dwe vin esal; e si yo sal, yo pa kapab frete nan wayòm Bondye a; pou sa ta posib, se pou wayòm Bondye a ta sal tou.

34 Men, gade m di nou wayòm Bondye a pa asal, e okenn bagay sal pa kapab antre nan wayòm Bondye a; se poutèt sa, dwe gen yon kote sal, ki prepare pou sa ki sal.

35 Epi, gen yon kote ki prepare, wi, alanfè terib sa a menm m te pale a, e se bdyab la ki prepare l; se poutèt sa, dènye objektif nanm yon moun se pou l rete nan wayòm Bondye, oubyen pou yo chase l poutèt clajistis m t ap pale a.

36 Se poutèt sa yo rejte mechan yo nan pami jis yo, e yo rejte yo lwen apyebwa lavi a, ki gen fwi pi bon e pi bdezirab pase tout lòt fwi; wi, e se pi cgran dkado Bondye. Epi, se konsa m te pale avèk frè m yo. Amèn.