Ekriti yo
1 Nefi 10


Chapit 10

Leyi predi Babilonyen yo pral fè Juif yo prizonye—Li pale konsènan aparisyon yon Mesi, yon Sovè, yon Redanmtè nan pami Juif yo—Leyi pale tou, konsènan aparisyon moun ki gen pou batize Ti mouton Bondye a—Leyi pale konsènan lanmò ak rezirèksyon Mesi a—Li konpare dispèsyon ak rasanbleman Izrayèl la avèk yon pye oliv—Nefi pale konsènan Pitit Gason Bondye a, don Sentespri a ak nesesite pou lajistis. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 E, mwen menm Nefi, m pral rakonte sou aplak sa yo, zafè pa m, epi gouvènman m ak ministè m; men, pou m kòmanse avèk istwa m nan, m dwe yon jan pale, konsènan bagay papa m yo ak frè m yo tou.

2 Paske reyèlman, se te konsa, lè papa m te fin rakonte pawòl arèv li a, epi lè l te fin egzòte frè m yo pou yo gen dilijans, li te pale yo konsènan Juif yo—

3 Lè yo fin detwi, gwo vil aJerizalèm nan, menm lè yo fin bmennen anpil moun prizonye nan cBabilòn daprè kalandrye Senyè a te prevwa Juif yo pral dretounen ankò, wi, yo pral mennen yo sòti nan prizon; e lè yo fin mennen yo sòti nan prizon, yo pral genyen tè eritaj yo a ankò.

4 Wi, menm asissanzan apre papa m te fin kite Jerizalèm, yon bpwofèt Senyè Bondye a t ap leve nan pami Juif yo—sa vle di yon cMesi oubyen m ta di, yon Sovè pou mond lan.

5 Epi tou li te pale konsènan pwofèt yo; kòman yon pakèt ladan yo te atemwaye konsènan bagay sa yo, konsènan Mesi sa a li te pale a, oubyen Redanmtè sa a ki pou mond lan.

6 Se poutèt sa, tout limanite te nan yon eta pèdi ak adekadans, e yo t ap toujou rete nan eta sa a si yo pa depann sou Redanmtè sa a.

7 Epi tou, li te pale konsènan yon apwofèt k ap vini anvan Mesi a pou prepare chemen Senyè a—

8 Wi, li t apral menm rele nan dezè a: aPrepare chemen Senyè a, fè wout li plat a; paske gen yon moun nan pami nou, ke nou pa konnen; e li pi puisan pase m, m pa diy pou m demare lasèt soulye l. Epi, papa m pale anpil konsènan bagay sa a.

9 Epi, papa m te di pwofèt sa a gen pou l batize moun nan aBetabara, lòtbò Jouden an; e li di konsa li pral bbatize moun nan dlo; e li menm gen pou l batize Mesi a nan dlo.

10 Epi, lè l fin batize Mesi a nan dlo, l ap konnen e l ap rann temwayaj li te batize Ti aMouton Bondye a ki gen pou l retire peche mond lan.

11 Epi, se te konsa, lè papa m te fin pale pawòl sa yo, li te pale avèk frè m yo konsènan levanjil la ki te gen pou preche nan pami Juif yo, epi konsènan adejeneresans Juif yo nan benkwayans. Epi lè yo te fin ctouye Mesi ki gen pou l vini an, lè yo fin touye l, l ap dresisite nan mitan mò yo pou l fè Janti yo konnen l atravè eSentespri a.

12 Wi, papa m menm te pale anpil konsènan Janti yo, e konsènan kay Izrayèl la. Yo te gen pou yo konsidere tankou yon apye oliv ki gen tout branch li kase, bdispèse sou tout sifas tè a.

13 Se poutèt sa li te di, se nesesè pou nou mache ansanm ale nan atè pwomiz la pou pawòl Senyè a kapab akonpli, pou nou kapab dispèse sou tout sifas tè a.

14 Epi, lè kay Izrayèl la fin dispèse yo pral arasanble ansanm ankò, oubyen, nan dènye moman, lè bJanti yo fin resevwa plenitid levanjil la, branch natirèl yo ki nan cpye oliv la, oubyen rès kay Izrayèl la pral grefe ladan l, oubyen li pral vin konnen vrè Mesi a, Senyè li a, ak Redanmtè li a.

15 Epi, se avèk kalite langaj sa a papa m te pwofetize, li te pale avèk frè m yo, e li te di yo anpil lòt bagay m pa ekri nan liv sa a. Paske m te ekri tout sa ki te nesesè pou mwen nan alòt liv mwen an.

16 Tout bagay sa yo m fèk pale a te pase lè papa m te rete anba yon tant, nan vale ki rele Lemyèl la.

17 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, lè m te fin tande tout apawòl papa m yo konsènan bagay yo li te wè nan bvizyon an, ak tout pawòl li te pale avèk pouvwa Sentespri a, pouvwa li te resevwa akoz lafwa li te genyen nan Pitit Gason Bondye a—epi Pitit Gason Bondye a se te cMesi ki te gen pou L vini an—mwen menm Nefi, m te vle wè, tande, epi konnen bagay sa yo avèk pouvwa dSentespri a, ki se kado Bondye bay tout moun ki chèche l avèk edilijans kit nan tan fpase ak lè l ap manifeste tèt li devan pitit lèzòm.

18 Paske li se amenm ayè, jodi a, pou tout tan; e chemen an prepare pou tout moun depi nan fondasyon mond lan, si yo repanti e si yo vin jwenn li.

19 Paske, yon moun ki chèche avèk dilijans ap jwenn; amistè Bondye yo ap louvri devan l avèk pouvwa bSentespri a kit kounyeya ak nan tan lontan, kit nan tan lontan ak tan k ap vini; paske cchemen Senyè a se yon wonn etènèl.

20 Se poutèt sa, sonje, O mesye pou tout sa ou fè ou dwe prezante pou ajijman.

21 Se poutèt sa si ou te chèche fè mechanste nan jou aeprèv ou yo, lè sa a ou bpap pwòp devan fotèy jijman Bondye a; e anyen sal pa kapab rete avèk Bondye; se poutèt sa y ap chase ou pou tout tan.

22 Epi Sentespri a bay otorite pou m pale bagay sa yo, e ni pou m pa nye yo.