Enstriksyon pou Kourikoulòm
Enstriksyon pou Pwogram 2021 an


“Enstriksyon pou Pwogram 2021 an,” Enstriksyon pou Pwogram 2021 (2020)

“Enstriksyon pou Pwogram 2021 an,” Enstriksyon pou Pwogram 2021

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Enstriksyon pou Pwogram 2021 an

Dokiman sa a gen lis materyèl n ap itilize pou pwogram ane 2021 an nan Legliz la. Tout materyèl sa yo disponib nan app Bibliyotèk levanjil la ak nan ComeFollowMe.ChurchofJesusChrist.org. Yo mansyone nouvo atik pou ane 2021 an.

Moun yo ak Fanmi yo

NOUVO Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (16587)

Si manm nan inite w yo pale Hiligaynon, Cingalais, Turc, Hindi, Tamoul, Télougou, oswa Ourdou, itilize Vini, Suiv mwen — Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2021 (16899).

Primè

Klas Gadri (Laj 18 Mwa–2 zan)

Gade timoun piti nou yo: Manyèl Gadri (37108)

Peryòd Chante ak tout Klas Primè (Laj 3-11)

NOUVO Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (16588)

Si manm nan inite w yo pale Amharique, Hiligaynon, Hindi, Hmong, Islandais, Laotien, Lingala, Serbe, Shona, Cingalais, Slovaque, Slovène, Tamoul, Télougou, Turc, Ourdou, Xhosa, oswa Zoulou, adapte ide nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou itilizasyon nan Primè, oubyen itilize lòt manyèl Legliz pou timoun yo.

Lekòldidimanch

Lekòldidimanch pou Adilt ak Jèn yo

NOUVO Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (16589)

Si manm nan inite w yo pale Amharique, Hiligaynon, Hindi, Hmong, Islandais, Laotien, Lingala, Serbe, Shona, Cinghalais, Slovaque, Slovène, Tamoul, Telougou, Turc, Ourdou, Xhosa, oswa Zoulou, adapte ide ki nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou itilize nan Lekòldidimanch, oubyen itilize lòt manyèl Legliz la.

Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou

Aprann nan Mesaj Konferans Jeneral yo” (vèsyon enprime disponib nan revi konferans Ensign oswa Liahona yo).

Si manm nan inite w yo pale Amharique, Hiligaynon, Hindi, Hmong, Islandais, Laotien, Lingala, Serbe, Shona, Singalais, Slovaque, Slovène, Tamoul, Télougou, Turc, Ourdou, Xhosa, oswa Zoulou, chwazi pou w anseye nan diskou dènye mesaj konferans jeneral ki reponn bezwen kowòm ansyen w lan oswa Sosyete Sekou w la, oubyen itilize lòt manyèl Legliz la.

Prètriz Aawon ak Jènfi

NOUVOU Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (16639)

Si manm nan inite w yo pale Amharique, Hiligaynon, Hindi, Hmong, Islandais, Laotien, Lingala, Serbe, Shona, Singalais, Slovaque, Slovène, Tamoul, Télougou, Turc, Xhosa, Zoulou, oswa Ourdou, itilize leson ki nan chapit-3 nan Preche Levanjil Mwen an (16229). Ou ta gen dwa itilize mesaj nan dènye konferans jeneral la ki reponn ak bezwen jèn ou yo tou.

Tout òganizasyon yo

Reyinyon Konsèy Enstriktè

Anseye nan fason Sovè a

Lòt Klas (si manyèl yo disponib)

Klas pou fòtifye maryaj ak fanmi, preparasyon pou tanp, ak preparasyon misyonè yo p ap fèt pandan dezyèm èdtan an nan Legliz la ankò. Sepandan, selon sa evèk la deside epi baze sou bezwen lokal yo, yo ka anseye klas sa yo nan lòt lè pou moun endividyèlman, pou fanmi, oubyen pou gwoup moun.

Maryaj ak Relasyon Familyal

Manyèl Maryaj ak Relasyon Familyal pou Enstriktè (35865) ak Gid Etid pou Patisipan nan Klas Maryaj ak Relasyon Familyal (36357)

Preparasyon pou tanp

Dote nan men Anwo: Manyèl Preparasyon Tanp pou Enstriktè a (36854) ak Prepare pou antre nan tanp sakre a (36793)

Enstriksyon pou Kòmande Pwogram Anyèlman

Pou ane 2021 an, evèk yo ak prezidan branch yo ap resevwa kopi enprime Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou yo distribye bay manm nan inite yo. Y ap resevwa yon kopi pou chak fwaye ki aktif nan inite yo a. Inite lokal yo p ap peye anyen pou kopi sa yo. Sepandan, inite yo ap bezwen fè kòmand epi peye pou kopi manyèl enprime pou yo itilize nan Primè, Lekòldidimanch, ak Prètriz Aawon ak Jènfi yo.

Ou kapab kòmande materyèl pou inite w la apati 30 Jen 2020. Tanpri plase kòmand ou a pa pita ke 31 Out 2020. Si w kòmande materyèl apre dat sa a, ou gen dwa pa jwenn yo anvan 1e Janvye 2021. Pou komande materyèl enprime yo, ale nan store.ChurchofJesusChrist.org, klike sou Inite ak Apèl, epi chwazi Pwogram Anyèl.

Konsidere kesyon sa yo pou ede w evite kòmande plis kopi enprime pase sa ki nesesè:

  • Konbyen kopi enprime pou chak nan manyèl sa yo inite w la deja gen disponib?

  • Konbyen enstriktè ki itilize vèsyon dijital manyèl yo olye de manyèl enprime yo?

Materyèl pou Moun ki Andikape

Gen materyèl an fòma odyo, an bray, ak an gwo lèt ki disponib nan store.ChurchofJesusChrist.org tou.